Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske l padone peche nou

Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske l padone peche nou

“Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li.”JAN 3:16.

PWEN KLE

Nou ta renmen vin gen Jewova plis rekonesans dèske l padone peche nou. Se sa k fè nou pral aprann ki sa Jewova te fè pou peche nou ka jwenn padon.

1-2. Nan ki sans sitiyasyon lèzòm sanble ak sitiyasyon jèn gason nou te pale de li nan paragraf 1 an?

 IMAJINE yon jèn gason ki leve nan yon fanmi ki rich. Epi, yon jou, paran l mouri nan yon aksidan. Nouvèl la kraze misye anpil. Sepandan, gen yon lòt nouvèl ki fè l pi sezi toujou. Li aprann paran l yo te gaspiye lajan fanmi an e yo kite gwo dèt pou l peye. Kounye a, olye misye eritye richès fanmi an te genyen an, se dèt yo kite pou li kòm eritaj. Epitou, moun paran jèn gason an te dwe yo egzije l peye yo tousuit. Li pap janm ka peye dèt sa a.

2 Nan yon sans, sitiyasyon nou sanble ak sitiyasyon jèn gason sa a. Adan ak Èv, premye paran nou yo, te pafè e yo t ap viv nan yon bèl paradi (Jen. 1:27; 2:​7-9). Yo te gen posiblite mennen yon bèl vi pou toutan. Men, tout bagay te vin chanje annapre. Jewova te mete yo deyò nan Paradi a e yo pa t ap ka viv pou toutan ankò. Ki eritaj yo t ap kite pou pitit yo t ap vin genyen yo? Men sa Bib la di: “Akoz yon sèl moun [anpalan de Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” (Wom. 5:12). Eritaj Adan kite pou nou an se peche, sa ki lakòz nou mouri. Peche nou eritye a tankou yon gwo dèt okenn nan nou pa ka peye. — Sòm 49:8.

3. Sa k fè Jezi te konpare peche nou yo ak “dèt”?

3 Jezi te konpare peche ak “dèt”. (Mat. 6:​12, nòt.) Lè nou peche, se kòmsi nou vin gen yon dèt pou Jewova. Nou dwe peye pou peche nou fè a. Si Jewova pa t pran dispozisyon pou peche nou jwenn padon, nou t ap oblije mouri pou n peye dèt nou genyen an, e n pa t ap gen espwa pou n retounen viv ankò. — Wom. 6:​7, 23.

4. a) Si Bondye pa t ede n, ki sa k t ap rive tout moun ki peche? (Sòm 49:​7-9). b) Nan Bib la, ki sa mo “peche” a vle di? (Gade kare ki gen tit “ Peche”.)

4 Èske l posib pou n rejwenn tout sa Adan ak Èv te pèdi yo? Pa gen anyen nou ka fè poukont nou pou n rejwenn yo. (Li Sòm 49:​7-9.) Si Jewova pa t ede n, nou pa t ap gen okenn espwa pou n ta viv pou toutan oswa pou n ta resisite. An reyalite, menm jan ak bèt yo, nou t ap annik mouri epi tout bagay fini. — Ekl. 3:19; 2 Pyè 2:12.

5. Ki jan Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ede n peye dèt peche nou eritye a? (Gade foto a.)

5 Ann fè yon ti reflechi sou jèn gason nou te pale de li pi wo a. Ki jan l t ap santi l si yon mesye ki rich ta ofri l pou l peye tout dèt li yo? Pa gen dout, jèn gason sa a t ap gen anpil rekonesans e l t ap aksepte gwo kado yo fè l la. Menm jan an tou, Jewova, Papa nou an ki renmen nou, ban nou yon kado ki peye dèt peche nou eritye nan men Adan an. Men ki jan Jezi te esplike sa: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Anplis de sa, menm kado sa a ban nou posiblite pou n vin gen bon relasyon ak Jewova.

Jezi te preche bon nouvèl konsènan fason Jewova padone peche sou baz sakrifis ranson an (Jan 3:16). Apre sa, li te dispoze bay lavi l kòm ranson. (Gade paragraf 5.)


6. Ki mo ak ekspresyon nan Bib la nou pral egzamine nan atik sa a, e poukisa?

6 Ki sa nou kapab fè pou n benefisye bèl kado sa a e pou n jwenn padon pou peche nou yo, oswa “dèt” nou yo? N ap jwenn repons kesyon sa a nan mo ak ekspresyon Bib la itilize tankou rekonsilye ak Bondye, padon pou peche, ranson, liberasyon ak deklare moun jis. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa chak mo ak chak ekspresyon sa yo vle di. Pandan n ap medite sou esplikasyon nou jwenn yo, n ap vin gen Jewova plis rekonesans pou dispozisyon l pran pou l padone peche n.

OBJEKTIF: REKONSILYE AK BONDYE

7. a) Ki lòt bagay ankò Adan ak Èv te pèdi? b) Antanke desandan Adan ak Èv, ki sa nou vrèman bezwen? (Women 5:​10, 11).

7 Nonsèlman Adan ak Èv te pèdi posiblite yo te genyen pou yo viv pou toutan an, men tou yo te pèdi bèl relasyon yo te gen ak Jewova, Papa yo a. Okòmansman, Adan ak Èv te fè pati fanmi Bondye (Lik 3:38). Men, lè yo te dezobeyi Jewova, li te mete yo deyò nan fanmi sa a anvan yo te kòmanse fè pitit (Jen. 3:​23, 24; 4:1). Donk, antanke desandan yo, nou bezwen rekonsilye ak Jewova. (Li Women 5:​10, 11.) Sa vle di, nou bezwen chèche gen bon relasyon avè l. Selon yon liv referans, mo grèk lè yo tradui l yo mete “rekonsilye” pou li a kapab vle di “vin zanmi yon moun ou te ènmi avè l”. Sa vrèman estrawòdinè dèske Jewova te pran dispozisyon pou fè sa vin posib! Ki jan l te fè sa?

DISPOZISYON BONDYE PRAN: PADON POU PECHE

8. Ki dispozisyon Jewova pran?

8 Jewova pran dispozisyon pou lèzòm ki eritye peche vin gen bon relasyon avè l. Li te fè yon fason pou l bay yon bagay ki gen menm valè ak sa Adan te pèdi a, yon bagay ki te kapab ranplase sa Adan te pèdi a. Liv ki te ekri an grèk yo itilize yon ekspresyon menm jan an ki bay menm sans ak ekspresyon “padon pou peche” a, se ekspresyon rekonsilye ak Bondye a (Wom. 3:25). Lè yon moun rekonsilye ak Bondye, li vin anpè ak Bondye e li vin gen bon relasyon avè l.

9. Ki dispozisyon Jewova te pran pou Izrayelit yo te ka jwenn padon pou peche yo?

9 Pou Jewova te pèmèt Izrayelit yo gen bon relasyon avè l, li te pran dispozisyon pou yo te jwenn padon pou peche yo. Ann Izrayèl, yo te konn selebre Jou pirifikasyon an chak ane. Nan jou sa a, gran prèt la te konn ofri sakrifis bèt pou pèp la. Nòmalman, sakrifis bèt yo pa t ka kouvri peche Izrayelit yo nèt paske bèt gen mwens enpòtans pase moun. Men, depi Izrayelit ki te repanti yo te ofri Jewova sakrifis li te mande a, li te dispoze padone peche yo (Ebre 10:​1-4). Anplis de sa, dispozisyon sa a ak sakrifis Izrayelit yo te konn ofri regilyèman pou peche yo te raple yo nan ki eta yo te ye antanke pechè ak jan yo te bezwen jwenn yon mwayen pou peche yo te ka jwenn padon nèt.

10. Ki sa Jewova te fè pou lèzòm te ka jwenn padon pou peche yo?

10 Ki sa Jewova te fè pou lèzòm te ka jwenn padon pou peche yo? Li te pran dispozisyon pou Pitit Gason l lan li renmen anpil “te ofri tèt li yon sèl fwa pou l pote peche anpil moun”. (Ebre 9:28.) Jezi te bay “lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Mat. 20:28.) Ki sa yon ranson ye?

PRI YO TE PEYE A: RANSON AN

11. a) Selon Bib la, ki sa yon ranson ye? b) Ki sa k te nesesè pou yo te ka peye ranson an?

11 Selon Labib, Jewova te deside pou gen yon ranson ki peye pou peche nou ka jwenn padon e pou n ka rekonsilye avè l a. Ki ranson ki te nesesè pou lèzòm te ka jwenn sa Adan te pèdi a? Yon bagay nou bezwen sonje, Adan ak Èv te pèdi vi pafè yo te genyen an e yo te pèdi posiblite pou yo te viv pou toutan. Donk, ranson an te dwe egalego ak sa yo te pèdi a (1 Tim. 2:6). Se sèlman yon gason ki majè ki te ka peye l. 1) Li te dwe pafè, 2) li te dwe gen posiblite pou l viv pou toutan sou tè a, e 3) li te dwe dispoze bay lavi l kòm sakrifis pou nou. Se sèlman si moun sa a te ranpli kondisyon sa yo, lavi l t ap kapab ranplase lavi ki te pèdi a. 

12. Sa k fè Jezi te kapab peye ranson ki te nesesè a?

12 Reflechi sou twa rezon ki fè Jezi te kapab peye ranson sa a. 1) Li te pafè, sa vle di “li pa t fè peche”. (1 Pyè 2:22.) 2) Piske l pa t fè peche, li te gen posiblite viv sou tè a pou toutan. 3) Li te dispoze mouri pou l bay lavi l pou nou (Ebre 10:​9, 10). Piske Jezi te pafè, li te egal ak Adan, premye moun nan, anvan Adan te peche (1 Kor. 15:45). Lefètke Jezi te mouri pou nou, li te kapab peye egzakteman pri ki te nesesè pou ranplase sa Adan te pèdi a (Wom. 5:19). Konsa, Jezi te vin “dènye Adan an”. Li pa nesesè pou yon lòt moun pafè vini pou peye pou sa Adan te pèdi a. Jezi te mouri “yon fwa pou tout”. — Ebre 7:27; 10:12.

13. Ki diferans ki gen ant dispozisyon Bondye pran pou n jwenn padon pou peche nou ak ranson an?

13 Ki diferans ki gen ant dispozisyon Bondye pran pou n jwenn padon pou peche nou ak ranson an? Dispozisyon Bondye pran pou moun jwenn padon pou peche yo se sa l fè pou pèmèt li menm ak lèzòm vin gen bon relasyon ankò. Ranson an se pri Bondye peye pou lèzòm ka jwenn padon pou peche yo. Pri sa a se san Jezi ki gen anpil valè ki te koule pou nou. — Efe. 1:7; Ebre 9:14.

REZILTA: JEWOVA LIBERE NOU ANBA PECHE AK LANMÒ E LI DEKLARE NOU JIS

14. Sou ki sa nou pral pale kounye a, e poukisa?

14 Ki byenfè nou jwenn lefètke Jewova pran dispozisyon pou n jwenn padon pou peche nou? Bib la itilize plizyè mo ak ekspresyon pou montre byenfè nou jwenn yo. Byenke mo ak ekspresyon sa yo gen rapò youn ak lòt, yo chak atire atansyon sou yon aspè nan dispozisyon Bondye pran pou n jwenn padon pou peche nou. Pandan n ap egzamine mo ak ekspresyon sa yo, nou pral wè ki rapò yo gen ak nou chak pèsonèlman.

15-16. a) Anba ki sa ranson an libere nou? b) Ki jan sa fè n santi n?

15 Labib fè konnen, piske yo te peye ranson an, nou libere anba peche ak lanmò. Men sa apot Pyè te di sou sa: “Nou konnen se pa avèk ajan ak lò, bagay ki ka depafini, yo te delivre nou [literalman, “yo te bay ranson pou nou; yo te rachte nou”] anba fason nou t ap viv la ki san sans nou te eritye nan men zansèt nou yo. Men, se avèk yon san ki gen anpil valè, ki tankou san yon ti mouton ki san defo e ki san tach, sa vle di san Kris la.” — 1 Pyè 1:​18, 19; nòt.

16 Grasa ranson an, nou kapab libere anba peche ak lanmò ki lakòz anpil soufrans (Wom. 5:21). Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n santi nou gen Jewova ak Jezi anpil rekonesans lefètke nou libere anba peche ak lanmò grasa san Jezi ki gen anpil valè, oswa lavi l. — 1 Kor. 15:22.

17-18. a) Lè Bondye deklare nou jis, ki sa sa vle di? b) Ki byenfè sa ap fè n jwenn?

17 Lè Bondye deklare nou jis, li retire chay nou gen sou do nou yo, li elimine dèt nou yo oswa li efase yo. Lè Jewova fè sa, li toujou aji ann amoni ak prensip li yo ki jis. Li pa deklare nou jis paske nou merite sa, ni li pa fèmen je sou peche nou yo. Sepandan, piske nou gen lafwa nan dispozisyon li pran pou peche nou jwenn padon ak nan ranson ki te peye a, sa ba l yon rezon pou l elimine dèt nou yo. — Wom. 3:24; Gal. 2:16.

18 Ki sa sa vle di pou nou chak? Bondye deja deklare moun li chwazi pou al dirije ansanm ak Jezi nan syèl la jis antanke pitit li (Tit 3:7; 1 Jan 3:1). Li padone peche yo. Se kòmsi yo pa t janm fè peche, konsa yo vin kalifye pou yo fè pati Wayòm nan (Wom. 8:​1, 2, 30). Bondye deklare moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a jis antanke zanmi l e li padone peche yo (Jak 2:​21-23). Gwo foul la ki pral soti vivan nan Amagedon gen posiblite pou yo pa janm mouri ditou (Jan 11:26). “Moun ki jis” ak “moun ki enjis” k ap dòmi nan lanmò yo ap resisite (Tra. 24:15; Jan 5:​28, 29). Rive yon lè, tout sèvitè Jewova ki obeyisan ki sou tè a pral “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. (Wom. 8:21.) Se pa ti benediksyon n ap jwenn dèske Jewova pran dispozisyon pou l padone peche nou, konsa n ap rekonsilye nèt ak Jewova, Papa nou!

19. Nan ki sans sitiyasyon n vin pi bon? (Gade kare ki gen tit “ Sa sa vle di pou nou”.)

19 Vrèmanvre, sitiyasyon nou te sanble ak sitiyasyon jèn gason nou te pale de li pi wo a ki te pèdi tout bagay e ki te vin gen yon gwo dèt li pa t ap janm ka peye. Men, erezman, Jewova ede nou. Sitiyasyon nou vin chanje paske Jewova te pran dispozisyon pou peche nou jwenn padon e Jezi te peye ranson an. Piske nou gen lafwa nan Jezi Kris, nou libere anba peche ak lanmò. Lè Jewova padone peche nou se kòmsi nou pa t janm peche. Men, sa k pi enpòtan an, kounye a nou kapab gen yon bon relasyon ak Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou.

20. Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

20 Nou santi nou gen Jewova ak Jezi anpil rekonesans lè n medite sou sa yo fè pou nou (2 Kor. 5:15). Si yo pa t ede n, nou pa t ap gen okenn espwa! Men, lefètke Jewova padone nou, ki sa sa vle di pou nou chak? Se sou sa nou pral pale nan atik ki vin apre a.

KANTIK 10 Louwe Jewova, Bondye nou an!

a Nan kèk lang, lè yo tradui mo “ranson” an, li vle di literalman “pri lavi a” oswa “pri yo peye a”.