Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kote moun ka jwenn yon vrè konsolasyon ?

Ki kote moun ka jwenn yon vrè konsolasyon ?

Ki kote moun ka jwenn yon vrè konsolasyon ?

“ Bondye Jezi Kris, [...] wi [...] Papa Seyè nou an [...] konsole nou nan tout tribilasyon nou. ” — 2 KORENTYEN 1:3, 4.

1. Ki sitiyasyon ki ka frape yon moun ki vin fè l bezwen bonjan soulajman ?

YON moun ki gen yon maladi ki rann li enfim kapab panse lavi l fini. Tranblemanntè, siklòn, gwo grangou ka kite moun de bra pandye. Lè gen lagè, moun konn pèdi fanmi yo, kay yo konn kraze oubyen yo konn oblije pati kite kay yo ak tout lòt bagay yo posede. Enjistis k ap fèt ka fè moun panse nanpwen kote w ka ale pou w jwenn yon souf. Moun ki viktim anba sitiyasyon konsa pa konn sa yo ta bay pou yo jwenn yon soulajman. Men, ki kote y ap jwenn li ?

2. Sa k fè pa gen tankou konsolasyon Jewova bay la ?

2 Gen moun e gen òganizasyon ki fè efò pou yo ede moun yo. Lè yo di yo bon ti pawòl ki pou konsole yo, yo apresye sa. Yo konn ba yo manje, rad ak lòt bagay ankò, e sa konn pèmèt yo amelyore sitiyasyon yo pou yon ti tan. Men, se sèl Jewova, vrè Dye a, ki ka repare tout dega malè sa yo fè, e se li menm sèl ki ka bay kalite èd ki nesesè pou sitiyasyon konsa pa janm rive ankò. An rapò ak sa, men ki sa Bib la di : “ Benediksyon pou Bondye Jezi Kris la, wi pou Papa Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye konsolasyon an ki konsole nou nan tout tribilasyon nou, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye ki konsole nou an. ” ​(2 Korentyen 1:3, 4). Ki jan Jewova konsole nou ?

Ann antre nan rasin pwoblèm nan

3. Sa k fè nou ka di konsolasyon Bondye bay la touche rasin pwoblèm limanite genyen ?

3 Se tout limanite ki eritye enpèfeksyon akoz peche Adan te fè a. Sa vin kreye anpil pwoblèm, pwoblèm ki menm mennen nou nan lanmò (Women 5:12). Vin jwenn se Satan ankò ki “ chèf monn sa a ”, sa fè sitiyasyon an vin pi mal (Jan 12:31 ; 1 Jan 5:19). Jewova pa annik rete nan bouch, li di sitiyasyon limanite ladan l lan fè l lapenn, li aji. Li voye sèl Pitit li fè a kòm ranson pou nou ka delivre. Li di nou ka soti anba konsekans peche Adan an si nou demontre nou gen lafwa nan Pitit li a (Jan 3:16 ; 1 Jan 4:10). Bondye predi tou Jezi Kris, sila a li bay tout otorite sou tè a ak nan syèl la, pral detwi Satan ansanm ak tout sistèm mechan l lan. — Matye 28:18 ; 1 Jan 3:8 ; Revelasyon 6:2 ; 20:10.

4. a) Ki sa Jewova ban nou pou nou ka gen plis konfyans nan pwomès li yo ? b) Ki jan Jewova ede nou konprann ki lè konsolasyon pa l la ap vini ?

4 Pou Bondye ka fè nou gen plis konfyans nan pwomès li fè yo, li kite yon pakèt prèv pou nou ki montre kèlkeswa sa l di a, l ap fèt (Jozye 23:14). Nan Bib la, li mete istwa ki montre sa l te fè pou l delivre sèvitè l yo lè yo te nan sitiyasyon moun te ka panse ki pa gen solisyon (Egzòd 14:4-31 ; 2 Wa 18:13–19:37). Jewova sèvi ak Jezi Kris pou l montre li gen nan pwogram li pou l geri moun ki gen “ tout kalite enfimite ” e pou l menm resisite moun ki mouri (Matye 9:35 ; 11:3-6). Ki lè tout bagay sa yo ap fèt ? Bib la bay repons lan. Li esplike ki jan dènye jou ansyen sistèm sa a ap ye anvan syèl tou nèf ak tè tou nèf Bondye pwomèt la etabli. Fason Jezi te pale de dènye jou yo koresponn ak epòk n ap viv ladan l lan. — Matye 24:3-14 ; 2 Timote 3:1-5.

Konsolasyon pou yon pèp ki t ap pase tray

5. Lè Jewova t ap konsole pèp Izrayèl, sou ki sa li te atire atansyon l ?

5 Nan fason Jewova te aji ak pèp Izrayèl la, nou aprann ki jan li te bay yo konsolasyon nan moman difisil. Li te fè yo sonje ki kalite Bondye li ye. Sa te fè yo vin gen plis konfyans nan pwomès li yo. Jewova te konn fè pwofèt li yo montre bèl diferans ki genyen ant li menm, ki vrè Bondye a e ki Bondye vivan an, ak idòl yo, yo menm ki pa ka ede ni pwòp tèt yo, ni moun k ap adore yo (Izayi 41:10 ; 46:1 ; Jeremi 10:2-15). Jewova te di Izayi : “ Konsole, konsole pèp mwen an. ” Lè l te di sa a, se motive l te motive pwofèt li a pou l sèvi ak kreyasyon Li fè a kòm egzanp pou l demontre grandè Jewova antanke sèl vrè Bondye a. — Izayi 40:1-31.

6. Ki presizyon Jewova te konn bay pafwa sou lè pèp li a t apral delivre ?

6 Pafwa, pou Jewova bay konsolasyon, li te konn di egzakteman ki lè pèp li a ap delivre, kit se nan yon tan ki pre, kit se nan yon tan ki lwen. Pa egzanp, lè moman an t ap pwoche pou Jewova libere Izrayelit ki t ap pase mizè anba men Ejipsyen yo, li te di : “ M pral voye yon lòt flewo ankò sou Farawon ak Ejip. Apre sa l ap ranvwaye nou. ” ​(Egzòd 11:1). Sou wa Yewochafat, te gen twa nasyon ki te fè alyans ansanm, ki te vin anvayi Jida. Nan okazyon sa a, Jewova te di “ demen ” l ap aji pou yo (2 Kwonik 20:1-4, 14-17). Yon lòt bò, depi prèske 200 an alavans, Izayi te ekri Izrayelit yo t ap delivre anba men Babilòn. Pi devan, prèske santan alavans, Jeremi te bay plis detay sou sa. Se pa ti ankourajman sèvitè Bondye yo te jwenn nan pwofesi sa yo lè delivrans n ap pale a te prèske rive ! — Izayi 44:26–45:3 ; Jeremi 25:11-14.

7. Byen souvan, ki sa pwomès delivrans yo te konn genyen ladan yo ? Ki efè sa te fè sou Izrayelit ki te fidèl yo ?

7 Li bon pou nou note pwen sa a : byen souvan pwomès ki bay pèp Bondye a konsolasyon konn genyen pwen ki gen rapò ak Mesi a (Izayi 53:1-12). Jenerasyon ale, jenerasyon vini, pwofesi sa yo te bay moun ki fidèl yo espwa nan tout eprèv yo t ap rankontre. Men ki sa Lik 2:25 di : “ Se konsa, te gen yon mesye Jerizalèm ki te rele Simeyon, e mesye sa a te yon moun ki jis e ki krenn Bondye. Li t ap tann konsolasyon Izrayèl la, e lespri sen te sou li. ” Simeyon te konnen Pawòl Bondye a te bay yon esperans ki di gen yon Mesi k ap vini e li te tèlman ap tann akonplisman pwofesi sa a, sa te enfliyanse tout vi l. Aktout li pa t fin byen konnen ki jan pwofesi sa a t apral akonpli, e aktout li pa t viv ase lontan pou l te wè delivrans yo te anonse a tounen reyalite, li te kontan lè l te wè Moun ki t apral sèvi kòm mwayen pou Bondye “ bay lavi a ”. — Lik 2:30.

Konsolasyon yo te jwenn grasa Kris

8. Fè yon konparezon ant èd Jezi te konn bay ak sa moun yo te panse yo te bezwen.

8 Lè Jezi t ap akonpli ministè l sou tè a, se pa tout lè li te konn bay moun yo èd yo te panse yo te bezwen an. Gen moun ki t ap tann yon Mesi ki pou vin delivre yo anba dominasyon Wòm, yon dominasyon yo te rayi. Men, Jezi pa t vin fè revolisyon. Okontrè li te di yo pou yo “ remèt Seza sa k pou Seza ”. (Matye 22:21.) Pwogram Bondye a te vize pi lwen pase libere moun anba yon rejim politik. Pèp la te vle mete Jezi wa, men li te di li dwe “ bay nanm li kòm ranson pou anpil moun ”. (Matye 20:28 ; Jan 6:15.) Moman an pa t ko rive pou yo te mete l wa e se Jewova ki t apral ba l pouvwa a, se pa yon foul moun ki mekontan.

9. a) Jezi te konn pwoklame yon mesaj ki bay konsolasyon, ki mesaj sa a ? b) Ki jan Jezi te montre rapò mesaj sa a genyen ak pwoblèm moun yo t ap rankontre nan lavi yo ? c) Pou ki bagay Jezi te poze baz pandan ministè l ?

9 Konsolasyon Jezi te konn bay la te chita sou “ bon nouvèl wayòm Bondye a ”. Se mesaj sa a Jezi te preche tout kote l pase (Lik 4:43). Li te montre rapò mesaj sa a genyen ak pwoblèm moun yo ap rankontre chak jou. Pou l te fè sa, li te bay yon demonstrasyon sou sa li gen pou l fè pou limanite antanke chèf mesyanik. Sa l te akonpli te bay moun k ap soufri yo plis rezon pou yo viv toujou : li te fè moun ki avèg wè ak moun ki bèbè pale (Matye 12:22 ; Mak 10:51, 52), li te geri andikape (Mak 2:3-12), li te retire yon Izrayelit anba yon maladi ki repiyan (Lik 5:12, 13) e li te delivre moun yo anba lòt maladi grav ankò (Mak 5:25-29). Se pa ti konsolasyon li te pote lakay kèk fanmi ki te nan lapenn lè l te resisite pitit yo ki te mouri (Lik 7:11-15 ; 8:49-56). Li te bay yon demonstrasyon sou kapasite l genyen pou l metrize tanpèt e pou l bay gwo foul moun manje (Mak 4:37-41 ; 8:2-9). E sa pa t rete la. Jezi te anseye moun yo yon seri de prensip sou fason pou yo viv ki pou te ede yo byen debouye yo anba pwoblèm y ap rankontre. E menm prensip sa yo bay espwa pou moun viv anba yon dominasyon ki jis lè Mesi a ap dirije. Sa vin fè, lè Jezi t ap akonpli ministè l sou tè a, li pa t kontante l sèlman pou l te rekonfòte moun ki te gen lafwa nan li yo alepòk, men tou, li te poze baz ki pou ankouraje moun ki t apral viv pandan syèk ki t ap vini yo.

10. Ki sa ki vin posib grasa sakrifis Jezi a ?

10 Plis pase 60 an apre Jezi fin bay vi l an sakrifis, apre l te fin resisite pou l al nan syèl, apot Jan, ki t ap ekri anba enspirasyon, te di : “ Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou bagay sa yo pou nou pa fè peche. Malgre sa, si sa rive yon moun fè yon peche, nou gen yon asistan bò kot Papa a, anpalan de Jezi Kris, yon moun ki jis. E li se yon sakrifis pwopisyatwa pou peche nou, e se pa sèlman pou peche pa nou, men tou se pou peche lemonnantye. ” ​(1 Jan 2:1, 2). Grasa byenfè nou jwenn nan sakrifis Jezi te fè antanke moun ki pafè, nou jwenn yon bèl konsolasyon. Nou konnen nou ka jwenn padon pou peche nou, nou ka gen yon konsyans ki pwòp, nou ka gen bonjan relasyon avèk Bondye e nou ka gen espwa pou nou viv pou toutan. — Jan 14:6 ; Women 6:23 ; Ebre 9:24-28 ; 1 Pyè 3:21.

Lespri sen antanke konsolatè

11. Anvan Jezi te mouri li te pale de yon lòt dispozisyon ki t apral pote konsolasyon. Ki dispozisyon sa a ?

11 Dènye jou swa anvan Jezi te mouri, lè sa a li te ansanm ak apot li yo, li te pale de yon dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou yo jwenn konsolasyon. Men ki sa l te di : “ Mwen va mande Papa a e li va ban nou yon lòt asistan [konsolatè, an grèk paraklètos] ki pou avèk nou toutan, lespri verite a. ” Apre sa, li te bay disip yo asirans, li te di : “ Asistan an, lespri sen, [...] ap anseye nou tout bagay e l ap raple nou tout bagay mwen te di nou. ” ​(Jan 14:16, 17, 26). Ki jan lespri sen te ba yo konsolasyon sa a menm ?

12. Ki jan lespri sen, nan wòl li te jwe antanke èd memwa pou disip Jezi yo, te konsole anpil moun ?

12 Jezi te bay apot yo yon gwo fòmasyon, yon fòmasyon yo pa t ap janm bliye. Men, èske yo t apral sonje tout sa Jezi te di yo ? Piske yo gen yon memwa ki fè defo, èske yo pa t ap bliye yon seri de enstriksyon enpòtan yo te aprann nan men l ? Jezi te ba yo asirans lespri sen t apral ‘ fè yo sonje tout bagay li te di yo ’. Se sa ki te fè, uit an apre lanmò Jezi, Matye te kapab ekri premye Levanjil la. Ladan l, li mete diskou rekonfòtan Jezi te fè ki rele Sèmon sou montay la, li mete yon bon kantite egzanp ki gen rapò ak Wayòm nan ansanm ak konvèsasyon kote li te bay detay sou siy prezans li a. Plis pase 50 an apre, apot Jan te anmezi pou l bay anpil detay ki fyab sou dènye moman Jezi te pase sou tè a. Se pa ti ankourajan istwa sa yo ki nan Bib la ankourajan pou nou menm k ap viv jodi a !

13. Ki jan lespri sen te sèvi premye kretyen yo kòm anseyan ?

13 Lespri sen pa t sèlman fè disip yo sonje pawòl Jezi te di yo, li te anseye yo e li te gide yo pou yo konprann pwogram Bondye pi byen. Lè Jezi te ak disip li yo, li te di yo yon seri de bagay yo pa t ko ka konprann byen. Men pi devan, lespri sen te pouse Jan, Pyè, Jak, Jid ak Pòl pou yo bay plis esplikasyon sou fason pwogram Bondye t apral reyalize. Nan sans sa a, lespri sen te yon anseyan pou yo, sa ki te ba yo bon jan asirans se Bondye k ap dirije yo.

14. Nan ki domèn lespri sen te ede pèp Jewova a ?

14 Don estrawòdinè lespri sen te bay yo te yon mwayen ki pou ede yon moun wè byen klè se pa pèp Izrayèl la ki te gen favè Bondye ankò, men se kongregasyon kretyen yo ki te gen favè l (Ebre 2:4). Yon lòt siy ki te montre kiyès ki disip Jezi yo toutbonvre, se jan yo chak t ap demontre fwi lespri sen an lakay yo (Jan 13:35 ; Galat 5:22-24). Lespri sen te bay manm ki nan kongregasyon kretyen yo fòs pou yo preche avèk kran san yo pa kraponnen. — Travay 4:31.

Èd anba gwo eprèv

15. a) Ki sitiyasyon difisil ni kretyen lontan, ni kretyen jodi a rankontre ? b) Sa k fè yon moun k ap bay ankourajman ka bezwen pafwa pou yo ankouraje l tou ?

15 Tout moun ki devwe nan sèvis Jewova e ki fidèl devan l jwenn pèsekisyon yon fason oubyen yon lòt (2 Timote 3:12). Gen anpil kretyen ki pase anba eprèv ki rèd anpil. Nan epòk nou an menm, genyen ki jwenn gwo pwovokasyon nan men foul moun, genyen yo lage nan kan konsantrasyon, nan prizon, genyen k ap fè travay fòse nan yon seri kondisyon ki pa fèt pou moun viv. Gen gouvènman menm ki pèsekite nou oubyen ki kite yon seri de moun ki pa respekte lalwa fè vyolans sou nou san yo pa fè yo anyen. E se pa sa sèlman. Gen kretyen ki tonbe anba gwo maladi oubyen ki gen gwo pwoblèm anndan fanmi yo. Yon kretyen ki gen matirite k ap plede ede kretyen parèy li ki nan sitiyasyon difisil, li menm tou li ka rankontre eprèv. Nan yon ka konsa, yon moun k ap bay ankourajman ka bezwen pou yo ba l ankourajman tou.

16. Lè David te anba gwo eprèv, ki èd li te jwenn ?

16 Wa Sayil t ap chèche David pou l touye l, e lè sa a, David te vire kot Bondye pou l jwenn èd. Men ki sa l te di : “ O Bondye, tande priyè m non. ” E l te kontinye, li di : “ Se anba lonbraj zèl ou mwen pran refij. ” ​(Sòm 54:2, 4 ; 57:1) Èske David te jwenn èd ? Wi. Pandan peryòd sa a, Jewova te sèvi ak pwofèt Gad e ak prèt Abyata pou l montre David sa pou l fè. Li te sèvi ak Yonatàn, pitit Sayil, pou l bay ti jennonm nan fòs (1 Samyèl 22:1, 5 ; 23:9-13, 16-18). Jewova te kite Filisten yo atake peyi a e sa te fè Sayil sispann kontinye chèche David. — 1 Samyèl 23:27, 28.

17. Kiyès Jezi te mande èd lè l t ap sibi gwo eprèv ?

17 Lè Jezi te prèske fin pase tan li te gen pou l fè sou tè a, li te anba gwo eprèv. Li te byen konsyan jan li t ap aji t ap gen yon efè sou non Papa l ki nan syèl la. Li te konsyan de jan avni limanite enplike nan sitiyasyon sa a. Li te priye ak tout kè l e li te menm gen “ kè sere ”. Bondye te veye pou Jezi te jwenn èd li te bezwen nan moman difisil sa a. — Lik 22:41-44.

18. Ki jan Bondye te soutni premye kretyen yo lè yo te jwenn pèsekisyon ki rèd ?

18 Lè kongregasyon kretyen yo te fin fonde nan premye syèk la, pèsekisyon an te tèlman rèd, tout kretyen yo te oblije kouri kite Jerizalèm, anwetan apot yo. Yo te trennen gason kou fi mete deyò lakay yo. Ki jan Bondye te soutni yo ? Kretyen yo te jwenn yon asirans ki soti nan Pawòl li a menm ki montre yo ‘ gen yon bagay yo posede ki pi bon e k ap dire pi plis ’, yon eritaj nan syèl la ansanm ak Kris, yon eritaj ki sèten (Ebre 10:34 ; Efezyen 1:18-20). Tank yo t ap kontinye preche, se tank yo te konstate yo gen lespri sen Bondye avèk yo e eksperyans yo te fè yo te ba yo plis rezon pou yo gen kè kontan. — Matye 5:11, 12 ; Travay 8:1-40.

19. Menmsi Pòl te jwenn gwo pèsekisyon, ki sa l te panse de konsolasyon Bondye bay la ?

19 Sòl (oswa Pòl), yon ansyen pèsekitè ki te mechan anpil, te vin yon moun yo te konn ap chèche pou yo pèsekite poutèt li te vin kretyen. Etan l te sou yon zile ki rele Chip, te gen yon divinò ki t ap fè magouy e ki t ap tòde sans laverite yon fason pou l ka anpeche Pòl akonpli ministè l. Etan l te Galat, yo te lapide l e yo te panse l mouri (Travay 13:8-10 ; 14:19). Nan Masedwàn, yo te bat li ak baton (Travay 16:22, 23). Nan Efèz, yon foul te maltrete l e, an rapò ak sa, li te di : “ Nou te anba yon eprèv ki te rèd anpil e ki te depase fòs nou, nan yon pwen kote nou te menm pè pou vi nou. Wi, nou te santi nan nou menm se kòmsi nou te resevwa santans lanmò. ” ​(2 Korentyen 1:8, 9). Men, se nan menm lèt sa a Pòl te ekri pawòl ankourajan nou te wè nan paragraf 2 atik sa a. — 2 Korentyen 1:3, 4.

20. Sou ki sa nou pral pale nan lòt atik la ?

20 Ki jan ou menm ou ka bay konsolasyon tou ? Jodi a, gen anpil moun ki bezwen sa lè yo nan lapenn swa paske yo pami plizyè milye moun malè frape oubyen paske yo gen tribilasyon pa yo y ap sibi. Nan lòt atik la, nou pral pale sou fason nou ka konsole moun ki nan ka sa yo.

Èske nou sonje ?

• Sa k fè pa gen tankou konsolasyon Bondye bay la ?

• Ki jan Bondye te sèvi ak Kris pou l bay konsolasyon ?

• Ki jan lespri sen te jwe wòl konsolatè ?

• Bay kèk ka kote Bondye te konsole sèvitè l yo lè yo te anba eprèv ki rèd anpil.

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Bib la montre Jewova konsole pèp li a lè l delivre l.

[Foto nan paj 23]

Jezi te konsole moun yo lè l te anseye yo, lè l te geri malad ak lè l te resisite moun ki mouri.

[Foto nan paj 25]

Jezi te jwenn èd ki sot nan syèl la.