Ki sa bèt ki gen koulè wouj vif Revelasyon 17 la reprezante?
Repons Bib la bay
Bèt ki gen koulè wouj vif Revelasyon 17 la reprezante òganizasyon ki gen objektif pou l ini nasyon yo nan monn nan e pou l reprezante yo. Anvan sa, yo te rekonèt li sou non Sosyete Nasyon yo, e kounye a se li menm ki Nasyonzini an.
Fason pou n idantifye bèt ki gen koulè wouj vif la
Yon òganizasyon politik. Bèt ki gen koulè wouj vif la gen “sèt tèt” yo di ki reprezante “sèt mòn” e li gen “sèt wa”, oswa dominasyon (Revelasyon 17:9, 10). Bib la konn sèvi ak senbòl tankou mòn oswa bèt pou l pale de gouvènman. — Jeremi 51:24, 25; Dànyèl 2:44, 45; 7:17, 23.
Yon senbòl ki reprezante sistèm politik monn nan. Bèt ki gen koulè wouj vif la sanble ak bèt sèt tèt Revelasyon chapit 13 pale de li a ki reprezante sistèm politik monn nan. Toule de bèt sa yo gen sèt tèt, dis kòn, e non ki sou li yo se blasfèm (Revelasyon 13:1; 17:3). Se pa yon chans ki fè de bèt sa yo sanble konsa. Bèt ki gen koulè wouj vif la se yon imaj oswa yon senbòl ki reprezante sistèm politik monn nan. — Revelasyon 13:15.
Lòt gouvènman ba l pouvwa. Bèt ki gen koulè wouj vif la “soti nan” yon seri lòt gouvènman oubyen l vin egziste grasa yo. — Revelasyon 17:11, 17.
Li makònen ak relijyon. Gran Babilòn nan, ki reprezante fo relijyon yo nan monn nan, chita sou bèt ki gen koulè wouj vif la, sa ki montre gen gwoup relijye k ap enfliyanse bèt la. — Revelasyon 17:3-5.
Li dezonore Bondye. Bèt sa a “chaje ak non [...], e tout non ki [...] sou li yo se te blasfèm”. — Revelasyon 17:3.
L ap inaktif pou yon ti tan. Bèt ki gen koulè wouj vif la gen pou l al “nan gwo twou san fon an a”, oubyen l gen pou l vin inaktif pandan yon tan, men apre sa li gen pou l monte ankò. — Revelasyon 17:8.
Pwofesi biblik ki akonpli
Ann wè ki jan pwofesi Bib la te anonse sou bèt ki gen koulè wouj vif la te akonpli sou Nasyonzini ansanm ak òganizasyon ki te la anvan l lan, anpalan de Sosyete Nasyon yo.
Yon òganizasyon politik. Nasyonzini kolabore ak sistèm politik la lè l garanti “dwa tout manm ki ladan l yo b.”
Yon senbòl ki reprezante sistèm politik monn nan. An 2011, Nasyonzini te aksepte yon 193yèm manm. Konsa, li fè konnen li reprezante pifò nasyon ak pèp nan monn nan.
Lòt gouvènman ba l pouvwa. Se lòt nasyon ki manm Nasyonzini yo ki fè li egziste e kantite pouvwa ak otorite li genyen depann de sa nasyon sa yo ba li.
Li makònen ak relijyon. Sosyete Nasyon yo ak Nasyonzini te toujou jwenn sipò relijyon yo nan monn nan c.
Li dezonore Bondye. Objektif Nasyonzini, se fè “lapè ak sekirite blayi toupatou sou tè a d”. Objektif sa a parèt bèl, men, òganizasyon sa a dezonore Bondye paske l pretann l ap fè yon bagay ke sèl Wayòm Bondye a ka fè. — Sòm 46:9; Dànyèl 2:44.
L ap inaktif pou yon ti tan. Sosyete Nasyon yo, ki te fòme yon tikras tan apre Premye Gè mondyal la nan objektif pou l tabli lapè, pa t ka anpeche zak maspinay fèt sou tè a. Lè Dezyèm Gè mondyal la te kòmanse an 1939, li te sispann fonksyone. An 1945, apre Dezyèm Gè mondyal la, yo te fòme Nasyonzini. Objektif li, metòd li, ak fason yo òganize l, fè l sanble tèt koupe ak Sosyete Nasyon yo.
a Dapre yon diksyonè Labib, mo grèk lè yo tradui l yo mete “twou san fon” pou li a bay ide “yon pwofondè moun pa ka mezire”. (Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words.) Bib Wa Jak la mete “twou san fon” pou mo sa a. Nan Bib la, ekspresyon sa a gen rapò ak yon prizon oubyen yon sitiyasyon kote ki pa gen okenn aktivite.
b Gade atik 2 nan konstitisyon Nasyonzini an.
c Pa egzanp, an 1918, te gen yon konsèy ki reprezante plis pase douz legliz pwotestan ann Amerik ki te fè konnen Sosyete Nasyon yo se “yon senbòl politik ki repranzante wayòm Bondye a sou tè a.” An 1965, kèk reprezantan relijyon Boudis, Katolik, legliz Òtodòks delès, Endou, Islam, Jidayis, ak Pwotestan te reyini Sann Fransisko pou yo ka bay Nasyonzini sipò yo e pou yo priye pou li. An 1979, pap Jan Pòl II te di li swete pou Nasyonzini toujou rete “pi gwo tribin moun reyini pou yo pale de lapè ak lajistis.”
d Gade atik 1 nan konstitisyon Nasyonzini an.