Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | JOZÈF

‘Ki jan m ta ka fè yon gwo bagay mal konsa?’

‘Ki jan m ta ka fè yon gwo bagay mal konsa?’

JOZÈF t ap respire yon lè ki lou e ki cho, li t ap pran sant flè lotis k ap boujonnen ak sant lòt plant ki leve nan dlo. Se yon seri komèsan ki t ap mennen li, kounye a, y ap travèse plèn ki nan zòn dèlta Nil la, yon zòn ki gwo anpil. Imajine yon pakèt gason k ap mache an liy ak chamo yo bò yon rivyè pou yo ale nan yon lòt vil nan peyi Ejip. Pafwa, yo sote sou yon poul dlo k ap mache oswa sou yon zwazo ki rele ibis k ap vole. Yon lòt fwa ankò, Jozèf te sonje lakay li ki nan mòn Ebwòn, yon zòn ki gen anpil van, ki nan yon distans plizyè santèn kilomèt. Kounye a, li te nan yon monn diferan.

Imajine makak k ap fè bri e k ap rele sou tèt pye fig yo ak pye palmye yo. Sanble Jozèf pa t twò konprann pawòl moun k ap pase yo t ap di. Petèt li te fè sa l kapab pou li kapte kèlkeswa mo oswa ekspresyon li te rive tande. Li ka te aprann kèk bagay tou. Sepandan, tout sa Jozèf te konnen sèke li pa t ap janm wè lakay li ankò.

Jozèf te yon jèn gason ki pa t gen plis pase 17 oswa 18 an, poutan, li te fè fas ak yon seri eprèv ki te ka fè anpil granmoun pè. Frè Jozèf yo te manke touye Jozèf paske yo te jalou poutèt papa yo te pi renmen Jozèf pase yo. Finalman, yo te vann li bay yon seri komèsan pito (Jenèz 37:2, 5, 18-28). Kounye a, apre yon vwayaj ki dire plizyè semèn, sanble kè komèsan yo te vin pi kontan toujou paske yo te prèske rive nan gwo vil kote yo t apral vann Jozèf ansanm ak tout machandiz yo te pote yo, konsa, yo t apral fè anpil benefis. Ki sa Jozèf te fè pou l pa t kite dezespwa anvayi kè l e pou l pa t dekouraje? Jodi a, ki jan nou ka anpeche difikilte ki gen nan lavi a ansanm ak desepsyon nou pran detwi lafwa nou? Nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozèf.

‘JEWOVA TE AVÈK JOZÈF’

“Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l nan men yo.” ​(Jenèz 39:1). Se ak pawòl sa yo Bib la ede nou imajine imilyasyon jèn gason sa a te pran lè yo te vann li yon lòt fwa ankò. Li te vin yon senp byen moun posede! Nou ka imajine Jozèf k ap suiv nouvo mèt li a, yon fonksyonè ejipsyen nan lakou wa a, nan yon seri lari ki gen anpil aktivite e ki chaje ak biznis. Li t ap mennen Jozèf nan nouvo kay li a.

Kay li! Se dènye kote Jozèf t ap rele kay li. Jozèf te grandi nan yon fanmi ki t ap mennen yon vi nomad, yo te abite anba tant paske yo te toujou ap deplase e yo te konn gade mouton. Men, Potifa ansanm ak Ejipsyen ki rich yo t ap viv nan yon seri bèl kay ki pentire ak koulè vif. Akeyològ yo fè konnen Ejipsyen nan tan lontan yo te renmen liks, yo te renmen jaden ki klotire ak plant ki bay lonbray e ki gen basen ki yon kote kalm pou yo te ka kiltive papiris, lotis ak lòt plant ki leve nan dlo. Gen kèk kay yo te fè yon ti kote apa nan jaden yo ki te gen galri kote moun te ka pran bonjan van. Kay sa yo te gen gwo fenèt pou van te ka pase e yo te gen anpil pyès, pami yo te gen yon gwo salamanje e te gen kote pou sèvitè yo rete.

Èske pil liks sa yo te fè gwo enpresyon sou Jozèf? Sanble sa pa t briding li. Petèt, bagay ki te pi rèd pou Jozèf se jan l te santi l poukont li. Ejipsyen yo te parèt etranj pou li nan fason yo pale, nan fason yo abiye, nan aparans yo e menm nan fason yo adore. Ejipsyen yo te konn adore yon pakèt dye, yo te konn pratike maji ak bagay ki gen rapò ak movèzespri, e yo te enterese anpil nan kesyon ki gen rapò ak lanmò ansanm ak sa ki rive apre lanmò. Sepandan, gen yon bagay ki te ede Jozèf pou l pa t kite solitid pote l ale. Bib la di nou: “[Jewova] te kanpe la avèk Jozèf.” ​(Jenèz 39:2). Se sèten Jozèf te vide kè l bay Bondye. Bib la fè konnen “[Jewova] kanpe toupre moun k’ap rele l”. (Sòm 145:18.) Ki lòt bagay Jozèf te fè ki te ede l rete pwòch ak Bondye?

Jèn gason sa a pa t kite dekourajman pote l ale, e li te fè tout sa l kapab pou l byen fè travay li. Konsa, li te bay Jewova anpil okazyon pou l beni l. Sa pa t pran tan pou Jozèf te jwenn favè nouvo mèt li a. Potifa te wè Jewova, Bondye pèp Jozèf la, beni jèn sèvitè l la, e se sèten, benediksyon sa yo te fè Ejipsyen sa a vin pi rich. Tikras pa tikras, Potifa te vin fè Jozèf plis konfyans jiskaske li te konfye Jozèf, jèn gason sa a ki te gen konpetans, tout sa li te posede. — Jenèz 39:3-6.

Jozèf kite yon bèl egzanp pou tout jèn k ap sèvi Bondye jodi a. Pa egzanp, lè yo lekòl, pafwa yo ka santi yo etranj, yo poukont yo nan yon monn ki enterese nan pratik ki gen rapò ak movèzespri, yon monn kote moun yo gen yon move pwennvi sou lavi e yo sanzespwa. Si w nan yon sitiyasyon konsa, sonje Jewova pa chanje (Jak 1:17). Li toujou avèk tout moun ki montre yo fidèl anvè l e k ap travay di pou yo fè l plezi. Li beni yo anpil, e l ap fè menm bagay la pou ou.

Antretan, istwa a aprann nou Jozèf te vin gen matirite. Jèn gason sa a te vin yon òm e li te vin “yon bèl gason byen kanpe”. Pawòl sa yo montre te gen danje ki t apral rive, paske, byen souvan, bote fizik se yon don ki lakòz moun jwenn atansyon yo pa t anvi genyen, yon atansyon ki pa apwopriye.

Madan Potifa te remake Jozèf te yon jèn gason ki fidèl.

“JOZÈF TE TOUJOU DEREFIZE”

Jozèf te bay fidelite anpil valè. Sepandan, madanm Potifa pa t bay fidelite enpòtans. Men sa nou li: “Madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l: ‘Vin kouche avè m non!’” ​(Jenèz 39:7). Èske Jozèf te tante pou l aksepte gwo avans madanm sa a ki te yon payen te fè l? Bib la pa di anyen ki ta fè kwè Jozèf te pwoteje kont dezi ak gwo bezwen ki kouran lakay jèn gason yo. Ni Bib la pa di madanm sa a, yon madanm yo dòlote, ki marye ak yon fonksyonè ki rich e ki gen gwo enfliyans nan lakou wa a te yon fi ki lèd. Èske Jozèf t ap met nan tèt li mèt li pa t ap janm konnen? Èske l t ap kite avantaj materyèl li te ka jwenn nan relasyon imoral sa a tante li?

Anfèt, nou pa ka konnen tout sa ki te pase nan tèt Jozèf. Men, gen yon bagay ki montre aklè sa li te gen nan kè l. Sa parèt klè nan repons li te bay la: “Mèt mwen an pa okipe anyen k’ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m. Mwen gen menm otorite avè l nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esèpte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m fè yon bagay konsa, pou m fè peche sa a kont Bondye?” ​(Jenèz 39:8, 9). Imajine jèn gason sa a k ap di pawòl sa yo avèk fòs e yon fason ki sensè! Menm lide pou l ta fè aksyon madanm nan te mande l fè a te fè l mal. Poukisa?

Jan Jozèf te di sa, mèt li a te fè l konfyans. Potifa te lage tout sa li te gen lakay li nan men Jozèf, li pa t refize l anyen sof madanm li. Ki jan Jozèf te ka trayi yon konfyans konsa? Li te rayi lide sa a. Men, gen yon lide ki te bay Jozèf plis degoutans: se lide pou l ta peche kont Jewova, Bondye l la. Paran Jozèf te aprann li anpil bagay sou pwennvi Bondye genyen konsènan maryaj ak fidelite. Jewova te fè premye maryaj ki te genyen an, e li te fè konnen sa l panse sou kesyon sa a yon fason klè. Yon mari dwe atache ak madanm li e yo dwe vin fè “yon sèl”. (Jenèz 2:24.) Moun ki t ap eseye kraze lyen sa a te riske sibi kòlè Bondye. Pa egzanp, gwo malè te manke rive ni mesye ki te manke vyole madanm Abraram nan, ki te gran grann Jozèf, ni mesye ki te manke vyole madanm Izarak la, ki te grann Jozèf (Jenèz 20:1-3; 26:7-11). Jozèf te byen konprann pwennvi Bondye genyen sou kesyon sa a, e li te vle respekte l.

Madan Potifa pa t kontan sa l te tande a. Poukisa? Jis imajine ti esklav sa a ki rejte òf madanm mèt li fè l la, anfèt, li di òf sa a se yon ‘gwo bagay mal’ li ye! Sepandan, madan Potifa te pèsiste. Petèt li te santi l blese, li te vekse, sa te fè l detèmine pou l fè non Jozèf te di l la tounen wi. Konsa, li te montre li gen menm etadespri ak Satan ki te tante Jezi. Satan te echwe nan tantasyon l lan tou, men, olye li te abandone, li te jis ap tann “yon lòt bon okazyon”. (Lik 4:13.) Kidonk, moun ki fidèl yo bezwen gen detèminasyon e yo dwe rete fèm. Se atitid sa a Jozèf te genyen. Byenke Jozèf t ap fè fas ak sitiyasyon sa a “chak jou”, li pa t sede. Men sa nou li: “Jozèf te toujou derefize.” ​(Se nou ki mete mo a ann italik; Jenèz 39:10). Sepandan, madan Potifa te detèmine pou l sedui Jozèf.

Li te chwazi yon moman kote tout sèvitè yo pa t nan kay la. Li te konnen Jozèf t ap gen pou l antre nan kay la pou l vin fè travay li. Lè Jozèf antre, madan Potifa te eseye pran l nan pyèj. Li kenbe rad li, li sipliye l yon lòt fwa ankò, li di l: “Kouche avè m.” Jozèf te reyaji byen vit. Li eseye soti anba men madanm nan ki te kenbe l, li fè bak, men madanm nan te kenbe rad li byen di. Jozèf rale kò l, li kite rad la nan men madanm nan. Apre sa, li kouri ale! — Jenèz 39:11, 12.

Istwa sa a ka fè nou sonje konsèy Bondye te enspire Pòl pou l bay ki di: “Kouri pou fònikasyon!” ​(1 Korentyen 6:18). Ala yon bèl egzanp Jozèf kite pou tout vrè kretyen yo! Sikonstans lavi a ka oblije nou viv toupre moun ki pa gen okenn respè pou lwa moral Bondye bay yo, men sa pa vle di nou oblije kite moun sa yo gen move enfliyans sou nou. Kèlkeswa konsekans sa ka genyen, nou dwe kouri pou yo.

Nan ka Jozèf la, konsekans yo te grav anpil. Madan Potifa te vle tire revanj. Menm kote a, li te pran rele, li te mande lòt sèvitè yo pou yo antre nan kay la. Li te fè yo konnen Jozèf te dèyè vyole l, men, lè l rele, Jozèf kouri. Li te kenbe rad Jozèf pou l te ka akize l epi li t ap tann mari l tounen. Lè Potifa vini, li ba li menm manti a, epi li fè Potifa konnen se li menm ki te lakòz tout sa k pase a paske li te mennen yon etranje nan kay la. Ki jan Potifa te reyaji? Men sa nou li: “Li move sou Jozèf.” Potifa te fè mete Jozèf nan prizon. — Jenèz 39:13-20.

“YO TE METE PYE L NAN SÈP”

Nou pa konnen anpil bagay sou fason prizon ejipsyen yo te ye nan epòk sa a. Akeyològ yo jwenn kèk anplasman kote prizon sa yo te ye. Se yon seri kay yo te fè tankou fòtrès ki gen plizyè selil ak plizyè kacho ladan yo. Annapre, pou Jozèf te dekri kote yo te fèmen l lan, li te sèvi ak yon mo ki vle di literalman twou, sa montre se yon kote ki pa t gen limyè e ki te an movèzeta (Jenèz 40:15). Nan liv Sòm nan, nou aprann Jozèf te sibi lòt move tretman ankò. Men sa nou li: “Yo te mete pye l nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li.” ​(Sòm 105:17, 18). Pafwa, Ejipsyen yo te konn mete bra prizonye yo pa dèyè do yo epi yo mete yon bagay nan koud yo ki anpeche yo fè mouvman. Gen lòt prizonye yo te konn mete yon fè ki sere toutotou kou yo. Se pa ti soufri Jozèf dwe te soufri paske yo t ap maltrete l alòske li pa t fè anyen pou l merite sa!

Sa k pi rèd la, se pa sa sèlman li te sibi. Istwa a fè konnen Jozèf te ‘rete nan prizon an’. Li te fè plizyè ane kote terib sa a *! Epitou li pa t konnen si yo t ap janm lage l. Ki sa Jozèf te fè pou l pa t pèdi espwa e pou l pa t dekouraje apre l te fin pase premye jou sa yo ki te chokan, apre sa semèn pase, apre sa mwa pase?

Men sa nou li nan istwa a ki ban nou asirans: “[Jewova] te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l.” ​(Jenèz 39:21). Pa gen okenn prizon, okenn sèp, ni okenn kacho ki ka anpeche Jewova demontre lanmou fidèl anvè sèvitè l yo (Women 8:38, 39). Nou ka imajine Jozèf k ap vide kè l bay Papa l ki nan syèl la nan lapriyè pou l esplike l gwo lapenn li genyen, apre sa, li vin gen lapè ak trankilite sèl “Bondye tout konsolasyon an” ka bay la (2 Korentyen 1:3, 4; Filipyen 4:6, 7). Ki lòt bagay Jewova te fè pou Jozèf? Istwa a fè konnen Jewova te fè ‘chèf prizon an gen konfyans nan Jozèf’.

Se sèten, yo te bay prizonye yo travay pou yo fè, yon lòt fwa ankò, Jozèf te bay Jewova yon okazyon pou l beni l. Jozèf te travay di, li te fè tout sa l kapab pou l te byen fè kèlkeswa travay yo te ba l fè, apre sa, li te kite bagay yo nan men Jewova. Grasa benediksyon Jewova, chèf prizon an te fè Jozèf konfyans e li te respekte l menm jan yo te fè l konfyans e yo te respekte l lè l te kay Potifa. Men sa nou li: “Li mete l veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an. Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li [pa t] bezwen okipe anyen ankò paske [Jewova] te la avèk Jozèf. [Jewova] te fè tout zafè l mache byen.” ​(Jenèz 39:22, 23). Se pa ti rekonfòte sa te rekonfòte Jozèf paske l te konnen Jewova t ap pran swen li!

Jozèf te travay di nan prizon an, epi Jewova te beni l.

Gen kèk bagay ki ka rive nan lavi nou ki akable nou. Nou ka menm sibi gwo enjistis, men nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozèf, yon moun ki te gen lafwa. Si nou rete pwòch ak Jewova, nou priye l, nou obeyi kòmandman l yo, e nou fè tout sa n kapab pou n fè sa ki dwat nan je l, n ap ba l okazyon pou l beni nou. Nan ka Jozèf, Jewova te sere pi gwo benediksyon toujou pou li jan nou pral wè sa nan atik k ap vin apre nan seri sa a.

^ § 23 Bib la fè konnen Jozèf te gen anviwon 17 oswa 18 an lè li te antre lakay Potifa. Li te rete la pandan yon sèten tan jiskaske l te vin yon jèn gason, petèt sa te pran kèk ane. Li te gen 30 an lè l te soti nan prizon. — Jenèz 37:2; 39:6; 41:46.