Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bagay ki nan achiv nou

Ansanm ak pèleren yo

Ansanm ak pèleren yo

“MWEN pap kapab preche pòt an pòt la vre!” Se konsa anpil moun k ap etidye Labib konn santi yo. Moun ki te di pawòl sa yo se te yon pèleren ki te gen anpil tan depi li t ap bay diskou e depi li t ap anseye Bib la.

Anpil moun ki te konn li Le Phare de la Tour de Sion, ki te kite legliz yo t ap mache ladan l lan, te vrèman anvi pran kontak ak lòt moun ki te enterese toutbon nan Labib menm jan avèk yo. Peryodik sa a te ankouraje yo pou yo chèche pran kontak ak lòt moun ki gen lafwa menm jan ak yo e pou yo reyini ansanm regilyèman pou yo etidye Labib. Apati ane 1894, òganizasyon an te kòmanse voye reprezantan l al rankontre kèk gwoup ki te mande sa. Yo te vin rele reprezantan sa yo pèleren. Mesye sa yo te gen eksperyans, yo te konn travay di e yo te chwazi yo paske yo te gen imilite, yo te konn Bib la byen, yo te konn bay diskou byen, yo te konn anseye byen e yo te montre yo gen lafwa nan sakrifis ranson an. Nòmalman, vizit sa yo te konn dire youn oswa de jou sèlman e yo te chaje ak aktivite. Anpil Etidyan Labib te fè premye pa yo nan travay predikasyon an lè yo te konn distribye feyè ki te fè konnen pèleren an t apral bay yon diskou. Apre Hugo Riemer, yon pèleren, te fin bay yon diskou nan yon lekòl nan aswè, li te rete pou jis apre minui ap reponn kesyon moun yo te genyen. Li te fatige, men li te kontan. Li te fè konnen se te yon “bèl” reyinyon. Annapre, frè sa a te vin manm Kolèj santral la.

Toudegad te di “prensipal bagay” vizit pèleren yo te fè, grasa reyinyon ki te fèt nan salon lakay frè ak sè yo, se bati “mezon lafwa a”. Etidyan Labib ki te nan zòn nan te vini pou yo tande diskou yo e pou yo la nan sesyon kesyon repons ki te konn genyen yo. Apre sa, frè ak sè yo te montre jan yo te konn akeyi moun. Lè Maude Abbott te yon jèn tifi, li te asiste yon diskou yon pèleren te bay nan maten. Apre diskou sa a, tout moun ki te la yo te rasanble bò kot yon gwo tab, nan lakou kote frè a te bay diskou a. Men sa sè sa a te di: “Te gen anpil bon manje! Te gen janbon, poul fri ak tout kalite pen. Mete sou sa, te gen tat ak gato. Tout moun te manje vant deboutonnen. A dezè, nou te reyini ankò pou nou tande yon lòt diskou.” Sepandan, men sa Maude te admèt: “Lè dezè a te rive, tout moun t ap kabicha.” Men sa yon frè, Benjamin Barton, ki te yon pèleren pandan lontan te di yon lè: ‘Si m te manje tout manje chaje ak grès yo te konn ban nou yo, mwen t ap gentan sispann sèvi kòm pèleren lontan sa.’ Rive yon lè, frè yo nan syèj mondyal la, nan Bwouklin, te fè sè yo konnen, byenke yo te gen bon entansyon, li t ap pi bon pou yo ta bay pèleren yo “manje senp yo abitye manje chak jou” e pou frè sa yo ta gen posiblite pou yo “dòmi san moun pa deranje yo”.

Pèleren yo te konn anseye byen e yo te fò nan sèvi ak tablo oswa ak kèlkeswa bagay la pou yo prezante sijè yo a yon fason ki enteresan. Diskou R. H. Barber te konn bay yo te toujou enteresan. Gen yon frè ki te rele W. J. Thorn ki te tankou yon papa pou tout moun. Li te pale “tankou yon patriyach nan tan lontan”. Yon jou, pandan Shield Toutjian te nan yon machin, sanzatann, li te di byen fò “kanpe la!” Lè yo kanpe machin nan, li vole desann, li kase kèk flè li te wè e li te bay moun ki te avè l yo yon leson sou kreyasyon Jewova a.

Travay pèleren yo t ap fè a te di e pèleren yo te jwenn anpil difikilte, sitou sa ki te gen ant 40 ak 60 an yo. Sepandan, pou kèk ladan yo, pi gwo eprèv yo te rankontre se chanjman ki te vin fèt nan travay la. Yo te vin gen responsablite pou yo pran devan nan travay preche kay an kay la. Toudegad 15 mas 1924 (anglè) te di “youn nan misyon enpòtan” vrè kretyen yo genyen se “bay temwayaj konsènan Wayòm nan. Se travay pèleren yo sa”.

Gen pèleren ki pa t kontan chanjman sa a menm, paske, gen nan yo ki te kite travay la e ki te menm al fòme pwòp gwoup pa yo. Gen yon frè, Robie D. Adkins, ki sonje jan yon pèleren ki te konn bay diskou byen t ap plenyen. Pèleren an te di: “Sèl sa m konn fè se preche sou lestrad. Mwen pap kapab preche pòt an pòt la vre!” Men sa frè Adkins te di tou: “Apre sa, mwen te wè l an 1924 nan kongrè ki te fèt Columbus, Ohio a. Kè misye pa t kontan menm. Li te kanpe tou tris, poukont li, nan lonbray yon ti pyebwa nan mitan plizyè milye frè ak sè ki te gen lajwa. Mwen pa t janm wè l ankò. Yon ti tan apre sa, li te kite òganizasyon an.” Yon lòt bò, te gen “anpil frè ak sè ki te gen kè kontan ki t ap pase ak liv nan men yo pou y al nan machin yo”. Sa te parèt klè frè ak sè sa yo pa t ka tann pou y al preche pòt an pòt. — Tra. 20:20, 21.

Sepandan, anpil pèleren te met kè yo nan travay la byenke sanble kè yo t ap sote menm jan ak frè ak sè yo te konn al bay fòmasyon yo. Men sa Maxwell G. Friend (Freschel), yon pèleren ki pale alman, te ekri anrapò ak travay preche pòt an pòt la: “Pati sa a nan travay pèleren yo fè nou jwenn plis benediksyon nan vwayaj la.” John A. Bohnet, yon lòt pèleren, te di an jeneral frè yo kontan lefètke yo met plis aksan sou predikasyon Wayòm nan. Dapre li menm, majorite frè yo te “chofe pou yo pran devan nan batay la”.

Pandan ane ki pase yo, gen anpil pèleren fidèl ki te gen bon enfliyans sou frè ak sè yo. Men sa Norman Larson, yon frè ki gen lontan depi l Temwen Jewova, te di: “Pa gen dout travay pèleren yo t ap fè a te enpòtan e anpil moun te jwenn benediksyon grasa yo. Mwen te kapab wè sa, byenke m te jèn tigason. Yo te jwe yon gwo wòl nan ban mwen bon fòmasyon.” Jis jounen jodi a, siveyan itineran fidèl sa yo fè anpil sakrifis e yo ede lòt sèvitè Jewova parèy yo gen konviksyon “yo kapab preche pòt an pòt”.

[Antrefilè nan paj 32]

Tout moun te kontan lè pèleren yo te vini!

[Foto nan paj 31]

An 1905, Benjamin Barton te gen 170 gwoup sou kont li.

[Foto nan paj 32]

Walter J. Thorn, yon pèleren yo te bay ti non papi paske li te yon papa pou tout moun e li te gen anpil bèl kalite Kris te genyen.

[Foto nan paj 32]

J. A. Browne, yon pèleren yo te voye Jamayik nan zòn ane 1902 pou l te ka ankouraje 14 ti gwoup.

[Foto nan paj 32]

Pèleren yo te bati lafwa frè ak sè yo, yo te fè yo vin gen plis inite e yo te fè yo vin pi pwòch òganizasyon an.