Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka pote laviktwa sou lahèn!

Nou ka pote laviktwa sou lahèn!

Èske w te janm viktim lahèn?

Si repons lan se non, petèt ou te deja wè l sou yon fòm oswa yon lòt. Nouvèl yo chaje ak rapò sou moun ki rasis, moun ki rayi moun ki omoseksyèl ak moun ki rayi etranje, yon seri santiman ki chita sou ras, sèks moun oswa nasyonalite yo. Kòm konsekans, anpil gouvènman ap tabli lwa kont krim lahèn lakòz.

Li fasil pou lahèn lakòz plis lahèn. Souvan, moun ki viktim lahèn yo fè vanjans e yo alimante yon chenn lahèn ki pa janm sispann.

Petèt ou te deja viktim prejije, moun ki gen move lide sou ou, k ap fawouche w, k ap pwovoke w e k ap maltrete w. Sa k pi rèd la, lahèn konn mennen pi lwen. Souvan, li konn lakòz anpil gwo mechanste tankou brimad, kraze afè moun, pwovokasyon, vyòl, lanmò e menm jenosid.

Peryodik sa a pral abòde kesyon ki vin apre yo e l pral montre ki jan nou ka pot laviktwa sou lahèn:

  • Poukisa gen tout lahèn sa a?

  • Ki jan nou ka kase chenn lahèn nan?

  • Èske yon jou pap janm gen lahèn ankò?