Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen jwenn byenfè paske m mache ak moun ki gen sajès

Mwen jwenn byenfè paske m mache ak moun ki gen sajès

YON jou maten byen fre, nan Bwoukinz, ki nan Dakota disid Ozetazini, te gen yon fredi nan lè a. Sa te fè m sonje fredi pral anvayi zòn nan talè konsa. Men, nou ka sezi aprann, nan menm jou sa a, te gen kèk nan nou ki t ap tranble anndan yon depo ki pa t gen chofaj. Nou te kanpe devan yon benywa yo konn bay bèt dlo ki te mwatye plen ak dlo glase! Kite m rakonte nou kèk bagay nan lavi m pou n ka konprann sa k te pase a.

LAVI FANMI M LÈ M TE TIMOUN

Tonton Alfred ak papa m.

Mwen te fèt 7 mas 1936, se mwen ki te pi piti nan kat pitit paran m yo. Nou t ap viv nan yon ti plantasyon ki nan lès Dakota disid. Agrikilti te yon aktivite enpòtan nan fanmi nou, men se pa t sa ki te pi enpòtan. Paran m yo te batize antanke Temwen Jewova an 1934. Yo te vwe lavi yo bay Jewova, Papa nou ki nan syèl la, donk, se fè volonte Bondye ki te priyorite yo. Clarence, papa m, e annapre, Alfred, tonton m, te sèvitè kongregasyon (kounye a nou di kowòdonatè gwoup ansyen) nan ti kongregasyon nou an nan Konde, Dakota disid.

Asiste reyinyon ak preche kay an kay pou n fè lòt moun konnen bèl esperans Bib la bay pou lavni se yon seri aktivite ki te fè pati lavi fanmi nou. Egzanp paran m yo ak fòmasyon yo te ban nou te gen yon gwo enfliyans sou nou menm timoun yo, e sa te ede nou anpil. Mwen menm ak Dorothy, sè m nan, te vin pwoklamatè Wayòm nan lè n te gen sizan. An 1943, mwen te enskri nan Lekòl ministè teyokratik, yon reyinyon yo te fèk ajoute sou reyinyon kongregasyon an.

Sèvis pyonye an 1952.

Kongrè yo ak asanble yo te gen yon plas enpòtan nan lavi nou. Nan yon kongrè ki te fèt an 1949 nan Soufòlz, Dakota disid, se frè Grant Suiter ki te oratè vizitè a. Jis kounye a mwen sonje tèm diskou l te bay la: “Li pi ta pase sa w panse!” Li te mete aksan sou enpòtans pou tout kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye itilize tout lavi yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye tabli a. Sa te pouse m vwe lavi m bay Jewova. Nan pwochen asanble sikonskripsyon ki te fèt nan Bwoukinz, mwen te anndan depo ki fè frèt mwen te pale de li okòmansman an, mwen t ap tann yo batize m. Se yon benywa an metal ki te sèvi kòm “pisin” pou nou kat la te batize nan dat 12 novanm 1949.

Apre sa, mwen te gen objektif pou m vin pyonye. Mwen te kòmanse sèvis pyonye 1ye janvye 1952, lè m te gen 15 an. Bib la di “moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès”, e gen anpil moun ki gen sajès nan fanmi m ki te soutni desizyon pou m vin pyonye a (Pwo. 13:20). Tonton Julius ki te gen 60 an te vin patnè m antanke pyonye. Malgre l te pi gran lontan pase m, nou te pase anpil bèl moman nan sèvis la. Eksperyans li te fè nan lavi a te ede m vin gen bonjan sajès. Yon ti tan annapre, Dorothy te vin pyonye tou.

GEN SIVEYAN SIKONSKRIPSYON KI TE EDE M

Lè m te jèn, paran m te konn envite anpil siveyan sikonskripsyon ak madanm yo desann lakay nou. Jesse ak Lynn Cantwell se yon koup ki te ede m anpil. Youn nan bagay ki te fè m deside vin pyonye se ankourajman yo te ban m. Piske yo te montre yo enterese nan mwen, sa te fè m anvi gen objektif espirityèl. Lè yo t ap vizite kongregasyon ki toupre lakay nou, pafwa, yo te konn envite m al preche ak yo. Sa te fè kè m kontan anpil e sa te vrèman ankouraje m!

Annapre, Bud Miller ak Joan, madanm li, te vin vizite kongregasyon nou an. Lè sa a, mwen te gen 18 an e m te rive nan laj pou m fè sèvis militè. Okòmansman, biwo ki t ap fè rekritman nan zòn bò lakay mwen te mete m nan yon kategori m santi ki pa t ann amoni ak konsèy Jezi te bay pou disip li yo pa mele nan zafè politik. Epitou, mwen te vle preche bon nouvèl Wayòm nan (Jan 15:19). Mwen te fè apèl pou m mande biwo a pou yo mete m nan kategori minis relijye.

Sa te touche m lè frè Miller te dispoze akonpaye m nan biwo ki t ap fè rekritman an. Natirèlman, li pa t yon moun ki te pè pale e li pa t pran presyon fasil. Sa te vrèman ban m konfyans pou m te gen yon gason espirityèl konsa bò kote m! Kòm rezilta, apre yo te fin tande m, nan fen ete 1954, biwo a te rekonèt mwen kòm minis relijye. Sa te ouvri chemen pou m atenn lòt objektif espirityèl.

Lè m te fèk antre nan Betèl, bò yon kamyon nan plantasyon an.

Apeprè menm epòk la, mwen te resevwa yon envitasyon pou m al sèvi nan Betèl, kote yo te rele Plantasyon Watchtower nan epòk la, nan Estetenn Aylenn, Nouyòk. Mwen te gen privilèj pase anviwon twazan ap sèvi lòtbò a. Sa te pèmèt mwen fè yon pakèt bèl eksperyans paske mwen te rankontre anpil moun ki gen sajès e m te travay ansanm avèk yo.

NOU TE SÈVI NAN BETÈL

Nan WBBR ak frè Franz.

Estasyon radyo WBBR la te nan plantasyon ki te nan Estetenn Aylenn nan. Se Temwen Jewova yo ki t ap jere estasyon radyo a soti 1924 rive 1957. Se sèlman ant 15 ak 20 Betelit ki te jwenn asiyasyon pou yo travay nan plantasyon an. Pifò nan nou te jèn e n te manke eksperyans. Men, nou te gen Eldon Woodworth, yon frè aje ki te gen esperans pou l al nan syèl, ki te ansanm avèk nou. Vrèmanvre, li te yon moun ki gen sajès. Piske l te enterese nan nou tankou yon papa, sa te fè n djanm nan domèn espirityèl. Pafwa, lè enpèfeksyon lòt moun te ban nou pwoblèm, frè Woodworth te konn di: “Vrèmanvre, se yon gwo bagay pou w wè sa Seyè a fè ak zouti l gen pou l travay yo.”

Harry Peterson te chofe anpil nan travay predikasyon an.

Se te yon privilèj espesyal pou n te gen frè Frederick W. Franz ansanm avèk nou tou. Sajès li te genyen ak konesans estrawòdinè li te gen sou Ekriti yo te gen yon efè pozitif sou nou tout, e l te enterese ak nou chak. Kuizinye nou an se te Harry Peterson. Li te pi fasil pou n itilize non sa a olye n site bon non li ki se Papargyropoulos. Li menm tou te gen esperans pou l al nan syèl e l te chofe anpil nan travay predikasyon an. Frè Peterson te byen fè travay li nan Betèl la, men l pa t janm neglije travay predikasyon an. Li te konn plase plizyè santèn nan peryodik nou yo chak mwa. Epitou, li te gen yon pakèt konesans sou Ekriti yo, e l te konn reponn anpil nan kesyon nou yo.

MWEN TE APRANN NAN MEN SÈ KI GEN SAJÈS YO

Yo te konn prepare fwi ak legim yo te rekòlte nan plantasyon an pou yo ka konsève yo nan mamit. Yo te prepare anviwon 45 000 mamit fwi ak legim chak ane pou tout fanmi Betèl la. Sa te pèmèt mwen gen privilèj sèvi bò kote Etta Huth, yon sè ki te gen sajès toutbon. Se li ki te responsab pou l prepare resèt pou pwodui nou te konn met nan mamit yo. Pandan epòk sa a, gen sè nan zòn nan ki te konn vin ede nou, Etta te konn ede nou òganize travay sè yo. Byenke Etta te jwe yon wòl enpòtan nan travay la, li te veye pou l bay bon egzanp antanke moun ki gen respè pou frè yo ki te responsab plantasyon an. Mwen te wè l kòm yon bon egzanp antanke moun ki te soumèt devan frè ki te gen responsablite nan òganizasyon an.

Ansanm ak Angela ak Etta Huth.

Angela Romano te youn nan jèn sè ki te konn vin bay koutmen nan travay met fwi ak legim nan mamit. Etta te ede l lè l te vin nan laverite. Se konsa, pandan m t ap sèvi nan Betèl, mwen te rankontre yon lòt sè ki gen sajès, yon sè mwen gen 58 ane depi m ap mache avè l. Mwen marye ak Angie ann avril 1958, e nou te gen privilèj travay ansanm nan plizyè asiyasyon. Tank ane yo t ap pase, piske Angie pa t kite anyen anpeche l ret fidèl ak Jewova, fidelite l te fè maryaj nou toujou ret djanm. Mwen ka konte sou li san pwoblèm, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn.

SÈVIS MISYONÈ AK SÈVIS ITINERAN

Lè yo te vann lokal estasyon radyo WBBR ki te nan Estetenn Aylenn nan an 1957, mwen te fè yon ti tan ap sèvi nan Betèl Bwouklin. Apre sa, mwen te marye ak Angie, konsa m te kite Betèl, e pandan anviwon twazan, nou te pyonye nan Estetenn Aylenn. Pandan yon tan, mwen te menm travay pou nouvo pwopriyetè estasyon radyo a yo te vin rele WPOW.

Mwen menm ak Angie te pran detèminasyon pou n kontinye viv yon fason ki senp pou n te ka pare pou nenpòt lè yo bezwen sèvis nou. Se sa k fè, nan kòmansman ane 1961, nou te gen posiblite aksepte yon asiyasyon kòm pyonye espesyal nan vil Fòlz, nan Nebraska. Apèn nou te kòmanse nan nouvo asiyasyon an, yo te envite n nan Lekòl ministè Wayòm, nan epòk la se te yon fòmasyon ki te dire yon mwa ki te fèt nan Lansing disid, Nouyòk. Nou te renmen lekòl la e n te swete itilize fòmasyon nou te resevwa a lè n retounen Nebraska. Men, nou te sezi wè yo te ban nou yon lòt asiyasyon, nou t al sèvi kòm misyonè nan peyi Kanbòj! Bèl peyi sa a ki nan sidès Azi te gen yon seri bèl peyizaj, yon seri bèl son ak bon sant ki pa t menm ditou ak sa n te konnen. Nou te chofe pou n simaye bon nouvèl la nan peyi sa a.

Sepandan, sitiyasyon politik peyi a te vin chanje, e n te oblije al abite Vyetnam disid. Malerezman, nan espas dezan mwen te vin gen gwo pwoblèm sante, se sa k fè yo te ankouraje n retounen nan peyi nou. Mwen te bezwen yon ti tan pou m repran fòs, men kou m te vin anfòm, nou te retounen nan sèvis aplentan.

Mwen menm ak Angela, an 1975, anvan yon entèvyou nan televizyon.

Nan mwa mas 1965, nou te jwenn privilèj kòmanse sèvi kongregasyon yo nan sèvis itineran. Pandan 33 an, mwen menm ak Angie te kontan travay nan sikonskripsyon yo ak distri yo, san wete pakèt travay pou prepare kongrè epi fè kongrè. Kongrè yo te toujou yon moman espesyal pou mwen, donk, se te yon plezi pou m ede frè yo òganize evènman sa yo. Pandan kèk ane, nou te nan zòn vil Nouyòk, e yo te fè yon bon valè kongrè nan Yankee Stadium.

SÈVIS BETÈL AK DIVÈS LEKÒL

Menm jan sa ye pou anpil moun ki nan sèvis aplentan espesyal, te gen anpil bèl asiyasyon ki t ap tann Angie avè m e yo chak te gen difikilte pa yo. Pa egzanp, an 1995, yo te mande m pou m travay kòm enstriktè nan Lekòl fòmasyon ministeryèl. Twazan annapre, yo te envite nou nan Betèl. M te vrèman kontan retounen kote m te kòmanse sèvis aplentan espesyal la, sa gen plis pase 40 an. Pandan yon tan, mwen te travay nan Biwo sèvis e m te enstriktè nan plizyè lekòl. An 2007, Kolèj santral la te met tout lekòl yo fè nan Betèl la anba sipèvizyon nouvo depatman ki rele Sèvis lekòl teyokratik yo, e pandan kèk ane, m te gen privilèj sèvi kòm siveyan depatman sa a.

Nan dènye ane sa yo, nou wè yon pakèt gwo chanjman ki fèt nan fòmasyon òganizasyon an bay. Yo te inogire Lekòl pou ansyen yo an 2008. Pandan de ane ki te vin apre yo, plis pase 12 000 ansyen te jwenn fòmasyon nan Patèsonn ak nan Betèl Bwouklin. Yo kontinye fè lekòl sa a plizyè lòt kote, e yo itilize enstriktè nan tèritwa a ki te jwenn fòmasyon pou fè kou yo. An 2010, yo te chanje non Lekòl fòmasyon ministeryèl la, yo te vin rele l Lekòl biblik pou frè selibatè, epi yo vin fè yon nouvo lekòl ki rele Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen.

Apati ane sèvis 2015 lan, de lekòl sa yo te vin fè yon sèl, yo te vin tounen Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Se mari ak madanm yo, oswa frè ak sè selibatè ki ka pran fòmasyon nan lekòl sa a. Anpil moun toupatou sou tè a te kontan tande anpil filyal t apral òganize lekòl sa a. Sa vrèman bèl pou n wè jan gen anpil posiblite pou moun pran fòmasyon nan òganizasyon an, e m gen anpil rekonesans dèske m te rankontre anpil moun ki te dispoze resevwa fòmasyon sa a.

Lè m reflechi sou lavi m anvan m te batize nan benywa dlo a rive jis kounye a, mwen di Jewova mèsi pou moun ki gen sajès ki te ede m nan chemen verite a. Yo tout pa t gen menm laj avè m e yo pa t gen menm kilti avè m. Men, pa anndan yo, nan fon kè yo, yo te moun ki espirityèl. Gwo lanmou yo te gen pou Jewova te parèt klè nan aksyon yo ak atitid yo. Nan òganizasyon Jewova a, gen anpil moun ki gen sajès nou kapab mache avèk yo. Mwen te fè sa e m vrèman jwenn byenfè.

Mwen kontan rankontre ak etidyan ki soti toupatou sou tè a.