Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske kretyen ki marye yo ka konsidere sterilè (yon aparèy yo konn met nan matris yon fi) kòm yon metòd planing ki ann amoni ak Ekriti yo?

Konsènan kesyon sa a, chak kretyen ki marye kapab egzamine enfòmasyon ki gen rapò ak sijè sa a ansanm ak prensip biblik yo. Apre sa, yo dwe pran yon desizyon k ap pèmèt yo kontinye gen yon bon konsyans devan Bondye.

Nan epòk kote te gen sèlman de moun sou tè a (epi apre delij la te gen uit), men lòd Jewova te bay: “Fè pitit, fè anpil pitit.” (Jen. 1:28; 9:1). Bib la pa di kòmandman sa a aplikab pou kretyen yo. Se sa k fè, se chak moun ki marye ki dwe deside si y ap itilize yon metòd planing pou yo ka chwazi ki kantite pitit y ap fè oswa pou yo ka deside ki lè yo vle fè pitit. Ki bagay konsa yo dwe pran an konsiderasyon?

Kretyen yo dwe egzamine kèlkeswa metòd planing sou baz prensip biblik yo. Se sa k fè yo pa konsidere avòtman oswa jete pitit kòm yon metòd planing. Lè yon moun jete pitit, sa pa ann amoni ak sa Bib la di konsènan respè moun dwe genyen pou lavi. Kretyen yo pap chwazi met fen nan lavi yon tibebe nòmalman ki gen pou fèt (Egz. 20:13; 21:22, 23; Sòm 139:16; Jer. 1:5). E konsènan itilizasyon sterilè?

Yo te egzamine kesyon sa a nan Toudegad 1ye septanm 1979, paj 30-31 (fransè). Sterilè moun te konn itilize anpil nan epòk sa a se te yon seri aparèy ki te fèt ak yon plastik ki pap bay moun pwoblèm yo te konn met nan matris yon fi pou l pa ansent. Atik la te fè konnen moun pa t byen konn fason sterilè sa a te fonksyone. Gen anpil espesyalis ki te fè konnen sterilè a lakòz yon reyaksyon nan matris la ki anpeche spèm nan rankontre ak ovil la pou l pa fegonde l. Depi pa gen fegondasyon, pa gen yon nouvo lavi ki kòmanse.

Epoutan, gen kèk prèv ki montre pafwa gen ovil ki konn fegonde. Ovil sa a ki fèk fegonde a gendwa devlope nan youn nan twonp yo (gwosès deyò matris) oswa l ka deplase al nan matris la. Nan dènye ka sa a, lefètke sterilè a la, sa ka anpeche ovil ki fegonde a ret kole anndan matris la e pou l pwogrese tankou tout gwosès nòmal. Lè yon moun met fen nan vi sa a k ap devlope a se menm bagay ak jete pitit. Men konklizyon atik la te fè: “Kretyen ki sensè a ki ta renmen konnen si l ka itilize yon sterilè dwe byen egzamine enfòmasyon sa a sou baz prensip biblik ki fè konnen nou dwe respekte lavi paske l se yon bagay ki sakre.” — Sòm 36:9.

Èske gen lòt pwogrè enpòtan lasyans oswa lamedsin fè depi lè yo te pibliye atik sa a an 1979?

Kounye a, gen de kalite sterilè. Gen yon kalite sterilè ki gen kuiv ki te vin popilè Ozetazini ozanviwon ane 1988. Mete sou sa, gen yon lòt kalite sterilè ki sekrete yon òmòn ki te parèt nan ane 2001. Ki sa moun konnen sou fason de kalite sterilè sa yo fonksyone?

Kuiv: Jan n te deja di sa, sterilè a fè l difisil pou spèm nan pase nan matris la pou l rankontre ak yon ovil. Mete sou sa, nan sterilè ki gen kuiv yo, kuiv la tankou yon pwazon pou spèm nan, li aji tankou yon spèmisid *. Anplis de sa, yo fè konnen sterilè ki gen kuiv lan reyaji sou matris la.

Òmòn: Gen diferan kategori sterilè ki gen yon òmòn ki sanble ak òmòn yo jwenn byen souvan nan konprime planing yo. Sterilè sa yo libere yon òmòn nan matris la. Sanble sterilè sa yo anpeche kèk fi ovile. Natirèlman, si fi a pa ovile, li pa ka ansent. Sepandan, yo fè konnen òmòn ki nan sterilè sa yo fè matris la vin fen *. Mete sou sa, li fè likid ki nan kòl matris la vin pwès, konsa, li vin kreye yon baryè pou anpeche spèm nan sot nan vajen an al nan matris la. Sa yo se lòt efè sterilè ki pa reyaji sou kò moun yo lakòz.

Jan n ka wè sa, toule de kalite sterilè yo sanble reyaji sou matris la. Men, e si fi a ovile epi ovil la ta vin fegonde? Ovil sa a gendwa antre nan matris la men l ka pa rete akoz matris la vin gen mwens kapasite pou resevwa l. Sa t ap met fen nan gwosès la depi nan premye etap la. Sepandan, yo fè konnen li ra pou ovil ki fegonde a “pa ret” nan matris la, menm jan sa ka rive nan ka moun ki pran konprime planing.

Kidonk, pèsonn pa ka di yon fason ki sèten sterilè ki gen kuiv oswa òmòn yo toujou anpeche yon ovil fegonde. Men, gen prèv syantifik ki montre akoz fason sterilè sa yo fonksyone, e n te pale de sa pi wo a, li ra pou yon fi ansent lè l itilize yo.

Yon mari ak madanm li ki kretyen ki ta renmen itilize yon sterilè bezwen pale ak yon pwofesyonèl ki kalifye nan domèn medikal konsènan sterilè ki disponib nan zòn nan ansanm ak avantaj ak risk sa ka reprezante pou madanm nan. Mari sa a ak madanm li pa dwe atann oswa kite se yon lòt moun oswa menm se yon doktè ki pou di yo sa pou yo fè (Wom. 14:12; Gal. 6:4, 5). Se yon desizyon pèsonèl. Yo dwe pran yon desizyon antanke mari ak madanm ki vle fè Bondye plezi e ki vle kontinye gen yon konsyans ki klè devan Bondye. — Konpare ak 1 Timote 1:18, 19; 2 Timote 1:3.

^ § 4 Men sa yon liv sou Sèvis sante nasyonal nan peyi Angletè fè konnen: “Sterilè ki gen plis kuiv yo 99% pi efikas. Sa vle di, sou chak 100 fi ki itilize yon sterilè, se raman youn nan yo ap vin ansent nan ennan. Sterilè ki gen mwens kuiv yo ap mwens efikas.”

^ § 5 Piske sterilè ki gen òmòn yo fè matris la vin fen, yo konn preskri fi ki marye oswa ki pa marye yo l pou kontwole règ yo ki vin anpil.