Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

KANTIK 73 Fè nou gen kran

Met kran sou ou menm jan ak Zadòk

Met kran sou ou menm jan ak Zadòk

“Zadòk [te] yon jèn gason vanyan ki te gen kran.”1 KWO. 12:28.

PWEN KLE

Fason egzanp Zadòk kapab ede n gen kran.

1-2. Kiyès Zadòk te ye? (1 Kwonik 12:​22, 26-28).

 ESEYE imajine sa k te pase a: Plis pase 340000 gason te rasanble pou yo te met David wa sou tout Izrayèl. Pandan twa jou, mesye yo te kanpe sou yon seri ti mòn ki te gen wòch toupre Ebwon. Yo t ap ri, yo t ap pale e yo t ap chante pou yo fè louwanj pou Jewova (1 Kwo. 12:39). Te gen yon jèn gason nan gwo foul sa a ki te rele Zadòk. Anpil moun pa t ap remake si l te la. Men, Jewova te vle nou konnen Zadòk te la. (Li 1 Kwonik 12:​22, 26-28.) Kiyès Zadòk te ye?

2 Zadòk se te yon prèt ki te konn travay ansanm ak gran prèt Abyata. Epitou, Zadòk te yon moun ki te konn fè vizyon e Bondye te ba l anpil sajès ak kapasite pou l konprann volonte l (2 Sam. 15:27). Moun te konn al kot Zadòk lè yo te bezwen bon konsèy. Li te yon moun ki te gen kran tou. Se sou aspè sa a nan pèsonalite l nou pral pale nan atik sa a.

3. a) Sa k fè sèvitè Jewova yo bezwen met kran sou yo? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Pandan dènye jou sa yo, Satan ap atake pèp Bondye a pi plis toujou (1 Pyè 5:8). Nou bezwen met kran sou nou toutpandan n ap tann Jewova elimine Satan ak vye monn li an (Sòm 31:24). Ann wè twa fason nou kapab imite Zadòk ki te gen kran.

SOUTNI WAYÒM BONDYE A

4. Poukisa sèvitè Jewova yo bezwen met kran sou yo pou yo soutni wayòm Bondye a? (Gade foto a tou.)

4 Antanke pèp Jewova, nou soutni Wayòm Bondye a ak tout kè nou, men byen souvan, nou bezwen met kran sou nou pou n fè sa (Mat. 6:33). Pa egzanp, nan monn mechan sa a, nou bezwen gen kran pou n suiv prensip Jewova yo e pou n preche bon nouvèl Wayòm nan (1 Tes. 2:2). E byen souvan, sa mande kran pou n pa mele nan politik nan monn sa a ki vin gen plis divizyon chak jou (Jan 18:36). Anpil nan sèvitè Jewova yo gen pwoblèm ekonomik, yo konn maltrete yo oubyen yo konn mete yo nan prizon paske yo pa vle mele nan politik oswa antre nan lame.

Lè lòt moun ap di pou kiyès yo ye nan kesyon politik, ki sa w ap fè? (Gade paragraf 4.)


5. Sa k fè Zadòk te bezwen met kran sou li pou l soutni David?

5 Zadòk pa t jis al Ebwon pou l fete paske David te vin wa. Li te mache ak zam li e l te pare pou l batay (1 Kwo. 12:38). Li te dispoze al nan lagè ansanm ak David pou l defann Izrayèl kont ènmi l yo. Petèt Zadòk pa t gen anpil eksperyans antanke sòlda, men l te gen anpil kran.

6. Ki jan David te bay Zadòk bèl egzanp antanke moun ki te gen kran? (Sòm 138:3).

6 Ki jan yon prèt tankou Zadòk te fè vin gen tout kran sa a? Li te konn anpil gason vanyan ki te gen kran. Pa gen dout, egzanp mesye sa yo te ede l. David, pa egzanp, se te yon moun ki te gen kran ki te “konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè”, e sa te pouse tout pèp la soutni l ak tout kè yo (1 Kwo. 11:​1, 2). David te toujou konte sou Jewova pou l jwenn èd pou l konbat ènmi l yo. (Sòm 28:7; Li Sòm 138:3.) Zadòk te aprann nan egzanp yon seri lòt mesye ki te gen kouraj nan epòk li a, tankou Jewoyada ak Benaya, pitit gason Jewoyada, ki te nan lame, san wete 22 lòt chèf tribi ki te ansanm ak David (1 Kwo. 11:​22-25; 12:​26-28). Tout mesye sa yo te pran detèminasyon pou yo soutni David antanke wa yo.

7. a) Ki moun nan epòk pa nou an ki ban nou egzanp antanke moun ki te gen kran? b) Ki sa w aprann nan egzanp frè Nsilu, jan sa parèt nan videyo a?

7 Lè n reflechi sou egzanp moun ki te met kran sou yo pou yo te kapab ret fidèl ak Jewova e ak Wayòm li an, sa fè n gen fòs ak kouraj. Kris Jezi, Wa nou an, te kenbe tennfas devan presyon l te jwenn pou l te mele nan sistèm politik ki gen nan monn Satan an (Mat. 4:​8-11; Jan 6:​14, 15). Li te toujou konte sou Jewova pou ba l fòs. Nan epòk pa nou an tou, nou gen yon pil ak yon pakèt egzanp jèn gason ki te refize antre nan lame oswa patisipe nan aktivite politik. Nou ankouraje w li eksperyans frè sa yo sou jw.org. a

EDE FRÈ W AK SÈ W YO

8. Ki lè ansyen yo ka bezwen met kran sou yo pou yo ede frè ak sè yo jwenn sa yo bezwen?

8 Sèvitè Jewova yo renmen ede youn lòt (2 Kor. 8:4). Men, pafwa, yo bezwen met kran sou yo pou yo fè sa. Pa egzanp, lè gen lagè, ansyen ki nan zòn nan rann yo kont frè ak sè yo bezwen ankourajman, yo bezwen èd, e yo ka bezwen piblikasyon, manje ak rad ak kote pou yo rete. Lefètke ansyen yo renmen frè ak sè yo, yo menm riske lavi yo pou ede yo jwenn sa yo bezwen (Jan 15:​12, 13). Konsa, yo suiv egzanp Zadòk ki te gen kran.

9. Jan nou wè sa nan 2 Samyèl 15:​27-29, ki sa David te mande Zadòk fè? (Gade foto a tou.)

9 Lavi David te an danje. Absalon, pitit gason l, te detèmine pou l pran wayòm nan nan men l (2 Sam. 15:​12, 13). David te bezwen kouri kite Jerizalèm san pèdi tan! Li te rele sèvitè l yo li te di yo: “Leve, ann kouri ale paske nou youn pap ka chape anba men Absalon!” (2 Sam. 15:14). Pandan sèvitè David yo t ap kite Jerizalèm, David te vin rann li kont li te bezwen yon moun pou rete Jerizalèm pou fè l konnen ki sa Absalon t ap manniganse. Donk, li te fè Zadòk ak kèk lòt prèt retounen nan vil la pou y al fè espyon. (Li 2 Samyèl 15:​27-29.) Yo te bezwen pran anpil prekosyon. Sa David te mande prèt sa yo fè a te gen danje ladan l, e yo te ka menm pèdi lavi yo. Absalon te yon moun ki te wè tèt li sèlman, ki te vyolan e ki te trèt. Imajine sa l te ka fè Zadòk ak lòt prèt yo si l ta vin aprann yo t ap fè espyon pou David pou yo te pwoteje l!

David te voye Zadòk nan yon misyon ki te gen anpil danje. (Gade paragraf 9.)


10. Ki jan Zadòk ak moun ki te ansanm avè l yo te pwoteje David?

10 David te monte yon plan e l te mande Zadòk ak Ouchayi, yon lòt zanmi li te genyen ki te fidèl, pou ede l ak plan li te genyen an (2 Sam. 15:​32-37). Vrèmanvre, Ouchayi te fè sa David te di l la. Li te pran pòz li t ap soutni Absalon, li te ba l yon konsèy sou fason pou l atake David, sa ki t ap bay David tan pou l prepare l si yo ta deside fè sa. Apre sa, Ouchayi te fè Zadòk ak Abyata konnen ki jan plan an t ap mache (2 Sam. 17:​8-16). Konsa, de mesye yo te kapab voye yon mesaj bay David (2 Sam. 17:17). Grasa èd Jewova, Zadòk ak lòt prèt yo te ede David pou anyen mal pa t rive l. — 2 Sam. 17:​21, 22.

11. Ki jan nou kapab imite Zadòk, yon moun ki te gen kran, lè n ap ede frè n ak sè n yo?

11 Si yo ta mande n ede frè n ak sè n yo nan moman gen danje, ki jan nou kapab montre nou gen kran menm jan ak Zadòk? 1) Suiv enstriksyon yo ban nou. Nan moman sa yo li enpòtan pou n kontinye gen tèt ansanm. Nou bezwen suiv enstriksyon frè ki nan filyal peyi nou ye a ban nou (Ebre 13:17). Detanzantan, ansyen yo bezwen egzamine dispozisyon ki pran nan kongregasyon an pou fè preparasyon pou si ta vin gen yon katastwòf e yo bezwen suiv enstriksyon òganizasyon an bay sou sa pou yo fè lè gen yon katastwòf (1 Kor. 14:​33, 40). 2) Met kran sou nou, men pran prekosyon (Pwo. 22:3). Reflechi anvan n aji. Pa pran risk ki pa nesesè. 3) Met konfyans nou nan Jewova. Sonje Jewova pa vle pou anyen mal rive ni ou menm ni frè ak sè yo. Li kapab montre w fason pou w ede yo san w pa met lavi w an danje.

12-13. Ki sa w aprann nan eksperyans Viktor ak Vitalii te fè yo? (Gade foto a tou.)

12 Ann pran egzanp Viktor ak Vitalii, de nan frè nou yo, ki te konn pot manje ak dlo bay plizyè frè ak sè pandan gè nan peyi Ikrèn nan. Men sa Viktor di: “Nou te chèche manje tout kote. Souvan, te konn gen tire toupre nou an. Gen yon frè ki te bay manje li te gen nan yon depo pou ede frè ak sè yo. Pwovizyon li te bay yo te ede anpil pwoklamatè jwenn sa yo te bezwen pou yo viv, e sa te itil yo pandan plizyè jou. Pandan n t ap met bagay yo nan machin nou an, gen yon bonm ki te tonbe nan yon distans anviwon 20 mèt parapò ak kote nou te ye a. Mwen te sipliye Jewova plizyè fwa pandan jounen an pou l te ban m kouraj pou m te kontinye ede pwoklamatè yo.”

13 Men sa Vitalii di: “Nou te bezwen gen anpil kouraj. Premye vwayaj mwen te fè a te pran 12 èdtan. Mwen te priye Jewova sou tout wout la.” Vitalii te gen kran, men li te pran prekosyon tou. Men sa l di ankò: “Mwen pa t sispann mande Jewova pou l ban m sajès e pou l ede m ret nan limit mwen. Mwen te kondui sèlman nan wout otorite yo te di nou te ka pase. Sa te touche m anpil lè m te wè jan frè ak sè yo te travay ansanm. Yo te retire bagay ki te bloke wout la, yo te rasanble manje, rad ak lòt bagay enpòtan ankò e yo te mete yo nan machin nan. Epitou, yo te bay mwen menm ak Viktor manje ak kote pou n te repoze pandan vwayaj la.”

Lè gen danje, met kran sou ou pou w ede frè w ak sè w yo, men pran prekosyon. (Gade paragraf 12-13.)


RETE FIDÈL AK JEWOVA

14. Ki jan nou ka santi n si yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova?

14 Youn nan pi gwo eprèv ki kapab fè n dekouraje, se lè yon moun nan fanmi n oswa yon bon zanmi n sispann sèvi Jewova (Sòm 78:40; Pwo. 24:10). Plis nou pwòch ak moun sa a se plis li ka difisil pou n aksepte sitiyasyon an. Si w te viv yon eksperyans ki rèd konsa, egzanp Zadòk te bay antanke moun ki te fidèl kapab ba w fòs.

15. Sa k fè Zadòk te bezwen gen kran pou l ret fidèl ak Jewova? (1 Wa 1:​5-8).

15 Zadòk te kontinye ret fidèl ak Jewova lè Abyata bon zanmi l te chwazi vire do bay Jewova. Sa te rive nan fen rèy David la. Pandan David te pran kabann e li pa t lwen mouri, Adonija, pitit gason l, te eseye pran pouvwa a, alòske l te konnen se Salomon Jewova te chwazi pou vin wa (1 Kwo. 22:​9, 10). Abyata te chwazi soutni Adonija. (Li 1 Wa 1:​5-8.) Sa Abyata te fè a te montre nonsèlman li pa t fidèl ak David, men tou, li pa t fidèl ak Jewova! Èske w ka imajine jan sa dwe te fè Zadòk tris e jan sa dwe te boulvèse l? Li menm ak Abyata te kolabore youn ak lòt antanke prèt pandan plis pase 40 an (2 Sam. 8:17). Yo te konn travay ansanm nan epòk moun te konn pote “Lach vrè Dye a”. (2 Sam. 15:29.) Yo toule de te konn ede wa David e yo te konn fè anpil lòt bagay nan sèvis Jewova. — 2 Sam. 19:​11-14.

16. Ki sa k dwe te ede Zadòk ret fidèl?

16 Zadòk te ret fidèl ak Jewova, menm lè Abyata te chwazi pa ret fidèl. David te konnen li te ka toujou fè Zadòk konfyans. Lè yo te vin fè David konnen konplo Adonija te fè a, David te mande Zadòk, Natan ak Benaya al met Salomon wa (1 Wa 1:​32-34). Lefètke Zadòk te ansanm ak yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova, tankou Natan ak lòt moun ki t ap soutni wa David, sa dwe te ba l fòs e sa dwe te ankouraje l (1 Wa 1:​38, 39). Lè Salomon te vin wa, li te met Zadòk gran prèt nan plas Abyata. — 1 Wa 2:35.

17. Ki jan w ka suiv egzanp Zadòk si yon moun ki pwòch avè w pa ret fidèl ak Jewova?

17 Ki jan w ka suiv egzanp Zadòk? Si yon moun ki pwòch avè w chwazi kite Jewova, montre Jewova ou chwazi ret fidèl avè l (Joz. 24:15). Jewova ap ba w fòs ak kouraj ou bezwen. Priye l, konte sou li, epi rete pwòch ak frè w ak sè w ki fidèl yo. Jewova bay fidelite w anpil valè, e l ap rekonpanse w pou sa. — 2 Sam. 22:26.

18. Ki sa w aprann nan eksperyans Marco ak Sidse?

18 Ann pran egzanp Marco ak Sidse, madanm li, ki gen de pitit fi yo ki sispann sèvi Jewova lè yo vin gran. Men sa Marco di: “Depi jou pitit ou fèt la, ou renmen yo anpil. W ap fè tout sa w kapab pou w pwoteje yo pou anyen mal pa rive yo. Donk, lè yo chwazi kite Jewova, sa fann kè w.” Men sa l ajoute: “Men, Jewova te ansanm avè n. Lè mwen fèb, li fè yon jan pou madanm mwen gen fòs. E lè madanm mwen fèb, mwen menm mwen gen fòs.” Men sa Sidse di: “Nou pa t ap kapab andire sitiyasyon sa a si Jewova pa t ban nou fòs nou te bezwen. Mwen te konn santi se fòt mwen, se sa k fè mwen te konn di Jewova jan m santi m. Kèk jou annapre, gen yon sè mwen pa t wè depi plizyè ane ki te vin vizite m, li te met men l sou zepòl mwen, e pandan l t ap gade m nan je, li te di m: ‘Sidse, sonje se pa fòt ou!’ Jewova ede m kontinye gen kè kontan nan sèvis li.”

19. Ki sa w detèmine pou w fè?

19 Jewova vle tout sèvitè l yo gen kran menm jan ak Zadòk (2 Tim. 1:7). Men, li pa vle n konte sou pwòp fòs nou. Li vle nou konte sou li. Donk, lè w nan yon sitiyasyon ki mande pou w gen kran, priye Jewova. Ou mèt gen konfyans l ap fè w gen kran, menm jan ak Zadòk! — 1 Pyè 5:10.

KANTIK 126 Ret je klè, vin djanm, kenbe fèm