Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se paske Jakòb te achte dwa premye pitit gason an nan men Ezaou ki fè l te vin yon zansèt Mesi a?

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan Izrayèl tan lontan an, èske liy fanmi ki mennen nan Mesi a te gen rapò ak dwa premye pitit la?

Pafwa, nou te konn panse sa. Sanble sa te mache ak sa nou li nan Ebre 12:16 la. Vèsè sa a fè konnen Ezaou pa t “apresye bagay [ki] sakre” epi l te “boukante dwa li te genyen kòm premye pitit la [ak Jakòb] pou yon plat manje”. Sa ta sanble fè kwè lè Jakòb te vin gen “dwa [...] kòm premye pitit la”, li te tou vin nan pozisyon pou l vin yon zansèt Mesi a. — Mat. 1:2, 16; Lik 3:23, 34.

Sepandan, lè n egzamine yon seri istwa nan Bib la, yo montre n yon gason pa t oblije premye pitit papa l pou l vin zansèt Mesi a. Ann egzamine kèk nan prèv sa yo:

Nan pitit gason Jakòb yo (Izrayèl), se Ribenn, yon pitit gason l te fè ak Leya, ki te premye. Pi devan, Jozèf te vin premye pitit gason Jakòb te fè ak Rachèl, madanm li te pi renmen an. Lè Ribenn te vin koupab paske l te gen move konduit, se Jozèf ki te vin gen dwa premye pitit la (Jen. 29:31-35; 30:22-25; 35:22-26; 49:22-26; 1 Kwo. 5:1, 2). Aktout sa, liy fanmi Mesi a pa t soti ni nan Ribenn ni nan Jozèf. Li te soti nan Jida ki te katriyèm pitit gason Leya te fè pou Jakòb. — Jen. 49:10.

Nan Lik 3:32, Bib la site senk liy fanmi ankò ki mennen nan Mesi a. Chak gason yo site nan lis sa a sanble se te premye pitit. Kidonk, Bowaz se te papa Obèd ki li menm te papa Jese. — Rit 4:17, 20-22; 1 Kwo. 2:10-12.

Men, David, pitit gason Jese, pa t premye pitit. Se li menm ki te dènye nan uit pitit gason Jese yo. Epoutan, liy fanmi ki mennen nan Mesi a te soti nan David (1 Sam. 16:10, 11; 17:12; Mat. 1:5, 6). Menm jan an tou, lòt moun yo site nan liy fanmi sa a se Salomon, aktout li pa t premye pitit gason David. — 2 Sam. 3:2-5.

Sa pa vle di lè yon moun te premye pitit sa pa t gen enpòtans. Premye pitit gason yo te konn gen yon gwo pozisyon, e byen souvan, yo te konn vin chèf fanmi. Anplis de sa, pitit gason sa yo te konn resevwa de pòsyon nan sa papa yo te posede. — Jen. 43:33; Det. 21:17; Joz. 17:1.

Men, yon lòt moun te ka vin gen dwa premye pitit gason yo te genyen an. Piske Abraram te voye Izmayèl ale, se Izarak ki te vin gen dwa premye pitit la (Jen. 21:14-21; 22:2). Epi, jan n te di sa pi wo a, Ribenn te pèdi dwa premye pitit la e se Jozèf ki te vin genyen l.

Kounye a, ann retounen nan Ebre 12:16 ki di: “Veye pou pa gen moun nan mitan nou k ap fè imoralite seksyèl, ni moun ki pa apresye bagay sakre, tankou Ezaou, ki te boukante dwa li te genyen kòm premye pitit la pou yon plat manje.” Ki sa vèsè sa a vle di?

Apot Pòl pa t ap pale konsènan zansèt Mesi a nan vèsè sa a. Li te jis ap ankouraje kretyen yo pou yo “fè chemen yo dwat pou pye” yo. Konsa, yo pa t ap “pèdi favè san parèy Bondye fè a”, yon bagay ki te ka rive malerezman si yo te lage kò yo nan imoralite seksyèl (Ebre 12:12-16). Si yo te fè sa, yo t ap vin tankou Ezaou. Li pa t “apresye bagay sakre”, e l te plis renmen bagay materyèl.

Ezaou t ap viv nan epòk patriyach yo e l te ka menm konn gen privilèj pou l ofri sakrifis (Jen. 8:20, 21; 12:7, 8; Jòb 1:4, 5). Men, piske lespri Ezaou te fikse sou bagay lachè, li te vire do bay tout privilèj sa yo pou yon bòl bouyon. Petèt li te vle evite sibi malè Bondye te fè konnen ki t apral rive desandan Abraram yo (Jen. 15:13). Anplis de sa, Ezaou te montre l enterese nan bagay monn nan e l te montre l pa apresye bagay sakre lè l te marye ak de medam payen aktout sa te fè paran l soufri (Jen. 26:34, 35). Li pa t menm moun ditou ak Jakòb ki te chèche marye ak yon moun k ap adore vrè Dye a! — Jen. 28:6, 7; 29:10-12, 18.

Nan ka sa a, ki sa n ka di konsènan liy fanmi ki mennen nan Jezi ki se Mesi a? Pafwa, liy sa a konn soti nan premye pitit gason an, men, se pa tout lè. Juif yo te rekonèt sa e yo te dakò avè l, jan sa parèt lè yo te admèt Kris la te yon desandan David, dènye pitit gason Jese a. — Mat. 22:42.