Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye demontre lanmou li gen pou nou

Bondye demontre lanmou li gen pou nou

Bondye demontre lanmou li gen pou nou

“Favè san parèy la [pral] domine antanke wa pa mwayen jistis, pou moun ka jwenn lavi ki pap janm fini an.” — WOM. 5:21.

1, 2. Site de kado nou resevwa. Kiyès ladan yo ki gen plis valè?

“PI GWO [...] kado Women yo te kite pou tout moun ki te vin apre yo [se te] lwa yo te genyen yo ak ide yo te genyen kòmkwa yon moun k ap viv dwe gen lwa l ap suiv.” Pawòl sa yo se David J. Williams, youn nan moun ki gen gwo responsablite nan yon inivèsite ann Ostrali, ki di yo (University of Melbourne). Gen anpil moun ki dakò ak sa li di a, sepandan, gen yon kado nou resevwa ki gen plis valè lontan. Kado sa a se mwayen Bondye ban nou pou nou gen favè l, pou nou jis devan l, pou nou jwenn posiblite pou nou sove e pou n gen lavi ki pap janm fini an.

2 Nan yon sans, gen yon aspè legal nan sa Bondye te fè pou l ban nou kado sa a. Nan chapit 5 liv Women an, Pòl montre sa. Men, pou l te devlope aspè sa a, li pa t annik bay yon pakèt detay ki gen rapò ak lwa. Okontrè, li kòmanse devlopman l lan ak yon bèl asirans Bondye bay. Men sa l di: “Bondye deklare nou jis paske nou gen lafwa, [donk,] annou rete nan lapè ak Bondye grasa Jezi Kris.” Tout moun ki aksepte kado sa a Bondye bay la santi yo oblije montre Bondye yo renmen l tou. Pòl te youn nan moun sa yo. Men sa l te ekri: “Lanmou Bondye ranpli kè nou grasa lespri sen li ban nou an.” — Wom. 5:1, 5.

3. Sa Bondye fè a pouse nou poze ki kesyon?

3 Men, poukisa li te nesesè pou Bondye ban nou kado ki montre lanmou l gen pou nou an? Ki jan Bondye te ofri nou kado sa a yon fason ki jis? Ki sa chak moun dwe fè pou yo resevwa kado sa a? Ann chèche bonjan repons pou kesyon sa yo e ann wè ki jan repons sa yo montre Bondye gen lanmou.

Lanmou Bondye fas ak peche

4, 5. a) Ki fason estrawòdinè Jewova te montre lanmou l? b) Ki sa nou konnen ki ede nou konprann Women 5:12?

4 Jewova te voye sèl Pitit li a vin mouri pou nou. Aksyon sa a montre jis nan ki pwen Jewova renmen nou. Men sa Pòl te ekri: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” ​(Wom. 5:8). Èske nou remake Pòl te di “pandan nou te pechè toujou”? Ki sa k lakòz nou peche? Dènye kesyon sa a se yon kesyon tout moun bezwen repons pou li.

5 Pòl bay repons lan, men sa l di: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” ​(Wom. 5:12). Nou kapab konprann sa Pòl di a paske Bondye fè nou konnen ki jan fè gen moun k ap viv sou tè a. Jewova te kreye Adan ak Èv. Antanke Kreyatè a, Jewova pafè, e de premye moun sa yo ki se zansèt nou te pafè tou. Jewova te ba yo yon lwa ki te yon entèdiksyon e li te fè yo konnen si yo dezobeyi lwa sa a y ap mouri (Jen. 2:17). Men, yo te vyole lwa Bondye te ba yo a, yon lwa ki te rezonab, e sa te tounen mal pou yo. Konsa, yo te vire do bay Souvren yo a ki te gen dwa ba yo lwa pou yo suiv. — Det. 32:4, 5.

6. a) Poukisa desandan Adan yo ap mouri depi anvan Bondye te bay Moyiz Lalwa a e yo kontinye mouri menm apre sa? b) Maladi yo rele emofili a kapab sèvi kòm egzanp pou montre ki sa?

6 Kòm se apre Adan te peche li te vin gen timoun, tout timoun li yo fèt nan peche e yo sibi konsekans peche. An reyalite, se pa yo menm ki te vyole lwa Bondye te bay Adan an, e Bondye pa kondane yo pou menm peche Adan te fè a, nitou Bondye potko bay lèzòm yon kòd lwa pou yo suiv (Jen. 2:17). Malgre sa, desandan Adan yo eritye peche. Peche ak lanmò te domine sou lèzòm jiskaske Bondye te bay Izrayelit yo yon kòd lwa ki te montre aklè se pechè yo ye. (Li Women 5:13, 14.) Nou ta kapab konpare efè peche genyen sou nou ak efè yon maladi nou fèt avè l genyen sou nou, tankou yon anemi grav, oubyen yon lòt maladi ankò yo rele emofili. Petèt nan lekti nou te fè nou te aprann gen yon dirijan ris yo rele Nikola II ki te gen yon pitit gason ki te fèt ak maladi yo rele emofili a, yon maladi san. Li te fè pitit sa a, ki te rele Aleksi, avèk Aleksandra. Menm nan fanmi kote gen nan timoun yo k ap soufri ak yon maladi yo fèt avè l, lòt timoun ki nan fanmi an gendwa pa soufri ak maladi a, byenke li posib pou yo gen jèm maladi a nan san yo. Sepandan, peche nou eritye a pa konsa. Defo nou fèt avè l akoz peche Adan an fè nou tout soufri e li toujou lakòz lanmò. Tout pitit Adan yo kondane pou yo fèt ak defo sa a. Èske gen posiblite pou nou soti nan sitiyasyon sa a?

Sa Jewova ban nou pa mwayen Jezi

7, 8. Fason de moun pafè sa yo te aji pa bay menm rezilta. Esplike.

7 Kòm Jewova renmen nou, li ban nou posiblite pou nou soti nan esklavaj anba peche. Pòl esplike sa vin posib grasa yon lòt moun pafè, yon dezyèm Adan (1 Kor. 15:45). Men, fason de moun pafè sa yo te aji a pa bay menm rezilta. Nan ki sans? — Li Women 5:15, 16.

8 Men sa Pòl ekri: “Rezilta kado a bay la pa menm ak rezilta fot la bay la.” Adan te koupab pou peche li te fè a e li te mouri paske se sa li te merite. Poutan, se pa li menm sèlman ki mouri akoz peche l la. Men sa nou li: “Akoz fot yon sèl moun, anpil moun mouri.” Santans Adan te resevwa a te jis e Adan lakòz tout desandan l yo ki enpafè jwenn menm santans lan, e nou ladan l tou. Men, nou gen espwa lefètke nou konnen Jezi, yon òm ki te pafè, fè li posib pou lèzòm jwenn yon lòt rezilta. Ki rezilta sa a? Pòl ede nou wè repons lan lè l di Bondye “deklare yo jis pou yo gen lavi”. — Wom. 5:18.

9. Jan Women 5:16, 18 montre sa, ki sa Bondye fè lè l deklare lèzòm jis?

9 Ki sans ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “deklare moun jis” pou li a genyen? Men sa yon tradiktè Labib ekri konsènan ekspresyon sa a: “Se yon langaj senbolik ki gen yon aspè legal ladan l. Li montre gen yon chanjman ki fèt nan relasyon yon moun genyen ak Bondye. Li pa gen rapò ak chanjman ki fèt anndan moun nan [...]. Li konpare Bondye ak yon jij nan yon tribinal ki pran yon desizyon pou l deklare yon moun inosan apre yo fin akize moun sa a kòm yon moun ki pa jis.”

10. Ki sa Jezi te fè ki te sèvi kòm baz pou Bondye deklare lèzòm jis?

10 Sou ki baz “Jij tout tè a” ki jis deklare moun ki enjis yo inosan (Jen. 18:25, NW)? Li te voye sèl Pitit gason l lan vin sou tè a. Aksyon sa a montre li renmen lèzòm. Jezi te fè volonte Papa l nèt malgre li te jwenn tantasyon, moun te pase l nan rizib kont yo e yo te maltrete l. Li te kenbe entegrite l pou jis li mouri sou yon poto soufrans (Ebre 2:10). Lè l te bay lavi pafè li te genyen an, li te tou bay yon ranson ki kapab fè desandan Adan yo soti anba dominasyon peche ak lanmò. — Mat. 20:28; Wom. 5:6-8.

11. Sa k fè ranson an egalego?

11 Nan 1 Timote 2:6, Pòl pale de ranson sa a kòm yon “ranson egalego”. Poukisa li te itilize mo egalego a? Adan lakòz plizyè milya moun vin enpafè e yo mouri, anpalan de desandan l yo. An reyalite, antanke òm pafè, Jezi te kapab gen plizyè milya desandan ki t ap pafè * menm jan avè l. Se sa k fè, nou te konprann lavi Jezi ansanm ak lavi pitit Jezi te kapab genyen ki t ap pafè yo te reprezante yon sakrifis egalego ki koresponn ak lavi Adan ansanm ak lavi desandan l yo ki enpafè. Sepandan, Bib la pa di desandan Jezi te kapab genyen yo fè pati ranson an. Women 5:15-19 montre se lanmò yon “sèl moun” ki bay lèzòm liberasyon. Wi, lavi Jezi antanke òm pafè koresponn ak lavi Adan ki te yon òm pafè. Se de Jezi Kris sèlman vèsè a pale. Li vin posib pou tout kalite moun jwenn lavi gratis grasa “yon sèl aksyon ki jis” Jezi te fè. Aksyon jis sa a Jezi te fè a se obeyi li te obeyi Bondye e li te rete fidèl pou jis li mouri (2 Kor. 5:14, 15; 1 Pyè 3:18). Ki jan rezilta sa a fè vin posib?

Liberasyon grasa ranson an

12, 13. Poukisa moun Bondye deklare jis yo benefisye mizèrikòd Bondye ak lanmou l?

12 Jewova Dye aksepte sakrifis Pitit li a te bay la ki se ranson an (Ebre 9:24; 10:10, 12). Malgre sa, menm jan ak apot yo, disip Jezi yo sou tè a enpafè toujou. Byenke yo fè tout sa yo kapab pou yo pa fè peche, yo peche kanmenm. Sa k fè sa? Se paske yo eritye peche (Wom. 7:18-20). Men, Bondye te kapab fè yon bagay pou sa, e li te fè yon fason pou l ede sèvitè l yo. Li te aksepte “ranson egalego” a e li te vle pou tout sèvitè l yo sou tè a benefisye ranson sa a.

13 Bondye pa aplike ranson an pou apot yo ak lòt moun ankò paske yo merite sa poutèt bon aksyon yo fè, men li fè sa paske li gen mizèrikòd ak anpil lanmou. Li te chwazi libere apot yo ak lòt moun ankò pou yo pa jwenn kondanasyon, paske nan je pa l, yo pa koupab ankò. Pòl te montre sa byen klè lè l te ekri: “Se favè san parèy [la] ki fè nou te sove grasa lafwa. E sa pa sot nan nou. Okontrè, se yon kado Bondye bay.” — Efe. 2:8.

14, 15. Ki rekonpans Bondye sere pou moun li deklare jis yo, e ki sa yo bezwen kontinye fè malgre sa?

14 Ala yon bèl kado Bondye Toupisan an fè nou lè l padone peche nou eritye a ansanm ak move bagay nou fè yo! Li t ap difisil pou nou konnen kantite peche chak moun te fè anvan yo te vin kretyen, epoutan, Bondye kapab padone peche sa yo sou baz ranson an. Men sa Pòl te ekri: “Kado Bondye bay pou pakèt fot ki fèt yo, se deklare l deklare moun jis.” ​(Wom. 5:16). Apot yo ansanm ak lòt moun ki te resevwa bèl kado sa a (deklare yo deklare yo jis la), ki montre lanmou Bondye gen pou nou an, te oblije kontinye sèvi vrè Dye a ak lafwa. Ki rekonpans yo t ap jwenn alavni? Apot Pòl kontinye pou l di: “Moun ki resevwa favè san parèy la ak kado ki fè konnen yo jis la [...] pral viv e yo pral domine antanke wa, grasa yon sèl moun: Jezi Kris.” Kado ki fè li posib pou moun jis la bay yon lòt rezilta nèt, paske li pèmèt moun jwenn lavi. — Wom. 5:17; Li Lik 22:28-30.

15 Moun ki resevwa kado sa a, sa vle di moun Bondye deklare jis yo, vin pitit espirityèl Bondye. Antanke moun ki eritye ansanm ak Kris, yo gen esperans pou yo resisite nan syèl la antanke pitit Bondye pou yo “domine antanke wa” ansanm ak Jezi Kris. — Li Women 8:15-17, 23.

Bondye montre lanmou l pou lòt moun

16. Èske moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a kapab resevwa kado a tou?

16 Se pa tout moun ki gen lafwa nan Bondye e k ap sèvi l ki gen esperans pou yo “domine antanke wa” avèk Kris nan syèl la. Anpil nan yo gen menm esperans ak moun ki t ap sèvi Bondye anvan epòk kretyen yo. Yo gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan nan Paradi a. Èske yo menm tou yo kapab resevwa kado ki montre lanmou Bondye a e èske Bondye kapab konsidere yo kòm moun ki jis ki pral viv sou tè a? Sou baz sa Pòl te ekri kretyen Wòm yo, repons ki ban nou espwa a se wi!

17, 18. a) Piske Abraram te gen lafwa, ki jan Bondye te konsidere l? b) Sa k fè Jewova te kapab konsidere Abraram kòm yon moun ki jis?

17 Pòl te pran egzanp Abraram, yon moun ki te gen lafwa, ki t ap viv anvan Jewova te bay Izrayèl yon kòd lwa e ki t ap viv lontan anvan Jezi te bay posiblite pou moun al viv nan syèl la (Ebre 10:19, 20). Men sa nou li: “Se pa t grasa lalwa Bondye te fè Abraram oubyen desandans li pwomès pou l eritye yon monn, men se paske li te jis grasa lafwa li te genyen.” ​(Wom. 4:13; Jak 2:23, 24). Kidonk, Bondye te konsidere Abraram, yon nonm fidèl, kòm yon moun ki jis. — Li Women 4:20-22.

18 Sa pa vle di Abraram pa t konn peche pandan plizyè dizèn ane li te pase ap sèvi Jewova yo. Li pa t jis nan pwen sa a (Wom. 3:10, 23). Sepandan, Jewova, ki gen yon sajès ki san limit, te pran lafwa estrawòdinè Abraram nan ak aksyon Abraram te fè yo an konsiderasyon. Abraram te gen lafwa nan “desandans” ​(NW) Bondye te pwomèt la ki t ap soti nan fanmi l. Desandans sa a, se Mesi a, oswa Kris la (Jen. 15:6; 22:15-18). Antanke Jij, Bondye kapab padone peche moun nan tan lontan yo sou baz “ranson Kris Jezi te peye a”. Se sa k fè, Abraram ak lòt moun ankò ki te gen lafwa e ki t ap viv anvan epòk kretyen yo ap tann rezirèksyon. — Li Women 3:24, 25; Sòm 32:1, 2.

Nou ka jis depi kounye a

19. Poukisa fason Jewova te wè Abraram nan ta dwe ankouraje anpil moun jodi a?

19 Lefètke Bondye ki gen lanmou an te konsidere Abraram kòm yon moun ki jis, sa ta dwe ankouraje vrè kretyen yo jodi a. Jewova pa t deklare Abraram jis nan menm sans li deklare kretyen ki “gen menm eritaj ak Kris” yo jis, kretyen li chwazi pa mwayen lespri sen l yo. Kretyen sa yo ki pa anpil se “moun [Bondye] rele pou vin sen” e li konsidere yo kòm “pitit” li (Wom. 1:7; 8:14, 17, 33). Yon lòt bò, Abraram te vin “zanmi Bondye” depi anvan sakrifis ranson an (Jak 2:23; Iza. 41:8). Men, e kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi ankò?

20. Jodi a, ki sa Bondye vle moun li konsidere ki jis menm jan ak Abraram yo fè?

20 Kretyen ki gen esperans pou yo viv nan Paradi a pa resevwa ‘kado ki fè konnen moun jis’ pou y al viv nan syèl la grasa “liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a”. (Wom. 3:24; 5:15, 17.) Men, yo gen yon lafwa solid nan Bondye ak nan ranson li bay la e yo montre lafwa sa a nan bèl travay yo fè. Youn nan travay yo fè se ‘preche wayòm Bondye a’ epi “anseye [...] bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris” yo (Tra. 28:31). Konsa, Bondye kapab konsidere yo kòm moun ki jis menm jan ak Abraram. Kado yo resevwa a, sa vle di zanmi yo vin zanmi Bondye a diferan nèt ak “kado” kretyen ki pral nan syèl yo resevwa a. Sepandan, pa gen dout nan sa, yo gen anpil rekonesans pou kado pa yo a.

21. Ki esperans nou genyen paske Bondye gen lanmou e li jis?

21 Si w gen esperans pou w jwenn lavi etènèl sou tè a, ou bezwen konnen se pa yon dirijan sou tè a ki ba w esperans sa a paske lide l di l fè sa. Men, se Souvren linivè a ki ba w posiblite sa a akoz objektif li ki vrèman montre sajès li. Pou l rive fè sa, li pase plizyè etap. Etap sa yo mache ak vrè jistis li gen lakay li e yo montre jan lanmou Bondye genyen an estrawòdinè. Se sa k fè Pòl te di: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” — Wom. 5:8.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Pa egzanp, ide konsènan desandan Jezi te kapab genyen yo te parèt nan Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 728, paragraf 2 e 3.

Èske nou sonje?

• Ki eritaj desandan Adan yo te resevwa, e ki rezilta sa te bay?

• Ki jan Bondye te bay ranson egalego a, e sa k fè l te egalego?

• Ki posiblite w jwenn grasa kado Bondye bay lè l deklare moun jis la?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Adan, yon òm pafè te peche. Jezi, yon òm pafè te bay yon “ranson egalego”.

[Foto nan paj 15]

Ala yon bon nouvèl! Grasa Jezi Bondye kapab konsidere nou kòm moun ki jis!