Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason ranson an sove nou

Fason ranson an sove nou

Fason ranson an sove nou

“Moun ki kwè nan Pitit la, yo gen lavi etènèl. Men, [...] moun ki pa mete konfyans yo nan Pitit la, yo p ap wè lavi. Okontrè, kòlè Bondye rete sou yo.” —JAN 3:36, BIB KREYÒL LA.

1, 2. Ki youn nan rezon ki fè yo te pibliye Le Phare de la Tour de Sion?

MEN sa katriyèm nimewo jounal sa a ki te parèt ann oktòb 1879 te di: “Pa gen okenn etidyan Labib toutbonvre ki pap bay lanmò Kris la tout valè li genyen.” Nan fen atik la, yo te di pawòl sa yo avèk yon ton serye: “Annou fè atansyon ak tout bagay k ap chèche diminye enpòtans lanmò Kris la oswa ki pa ba l valè, paske li se yon ofrann ak yon sakrifis pou padone peche nou.” —Li 1 Jan 2:1, 2.

2 Youn nan rezon ki fè yo te pibliye Le Phare de la Tour de Sion an jiyè 1879 pou premye fwa, se te pou defann ansèyman Labib bay konsènan ranson an. Enfòmasyon sa yo se te “manje nan bon moman”, paske nan fen ane 1800 yo, te gen yon kantite moun, ki pa t sispann ogmante, ki te di yo se kretyen, ki te kòmanse ap mete lanmò Jezi an dout e ki te pretann lanmò sa a pa kapab sèvi kòm yon ranson pou padone peche nou (Mat. 24:45, NW). Nan epòk sa a, anpil ladan yo te kòmanse kwè nan teyori evolisyon an, yon teyori ki pa dakò avèk enfòmasyon ki pwouve lòm te soti nan pèfeksyon pou l tonbe nan peche. Moun ki kwè nan evolisyon yo fè konprann lòm ap vin pi bon poukont li e li pa bezwen yon ranson. Se sa k fè li vrèman apwopriye pou nou sonje konsèy sa a apot Pòl te bay Timote: “Veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans. Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a.” —1 Tim. 6:20, 21.

3. Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

3 Se sèten ou detèmine pou w pa “kite chemen lafwa a”. Pou lafwa w rete djanm, li ta bon pou w egzamine kesyon sa yo: Poukisa mwen bezwen ranson an? Ki sa l te koute? Ki fason mwen kapab jwenn byenfè grasa dispozisyon sa a ki gen anpil enpòtans, yon dispozisyon ki ka sove m anba kòlè Bondye?

Nou ka sove anba kòlè Bondye

4, 5. Ki sa ki montre kòlè Bondye rete sou sistèm mechan ki la kounye a?

4 Ni Labib ni istwa lèzòm montre nou depi lè Adan te tonbe nan peche a, kòlè Bondye “rete sou” limanite (Jan 3:36, Bib Kreyòl La). Lefètke pa gen okenn moun pami lèzòm ki ka sove tèt li anba lanmò k ap tann li an, se yon prèv ki montre sa byen klè. Dominasyon Satan an, ki ann opozisyon ak souvrènte Jewova, pa anmezi ditou pou l pwoteje limanite anba pwoblèm l ap rankontre yo, e pa gen okenn gouvènman lèzòm ki kapab satisfè bezwen fondamantal sitwayen y ap dirije yo genyen (1 Jan 5:19). Se sa k fè lagè, krim ak povrete kontinye ap ravaje limanite.

5 Kidonk, li klè, sistèm mechan ki la kounye a pa gen benediksyon Jewova. Pòl te di Bondye ap “montre l an kòlè kont tout konduit ki dezonore l, e kont tout enjistis ki lakay moun” yo (Wom. 1:18-20, NW). Moun k ap viv yon fason ki pa fè Bondye plezi e ki pa repanti pap chape anba konsekans move konduit yo. Jodi a, kòlè Bondye parèt nan mesaj jijman li yo ki tankou flewo ki tonbe sou monn Satan an. Enfòmasyon sa yo parèt nan anpil nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. —Rev. 16:1.

6, 7. Nan ki travay kretyen wen yo pran latèt, e ki opòtinite moun ki fè pati monn Satan an genyen toujou?

6 Èske sa vle di li twò ta pou yon moun libere anba dominasyon Satan an e pou l jwenn favè Bondye? Non. Paske pòt rekonsilyasyon avèk Jewova a louvri byen gran toujou. Kretyen wen yo, ki se “anbasadè k ap travay nan plas Kris”, pran latèt nan travay predikasyon an. Pa mwayen travay sa a, y ap sipliye moun nan tout nasyon e y ap di yo: “Vin rekonsilye ak Bondye.” —2 Kor. 5:20, 21, NW.

7 Apot Pòl te di Jezi “ap delivre nou anba kòlè Bondye k’ap vini an”. (1 Tes. 1:10.) Finalman, Jewova pral montre kòlè l lè l detwi moun k ap peche ki pa repanti yo pou toutan (2 Tes. 1:6-9). Kiyès k ap sove? Men sa Labib di: “Moun ki kwè nan Pitit la, yo gen lavi etènèl. Men, [...] moun ki pa mete konfyans yo nan Pitit la, yo p ap wè lavi. Okontrè, kòlè Bondye rete sou yo.” ​(Jan 3:36). Wi, tout moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi ak nan ranson an pral sove anba konsekans dènye jou kòlè Bondye a, jou sistèm sa a pral efase a.

Ki sa ranson an fè pou nou?

8. a) Ki bèl espwa ki t ap tann Adan ak Èv? b) Ki jan Jewova te montre li se yon Dye ki gen yon jistis pafè?

8 Bondye te kreye Adan ak Èv pafè. Si yo te rete obeyi Bondye, tè a t ap vin ranpli ak desandan yo ki t apral viv ak kè kontan nan Paradi a. Malerezman, premye paran nou yo te fè espre yo dezobeyi kòmandman Bondye a. Pakonsekan, Bondye te pwononse santans lanmò etènèl pou yo e li te mete yo deyò nan Paradi a ki te gen sou tè a. Lè Adan ak Èv te vin gen pitit, limanite te eritye peche, e finalman, premye gason ak premye fi a te vin granmoun e yo te mouri. Sa pwouve Jewova kenbe pawòl li. Anplis de sa, Jewova se yon Bondye ki gen yon jistis ki pafè. Li te avèti Adan si l manje fwi li entèdi l manje a, li t ap mouri. E se sa k te pase.

9, 10. a) Ki sa k fè desandan Adan yo mouri? b) Ki jan nou kapab chape anba lanmò etènèl la?

9 Antanke desandan Adan, nou eritye yon kò enpafè ki gen tandans peche e sa lakòz nou mouri. Lè Adan te peche, nou kapab di nou te nan ren l. Se sa k fè santans lanmò a te pou nou tou. Si Jewova t ap retire lanmò san l pa peye ranson an, li pa t ap kenbe pawòl li. Anfèt, Pòl pale de nou tout lè l te di: “Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki sòti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m, li fè m tounen esklav li. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k’ap trennen m nan lanmò?” —Wom. 7:14, 24.

10 Se sèl Jewova Dye ki te kapab mete yon baz legal pou l padone peche nou e pou l libere nou yon fason ki jis anba kondanasyon lanmò etènèl la. Li te fè sa lè l te fè Pitit li renmen anpil la sot nan syèl la pou l vin yon moun pafè sou tè a pou l te ka bay lavi l kòm ranson pou nou. Jezi pa t fè menm jan ak Adan, li te rete pafè. Anfèt, “li pat janm fè okenn peche”. (1 Pyè 2:22.) Li te kapab sèvi antanke yon papa pafè pou lèzòm. Sepandan, li te kite ènmi Bondye yo touye l yon fason pou l te ka adopte desandan Adan yo ki nan peche e pou l pèmèt moun ki demontre yo gen lafwa nan li yo jwenn lavi etènèl. Men sa Labib esplike: “Gen yon sèl Bondye e gen yon sèl entèmedyè ant Bondye ak lèzòm, yon moun, Kris Jezi, ki te bay tèt li pou tout moun kòm yon ranson egalego.” —1 Tim. 2:5, 6, NW.

11. a) Ki egzanp ki montre ki sa ranson an fè pou nou? b) Jis ki kote byenfè ranson an rive?

11 Pou nou konprann sa ranson an fè pou nou, ann imajine yon bank, mèt li yo kòwonpi, ki vòlè lajan kliyan l yo e sa fè kliyan sa yo vin gen dèt sou do yo. Avèk rezon, yo kondane mèt bank yo pou yo pase plizyè ane nan prizon. Ki sa ki pase ak moun ki te viktim yo? Moun sa yo, ki vin tonbe nan povrete, ap kapab soti nan sitiyasyon yo ye a sèlman si yon moun ki rich achte bank lan, li remèt yo lajan yo, yon fason pou yo pa gen dèt ankò. Menm jan an tou, Jewova Dye ak Pitit li renmen anpil la rachte desandan Adan yo e li efase tout dèt peche yo te genyen an sou baz san Jezi ki te vèse a. Se sa k fè Jan Batis te ka di anrapò ak Jezi: “Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè.” ​(Jan 1:29). Pami moun sou tout latè ki jwenn padon pou peche yo, genyen ki vivan e genyen ki deja mouri tou.

Sa ranson an te koute

12, 13. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Abraram nan kote l te dispoze ofri Izarak an sakrifis la?

12 Li enposib pou nou konprann egzakteman tout sa ranson an te koute Papa nou ki nan syè la ak Pitit li renmen anpil la. Men, Labib rakonte yon eksperyans ki ka ede nou reflechi sou kesyon an. Pa egzanp, imajine ki jan Abraram dwe te santi l lè l te fè twa jou ap mache pou l al Moriya, yon fason pou l te obeyi kòmandman sa a Bondye te ba li: “Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive la, w’a touye l. Apre sa, w’a boule l nèt pou mwen.” —Jen. 22:2-4.

13 Finalman, Abraram te rive kote Jewova te di l la. Imajine ki jan sa te dwe di pou li pou l mare men Izarak ak pye l e pou l mete l kouche sou lotèl li te fè a. Se pa ti rache kè l dwe t ap rache lè l t ap leve ponya a pou l touye pitit gason l lan! Imajine sa Izarak te santi lè l kouche sou lotèl la ap tann kout ponya ki t apral fè l soufri e ki t apral touye l la! Zanj Jewova a te kanpe Abraram egzakteman atan. Sa Abraram ak Izarak te fè lè sa a ede nou konprann ki sa sa dwe te koute Jewova lè l te kite patizan Satan yo touye Pitit li a. Fason Izarak te kowopere avèk papa l la montre jan Jezi te dispoze soufri epi mouri pou nou. —Ebre 11:17-19.

14. Ki evènman ki te rive nan lavi Jakòb ki ede nou konprann sa ranson an te koute?

14 Gen yon evènman ki te pase nan lavi Jakòb ki kapab ede nou konprann sa ranson an te koute. Pami tout pitit Jakòb te genyen yo, se Jozèf li te plis renmen. Malerezman, frè Jozèf yo te jalou l e yo te rayi l. Malgre sa, Jozèf te dakò pou papa l voye l al wè ki jan frè l yo te ye. Nan moman sa a, yo t ap pran swen twoupo bèt Jakòb yo nan Ebwòn ki te a anviwon 100 kilomèt nan nò lakay yo. Imajine ki jan Jakòb te santi l lè pitit li yo te retounen avèk rad Jozèf yo ki te benyen ak san! Jakòb te di: “Men wi, se [rad] pitit gason m lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l. Bèt la dechèpiye l nèt.” Tout bagay sa yo te gen yon gwo efè sou Jakòb, ki te pase anpil jou ap kriye pou Jozèf (Jen. 37:33, 34). Jewova pa reyaji egzakteman menm jan ak lèzòm enpafè devan yon sitiyasyon. Men, lè nou reflechi sou evènman sa a ki te rive nan lavi Jakòb, sa ka ede nou konprann, nan yon sèten degre, fason Bondye dwe te santi l lè yo t ap maltrete Pitit li renmen anpil la e yo te touye l yon fason atwòs.

Fason nou jwenn byenfè grasa ranson an

15, 16. a) Ki jan Jewova te montre li aksepte ranson an? b) Ki byenfè w jwenn grasa ranson an?

15 Jewova Dye te resisite Pitit li a ki te fidèl e li te ba li yon kò espirityèl glorye (1 Pyè 3:18). Pandan 40 jou, Jezi ki te resisite te parèt devan disip li yo, li te fòtifye lafwa yo e li te prepare yo pou gwo travay evanjelizasyon ki t ap tann yo a. Apre sa, li te monte nan syèl la, kote li t al ofri Bondye valè san li te vèse a genyen pou Bondye te kapab sèvi ak san sa a nan enterè vrè disip li yo, ki demontre yo gen lafwa nan sakrifis sa a li te bay kòm ranson an. Jewova Dye te montre li aksepte ranson Kris te bay la lè l te bay Kris lespri sen pou l vide sou disip li yo ki te reyini nan Jerizalèm nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. —Tra. 2:33.

16 San pran tan, disip Kris ki wen yo te kòmanse fè lòt moun konnen yo kapab chape anba kòlè Bondye lè yo batize nan non Jezi Kris e, konsa, yo kapab jwenn padon pou peche yo. (Li Travay 2:38-40.) Depi gwo jou sa a pou jis kounye a, plizyè milyon moun nan tout nasyon vin gen relasyon ak Bondye grasa lafwa yo genyen nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an (Jan 6:44). Nan pwen nou rive la a, nou bezwen reflechi sou de lòt kesyon: Èske gen yon moun pami nou ki jwenn esperans lavi etènèl la paske li fè bon aksyon? Èske li posib pou nou pèdi bèl esperans sa a apre nou fin jwenn li?

17. Ki jan w ta dwe konsidere benediksyon san parèy ou genyen pou w zanmi Bondye a?

17 Pa gen okenn nan nou ki merite pou Bondye te bay ranson an pou li. Men, gen plizyè milyon moun jodi a ki vin zanmi Bondye e ki gen esperans pou yo gen lavi etènèl nan paradi sou tè a paske yo mete lafwa yo nan ranson an. Sepandan, lefètke yon moun vin zanmi Jewova, sa pa ba l yon garanti l ap toujou gen bon relasyon avè l. Pou nou ka chape nan jou kòlè Bondye k ap vini an, nou dwe kontinye demontre nou gen anpil rekonesans pou “ranson Kris Jezi te peye a”. —Wom. 3:24, NW; li Filipyen 2:12.

Annou kontinye mete lafwa nou nan ranson an

18. Ki bagay konsa ki kapab demontre yon moun gen lafwa nan ranson an?

18 Tèks ki soutni tèm atik la, Jan 3:36, montre yon moun ki demontre li gen lafwa nan Jezi Kris, Seyè a, ap obeyi l. Rekonesans nou genyen pou ranson an ta dwe pouse nou viv ann amoni ak ansèyman Jezi yo, sa gen ladan l ansèyman li te bay nan domèn moral yo (Mak 7:21-23). “Kòlè Bondye ap vini sou” tout moun k ap pratike sa ki mal tankou fònikasyon, k ap bay blag betiz, e k ap pratike “salte sou kèlkeswa fòm nan”, sa gen ladan l moun ki kontinye ap gade pònografi e ki pa repanti. —Efe. 5:3-6, NW.

19. Ki bon fason nou ka montre nou gen lafwa nan ranson an?

19 Rekonesans nou gen pou ranson an ta dwe ede nou kontinye fè ‘aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye’. (2 Pyè 3:11, NW.) Annou pran plis tan pou nou priye regilyèman ak tout kè nou, pou nou etidye Bib la pèsonèlman, pou nou asiste reyinyon yo, pou nou fè adorasyon an fanmi e pou nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon Wayòm nan. Epi annou ‘pa bliye pou nou fè sa ki byen e pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi’. —Ebre 13:15, 16.

20. Ki benediksyon moun ki kontinye demontre yo gen lafwa nan ranson an kapab jwenn alavni?

20 Lè Jewova vide kòlè l sou sistèm mechan ki la kounye a, se pa ti kontan nou pral kontan dèske nou te demontre nou gen lafwa nan ranson an e nou te toujou montre nou gen rekonesans pou li! E nan monn nouvo Bondye pwomèt la, nou pral montre pandan tout letènite nou gen rekonesans pou dispozisyon estrawòdinè sa a ki te sove nou anba kòlè Bondye. —Li Jan 3:16; Revelasyon 7:9, 10, 13, 14.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa nou bezwen ranson an?

• Ki sa ranson an koute?

• Ki byenfè nou jwenn nan ranson an?

• Ki jan nou ka demontre nou gen lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Pòt rekonsilyasyon avèk Jewova a louvri byen gran.

[Foto nan paj 15]

Si nou medite sou evènman sa yo ki te pase nan lavi Abraram, Izarak ak Jakòb, sa ka ede nou apresye tout sa ranson an te koute.