ÈD POU FANMI | JÈN YO
Èske sa vo lapèn pou n mete lavi nou an danje?
PWOBLÈM
“Mwen te kanpe toupre yon tren ki t ap pase ak tout vitès. Sansasyon m te genyen an te tèlman fò m santi se kòmsi tout pwoblèm mwen yo te ale.” — Leon *.
“Mwen te monte byen wo pou m lage kò m nan dlo a, e apre m fin vole pou m tonbe nan dlo a, pandan kèk segonn, mwen te santi tout pwoblèm mwen yo ale. An jeneral, mwen te renmen fè sa. Men, pafwa mwen te konn pè.” — Larissa.
Menm jan ak Leon ak Larissa, anpil jèn konn santi gwo sansasyon sa a lè yo fè yon seri aksyon ki konn menm met lavi yo an danje. Èske w konn anvi fè sa tou? Si w konn anvi sa, atik sa a ka ede w.
SA NOU TA DWE KONNEN
Ou ka vin pran abitid met lavi w an danje. Pandan yon tan, ou ka renmen sansasyon an, men, alalong ou anvi ale pi lwen toujou. Menm jan ak Leon, Marco te konn kanpe toupre tren k ap pase ak tout vitès, li di: “Yonfwa w kòmanse, ou pa ka kanpe. Mwen te kontan pandan yon tan. Men, apre sa, m te anvi viv yon pi gwo sansasyon toujou.”
Justin te renmen met paten epi kenbe machin k ap pase ak tout vitès pou l ka ale pi vit. Men sa l di: “Mwen te tèlman renmen sansasyon an mwen te anvi refè l ankò. Mwen te vle moun gade m lè m ap pase, men finalman se sou kabann lopital mwen t al ateri.”
Presyon lòt moun ap fè sou ou ka fè w pa ka reflechi byen. Men sa yon jèn gason ki rele Marvin di: “Zanmi m yo te fè presyon sou mwen pou m monte yon bilding men wotè san m pa gen ekipman pou sa. Yo te di m: ‘Ale monchè! Kot sa w pa ka fè la a?’ Mwen te pè anpil. Tank m t ap monte, m t ap tranble.” Men sa Larissa nou te pale de li pi wo a di: “Mwen te gen abitid fè sa lòt moun ap fè. Pou mwen, se te yon bagay ki nòmal.”
Gen moun ki poste kèk bagay sou Entènèt ki montre pa gen anyen mal pou yo met lavi yo an danje. Sa a tou konn fè lòt moun anvi fè menm jan an. Anfèt, gen kèk risk yo fin pran yo poste yo, epi gen plizyè milyon moun ki wè yo nan yon tikras tan, sa konn fè anpil moun konnen yo.
Pa egzanp, gen kèk videyo ki konn montre moun k ap pase yon seri obstak tankou monte mi, vole tèt kay, eskalye,
e yo konn fè tout sa avèk anpil presizyon pandan y ap kouri byen vit e san yo pa gen okenn ekipman pou pwoteje yo. Sa ka w fè panse bagay ki pa sa, tankou 1) Pa gen gwo risk vre e 2) Tout moun fè sa. Ki rezilta sa bay? Sa ka pouse w eseye fè yon seri aktivite k ap met lavi w an danje.Gen pi bon fason pou w konn limit ou. Men sa Bib la di: “Fè egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay.” (1 Timote 4:8). Men, Bib la ankouraje n tou pou n “viv avèk bonsans”. (Tit 2:12.) Ki jan w ka rive fè sa?
MEN SA W KA FÈ
Reflechi sou danje yo. Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a konn sa l ap fè, men, moun ki sòt la fè tout moun wè jan l sòt.” (Pwovèb 13:16). Anvan w fè yon aktivite, chèche konnen ki danje ki gen ladan l. Mande tèt ou: ‘Èske aktivite sa a ka lakòz mwen mouri oswa m blese grav?’ — Prensip biblik: Pwovèb 14:15.
Chwazi fè zanmi ak moun ki gen respè pou lavi. Yon bon zanmi pap ni ankouraje w fè yon bagay k ap met lavi w an danje ni eseye fè w fè yon seri bagay ou pa anvi fè. Men sa Larissa di: “Bonjan zanmi m te genyen te ede m pi byen chwazi aktivite mwen te vle patisipe ladan yo. Lè m te vin fè lòt zanmi, lavi m te vin chanje tou.” — Prensip biblik: Pwovèb 13:20.
Mande tèt ou: ‘Èske aktivite sa a ka lakòz mwen mouri oswa m blese grav?’
Byen sèvi ak talan w san w pa met lavi w an danje. Men sa yon liv (Adolescent Risk Behaviors) di: ‘Toutpandan yon moun ap grandi li bezwen tabli pwòp prensip li ak limit li.’ Ou pa oblije met lavi w an danje pou w konnen jis ki kote w ka rive, ou ka pran prekosyon epi itilize ekipman k ap pwoteje w.
Chèche gen bonjan respè pou tèt ou. Se pa lè w ap riske lavi w moun ap respekte w, men se lè w byen rive fè fas ak gwo defi ki gen nan lavi a. Larissa di: “Monte kote ki wo pou lage kò m anba se te premye bagay m te fè ki t apral pouse m fè lòt bagay ki t ap met lavi m an danje. Sa t ap pi bon pou mwen lontan si m te aprann di non.”
Sa w dwe sonje: Lè w ap chwazi detann ou, montre w gen bon konprann, pa met lavi w an danje pou granmesi. — Prensip biblik: Pwovèb 15:24.
^ § 4 Gen kèk non yo chanje.