Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Lè paran ki imigran yo ap ede pitit yo nan domèn espirityèl, poukisa yo dwe konsidere pwoblèm lang lan?

Se sèten timoun yo ap aprann lang yo pale nan lekòl yo ak nan anviwònman y ap viv la. Sa ap bon pou yon timoun lè l konn plizyè lang. Paran yo dwe reflechi pou yo konn ki kote pitit yo ap pi byen konprann laverite e pou yo fè pwogrè nan domèn espirityèl, si se lè yo nan yon kongregasyon ki pale lang moun nan zòn nan oswa nan yon kongregasyon ki pale lang yo pale a antanke imigran. Paran ki kretyen yo met byennèt espirityèl pitit yo anvan preferans pèsonèl yo. — w17.05, paj 9-11.

Lè Jezi te di Pyè: “Èske w renmen m plis pase sa yo?”, ak ki sa ekspresyon “sa yo” fè referans (Jan 21:15)?

Sanble Jezi t ap fè referans ak pwason ki te toupre l yo oswa ak aktivite lapèch la. Apre lanmò Jezi, Pyè te retounen nan aktivite l te konn fè a ki se lapèch. Kretyen yo dwe chèche wè ki plas yo bay travay pwofàn nan kè yo. — w17.05, paj 22-23.

Poukisa Abraram te mande madanm li pou l di li se sè l (Jen. 12:10-13)?

Anfèt, Sara se te demi sè Abraram. Si Sara te di l se madanm Abraram, yo te ka touye Abraram, e konsa, desandans Bondye te pwomèt la pa t ap ka sot nan li. — wp17.3, paj 14-15.

Ki teknik Elias Hutter te envante pou ede moun ki te vle aprann lang ebre yo?

Li te vle ede etidyan yo fè diferans ant rasin mo ebre ki nan Bib la ak nenpòt lèt ki vin anvan oswa apre mo prensipal la. Pou l te rive fè sa, li te enprime rasin mo yo an gra epi lèt ki devan oswa dèyè mo prensipal yo te ret nan fòma nòmal. Bib Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau — avec notes et références lan itilize menm metòd sa a nan nòt anba paj yo. — wp17.4, paj 11-12.

Ki bagay yon kretyen dwe pran an konsiderasyon lè l ap chèche konnen si l ka gen yon zam pou l pwoteje tèt li kont lòt moun?

Men kèk nan yo: Pou Bondye lavi se yon bagay ki sakre. Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo chèche gen yon epe pou yo pwoteje tèt yo (Lik 22:36, 38). Nou dwe bat epe nou pou fè yo tounen zouti pou raboure latè. Lavi gen plis valè pase bagay materyèl. Nou respekte konsyans lòt moun e n vle bay bon egzanp (2 Kor. 4:2). — w17.07, paj 31-32.

Poukisa istwa Matye rakonte sou kòmansman lavi Jezi a diferan ak istwa Lik rakonte a?

Istwa Matye a konsantre sou evènman ki gen rapò ak Jozèf, tankou fason l te reyaji lè l aprann Mari ansent ak fason l te reyaji lè l te jwenn mesaj Bondye te ba l pou l kouri al ann Ejip e pou l retounen annapre. Istwa Lik la plis konsantre sou Mari. Pa egzanp, lè l t al vizite Elizabèt la ak fason l te reyaji lè Jezi, ki te timoun, te ret nan tanp lan. — w17.08, paj 32.

Bay kèk bagay Bib la te fè fas ak yo.

Sans mo ak ekspresyon yo itilize nan Bib la konn chanje tank tan ap pase. Chanjman k ap fèt nan domèn politik yo konn gen efè sou lang pifò moun konnen. Moun k ap tradui Bib la nan lang pifò moun konnen te konn jwenn opozisyon. — w17.09, paj 19-21.

Èske n gen yon anj gadyen?

Non. Jezi te fè konnen disip li yo gen zanj ki la devan Bondye (Mat. 18:10). Jezi pa t vle di zanj yo t ap fè mirak pou pwoteje chak disip li yo, men l te vle di zanj yo enterese anpil nan yo. — wp17.5, paj 5.

Ki pi gwo lanmou ki egziste?

Lanmou ki baze sou bonjan prensip la, lanmou agapè, se pi gwo lanmou ki egziste. Li ka gen afeksyon ak tandrès ladan l. Men l parèt nan yon seri aksyon ki gen anpil valè, tankou aksyon san enterè nou fè pou byen lòt moun. — w17.10, paj 7.