Jewova konnen ki jan pou l delivre pèp li
“Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv.” — 2 PYÈ 2:9.
1. Ki pwoblèm ki pral genyen pandan “gwo tribilasyon” an?
JIJMAN Bondye pral egzekite sou monn Satan ap domine a pral fèt sanzatann (1 Tes. 5:2, 3). Lè “gran jou Jewova a” rive, tè a pral vin tèt anba (Sef. 1:14-17, NW). Bagay yo pral vin difisil e moun yo pap jwenn sa yo bezwen. Se pral yon moman detrès, yon detrès “ki potko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan”. — Li Matye 24:21, 22.
2, 3. a) Ki sa k ap tann pèp Bondye a pandan “gwo tribilasyon” an? b) Ki sa k kapab ede nou jwenn fòs pou n fè fas ak bagay ki pral rive yo?
2 Nan moman “gwo tribilasyon” an ap pi rèd la, “Gòg [ki sot nan] peyi Magòg” pral atake pèp Bondye a avèk raj. Pandan atak sa a, gen “yon gwo lame sòlda” ki pral vin kont pèp Bondye a, y ap “tankou nyaj [ki] kouvri peyi a”. (Eze. 38:2, 14-16; NW) Pa gen okenn òganizasyon lèzòm ki pral vin pran defans pèp Jewova a. Se sèl Jewova k ap kapab fè yo chape vivan. Ki jan moun ki fè pati pèp Jewova a pral reyaji lè ènmi yo vin pou detwi yo?
3 Si w se yon sèvitè Jewova, èske w gen lafwa Jewova gen pouvwa pou l fè pèp li a chape vivan nan gwo tribilasyon an, e l ap fè sa? Apot Pyè te di: “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv, men, li konnen [tou] ki jan pou l rezève moun ki enjis yo pou jou jijman an pou l detwi yo.” (2 Pyè 2:9). Si nou reflechi sou sa Jewova te fè nan tan lontan pou l delivre sèvitè l yo, sa kapab ban nou fòs pou n fè fas ak bagay ki pral rive yo. Annou egzamine twa egzanp k ap fè nou gen konfyans nan kapasite Jewova genyen pou l delivre pèp li a.
YO TE CHAPE LÈ DELIJ LA TE FÈT SOU TOUT TÈ A
4. Anrapò ak delij la, poukisa li te enpòtan pou bagay yo te fèt nan lè yo te dwe fèt la?
4 Toudabò, annou pale sou delij ki te fèt nan epòk Noye a. Pou volonte Jewova te fèt, li te enpòtan pou bagay yo te fèt nan lè yo te dwe fèt la. Anvan delij la, Noye te gen yon gwo travay pou l fè. Li te dwe fin konstwi lach la nèt e l te dwe gentan fè tout bèt yo antre ladan l. Liv Jenèz la montre Jewova pa t tann Noye fin bati lach la anvan l deside nan ki moman li t ap fè delij la. Jewova pa t pè pou l ta fikse moman an e pou lach la pa ta gentan fin konstwi. Okontrè, li te gentan fikse tan pou delij la kòmanse byen lontan anvan li te mande Noye konstwi lach la. Ki jan nou fè konn sa?
5. Ki sa Jewova te vle di lè l te bay dekrè nou jwenn nan Jenèz 6:3 a, e ki lè li te pase dekrè sa a?
5 Bib la fè nou konnen Jewova te pase yon dekrè nan syèl la. Gade ki sa Jewova te di nan Jenèz 6:3: “Lespri m pap pran pasyans ak lòm nètale, piske se chè li ye avantou. Se pou sa kantite jou li yo ap rive nan sanventan.” (NW). Jewova pa t di pawòl sa yo pou l fè konnen kantite tan yon moun dwe viv. Men, se te yon dekrè Jewova te pase pou l fè konnen ki lè li t apral detwi tout moun sou tè a ki pa t gen respè pou li *. Etandone delij la te vini an 2370 anvan epòk nou an, li lojik pou nou kwè Bondye te pase dekrè sa a an 2490 anvan epòk nou an. Nan moman sa a, Noye te gen 480 an (Jen. 7:6). Anviwon 20 tan annapre, nan ane 2470 anvan epòk nou an, Noye te vin gen pitit gason l yo (Jen. 5:32). Te gen anviwon santan ki te rete pou delij la te vini, men Jewova potko janm di Noye ki wòl espesyal Noye t apral jwe pou tè a toujou gen moun sou li. Konbyen tan Jewova t apral tann anvan l fè sa?
6. Ki lè Jewova te mande Noye pou l bati lach la?
6 Sanble Jewova te tann plizyè dizèn ane pase anvan l te di Noye ki sa l t apral fè. Ki prèv nou genyen ki fè nou di sa? Bib la fè konnen pitit Noye yo te gentan vin gran epi yo te gentan marye nan moman Bondye te mande Noye pou l konstwi lach la. Men ki sa Jewova te di Noye: “M’ap fè yon kontra avè ou. W’a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.” (Jen. 6:9-18). Lè Bondye te bay Noye lòd pou l konstwi lach la, li posib se sèlman 40 oswa 50 an ki te rete anvan delij la fèt.
7. a) Ki jan Noye ak fanmi l te montre yo gen lafwa? b) Ki lè Bondye te resi fè Noye konnen jou delij la t ap fèt la?
7 Toutpandan konstriksyon lach la t ap avanse, Noye ak fanmi l dwe t ap mande tèt yo kòman Jewova t apral reyalize objektif li e ki lè delij la t ap fèt. Malgre yo pa t gen enfòmasyon sa yo, sa pa t anpeche yo kontinye konstwi lach la. Ekriti yo fè nou konnen: “Noe [te] fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.” (Jen. 6:22). Se sèlman sèt jou anvan delij la, Jewova te resi di Noye ki lè egzakteman delij la t ap vini. Lè sa a, Noye te gen tan sèlman pou li menm ak fanmi l fè bèt yo antre nan lach la. Konsa, nan “jou ki [te] fè Noe sisanzan (600 an), yon mwa, disèt jou”, tout bagay te pare lè syèl la te ouvè e dlo te kòmanse tonbe sou tè a. — Jen. 7:1-5, 11.
8. Kòman pasaj ki pale de delij la ban nou asirans Jewova konnen ki jan pou l delivre pèp li a?
8 Pasaj nan Bib la ki pale de delij la montre nonsèlman Jewova maton nan fikse lè pou l aji, men tou, li konnen ki Mat. 24:36; li Abakouk 2:3.
jan pou l sove sèvitè l. Pandan Jewova ap konte jou pou l detwi systèm ki la kounye a, nou kapab gen asirans tout sa l gen pou l fè yo ap fèt nan moman li fikse a, sa vle di nan ‘jou ak lè’ li fikse a. —JEWOVA TE DELIVRE YO NAN LANMÈ WOUJ
9, 10. Ki jan Jewova te sèvi ak pèp li a pou l pran lame ejipsyen an nan pyèj?
9 Jiska prezan, nou te wè ki jan Jewova gen kontwòl tout bagay ki dwe fèt pou l reyalize objektif li nan lè li fikse a. Dezyèm egzanp nou pral egzamine a bay yon lòt rezon pou nou mete konfyans nou nan kapasite Jewova genyen pou l delivre pèp li a: Li sèvi ak pouvwa san limit li genyen an pou l asire l volonte l fèt. Jewova tèlman gen kapasite pou l delivre sèvitè l yo, pafwa li konn menm sèvi ak yo pou l pran ènmi l yo nan pyèj. Se sa k te pase lè Jewova te libere Izrayelit yo anba esklavaj ann Ejip.
10 Te gen anviwon twa milyon Izrayelit ki te kite Ejip. Jewova te fè Moyiz kondui pèp la yon fason ki te fè Farawon panse Moyiz ak pèp la pa t konn ki kote yo prale. (Li Egzòd 14:1-4.) Jewova te tèlman byen pare pyèj la, Farawon te mennen tout lame l la al pousuiv ansyen esklav li yo pou l te ka kwense yo nan lanmè Wouj, e sanble pa t gen chape pou pèp la (Egz. 14:5-10). An reyalite, pèp Izrayèl la pa t an danje vre. Poukisa nou di sa? Se paske Jewova t apral delivre pèp li a.
11, 12. a) Ki jan Jewova te delivre pèp li a? b) Ki sa k te rive Ejipsyen yo, e ki leson istwa sa a aprann nou sou Jewova?
11 “Kolòn nyaj” (NW) ki t ap gide Izrayelit yo te pase dèyè yo, konsa li te anpeche lame Farawon an pwoche kot pèp Izrayèl la e li te lage Ejipsyen yo nan fènwa. Sepandan, Jewova te sèvi ak menm kolòn sa a pou l bay Izrayelit yo limyè leswa. (Li Egzòd 14:19, 20.) Annapre, Jewova te fè yon gwo van ki soti nan lès fann lanmè a an de, konsa, “li [te] fè fon lanmè a tounen tè sèk”. Pa gen dout, sa te pran anpil tan pou l fèt men, “finalman, pitit Izrayèl yo te antre nan lanmè a, sou tè sèk”. (NW.) Izrayelit yo t ap avanse dousman parapò ak sòlda Farawon yo ki te sou chadegè. Aktout sa, pa t gen okenn posiblite pou Ejipsyen yo rive pre Izrayelit yo paske Jewova t ap goumen pou yo. Jewova te “lage yon sèl dezòd nan mitan [Ejipsyen] yo. Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse”. — Egz. 14:21-25.
12 Lè tout Izrayelit yo te fin travèse lanmè a sennesòf, Jewova te di Moyiz: “Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l’ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.” Pandan sòlda ejipsyen yo t ap eseye kouri pou mas dlo yo pa tonbe sou yo, “Senyè a voye yo jete nan lanmè a”. Pa t gen chape pou yo. Men sa Bib la di: “Pa gen yonn ki chape.” (Egz. 14:26-28). Konsa, Jewova te montre li gen pouvwa pou l delivre pèp li a nan nenpòt sitiyasyon.
YO TE SOVE LÈ YO TE DETWI JERIZALÈM
13. Ki enstriksyon Jezi te bay disip li yo, e ki kesyon sa te kapab fè yo poze tèt yo?
13 Jewova konnen egzakteman ki sa l dwe fè pou l atenn objektif li. Twazyèm egzanp nou pral egzamine a montre sa byen klè. Egzanp sa a gen rapò ak antoure lame women yo te antoure Jerizalèm nan premye syèk la. Pa mwayen Pitit li a, Jewova te gentan bay kretyen ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo enstriksyon pou l di yo ki sa yo ta dwe fè anvan destriksyon Jerizalèm ki t apral fèt nan ane 70 epòk nou an. Men sa Jezi te di: “Lè nou wè bagay repiyan ki lakòz dezolasyon an nan yon kote ki sen, bagay pwofèt Dànyèl te pale de li a [...] lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn.” (Mat. 24:15, 16). Ki jan disip Jezi yo t ap fè konnen ki lè pwofesi sa a kòmanse reyalize?
14. Ki jan evènman ki te pase yo te fè kretyen ki te vijilan yo pi byen konprann pawòl Jezi yo?
14 Tank evènman yo t ap dewoule, se tank disip Jezi yo te vin pi byen konprann sa l te di yo. Nan ane 66 epòk nou an, lame women an, ki te gen Sestiyis Galis alatèt li, te rive Jerizalèm pou l kraze yon rebelyon Juif yo t ap fè. Lè Juif rebèl yo te rele Zelòt yo t al kache anndan tanp lan, sòlda women yo te kòmanse kraze mi tanp lan. Kretyen ki te vijilan yo te vin pi byen konprann pawòl Jezi yo paske te gen yon lame payen ansanm ak senbòl fo dye y ap sèvi yo (“bagay repiyan” an) ki te rive toupre mi tanp lan (“yon kote ki sen”). Lè sa a, se te moman pou disip Jezi yo “kouri al nan mòn”. Men, ki jan yo t apral fè kite yon vil ki te gen yon lame ki antoure l? Bagay yo t apral chanje sanzatann.
15, 16. a) Ki enstriksyon byen presi Jezi te bay, e poukisa li te enpòtan pou disip li yo obeyi enstriksyon sa a? b) De ki sa delivrans nou pral depann?
15 Pou yon rezon okenn moun pa t konnen, Sestiyis Galis ansanm ak Matye 24:17, 18.) Èske l te vrèman nesesè pou yo aji san pèdi tan? Gen kèk evènman ki te vin pase annapre ki te montre byen klè sa te nesesè. Kèk jou annapre, Zelòt yo te retounen nan Jerizalèm ak nan Jide e yo te kòmanse fòse moun ki te rete yo pou yo revòlte tou. Byen vit, bagay yo anndan vil la te vin pi rèd toujou, paske te gen plizyè gwoup ki te vin fòme ki t ap chèche pran kontwòl vil la. Li te vin pi difisil pou yon moun kouri kite Jerizalèm. Lè Women yo te retounen nan ane 70 epòk nou an, li te vin enposib pou moun chape poul yo (Lik 19:43). Moun ki te rete yo te mele! Men, kretyen ki te kouri al nan mòn yo te sove lavi yo paske yo te suiv enstriksyon Jezi yo. Eksperyans sa a yo te fè a te fè yo wè Jewova konn ki jan pou l delivre sèvitè l yo. Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a?
lame l la te kite Jerizalèm e yo te pran wout pou yo retounen lakay yo. Lè Zelòt yo wè sa, yo te pati dèyè yo. Donk, piske de gwoup ki t ap goumen yo pa t la ankò, sanzatann, disip Jezi yo te vin jwenn posiblite pou yo chape poul yo. Jezi te fè yo konnen yo te dwe kite bagay materyèl yo genyen epi kite vil la san pèdi tan. (Li16 Pandan gwo tribilasyon an, kretyen yo pral bezwen suiv enstriksyon Pawòl Bondye a ansanm ak òganizasyon Bondye a bay. Pa egzanp, lòd Jezi te bay kretyen yo nan premye syèk la pou yo “kouri al nan mòn” nan gen yon aplikasyon pou nou jodi a. Nou poko konnen nan ki sans nou pral kouri a *. Sepandan, nou kapab gen asirans Jewova ap fè nou byen konprann enstriksyon sa yo lè moman an rive pou nou suiv yo. Piske delivrans nou pral depann de obeyisans nou, li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Ki jan m reyaji devan enstriksyon Jewova bay pèp li a jodi a? Èske m obeyi byen vit, oubyen m renka renka pou m fè sa?’ — Jak 3:17.
BONDYE BAN NOU FÒS POU N FÈ FAS AK BAGAY KI PRAL RIVE YO
17. Ki sa pwofesi Abakouk la montre konsènan atak ki pral fèt kont pèp Bondye a?
17 Kounye a, ann retounen sou gwo atak Gòg pral fè kont pèp Bondye a nou te pale de li pi wo a. Nan yon pwofesi ki te pale de atak sa a, men sa pwofèt Abakouk te di: “Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m ap fè m mal. M pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m’ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k’ap chache nou kont yo.” (Aba. 3:16). Tande pwofèt la annik tande yo pral vin atake pèp Bondye a, vant li pran bouyi, bouch li pran tranble e li pèdi fòs. Fason Abakouk te reyaji a montre jan bagay yo pral parèt di pou nou lè sòlda Gòg yo pral atake nou avèk raj. Sepandan, pwofèt la te detèmine pou l ret tann gran jou Jewova a avèk pasyans, paske l te gen konfyans Jewova t ap delivre pèp li a. Nou kapab gen menm konfyans sa a tou. — Aba. 3:18, 19.
18. a) Poukisa nou pa gen rezon pou nou pè atak ki gen pou fèt kont nou an? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?
18 Pa gen dout nan sa, twa egzanp nou sot egzamine la yo montre nou Jewova konnen ki jan pou l delivre pèp li. Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova atenn objektif li! Jewova ap pote laviktwa kanmenm! Sepandan, pou nou ka patisipe nan gwo viktwa sa a, nou dwe rete fidèl jiska lafen. Men, ki jan Jewova ede nou rete fidèl jodi a? Nou pral pale de sa nan atik ki vin apre a.
[Nòt anba paj]
^ § 16 Gade Toudegad 1ye me 1999, paj 19 (fransè).
[Kesyon]
[Foto nan paj 24]
Èske Izrayelit yo te janm an danje akoz lame Farawon an?