Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chèche Wayòm nan, pa chèche bagay materyèl

Chèche Wayòm nan, pa chèche bagay materyèl

“Kontinye chèche Wayòm [Bondye a] e l ap ajoute bagay sa yo pou nou.” — LIK 12:31.

KANTIK: 40, 98

1. Ki diferans ki genyen ant sa n gen bezwen ak sa nou anvi?

NOU pa bezwen anpil bagay pou n viv. Pa egzanp, nou bezwen manje, rad ak yon kote pou n rete. Men, pa gen limit nan kantite bagay nou ka anvi genyen. Gen anpil moun ki pa rann yo kont yo pa vrèman bezwen tout sa yo anvi yo.

2. Site kèk bagay moun konn anvi genyen.

2 Yon moun k ap viv nan yon peyi pòv kapab pa anvi menm bagay ak yon moun k ap viv nan yon peyi rich. Gen kèk kote nan monn nan, moun yo ta renmen gen yon selilè, yon motosiklèt oswa yon ti moso tè. Nan kèk lòt zòn, moun yo anvi gen anpil rad ki koute chè, kay ki pi gwo oubyen machin ki vann pi chè. Men, kèlkeswa kote n ap viv oubyen kantite lajan n genyen, nou ka kòmanse anvi gen plis bagay pase sa n bezwen oswa sa n ka achte.

LANMOU POU BAGAY MATERYÈL KAPAB GEN EFÈ SOU NOU

3. Ki lè yon moun materyalis?

3 Ki lè yon moun materyalis? Se lè moun nan bay bagay materyèl plis enpòtans pase relasyon l ak Bondye. Li pa kontante l ak sa l gen bezwen, okontrè, li toujou anvi gen plis. Menm moun ki pa gen anpil lajan oubyen ki pa achte bagay ki chè kapab vin materyalis. Yo ka sispann met Wayòm nan an premye nan lavi yo. — Ebre 13:5.

4. Ki jan Satan sèvi ak “dezi je”?

4 Satan vle nou kwè n ap ka jwi lavi a sèlman si n gen anpil bagay. Se sa k fè li sèvi ak monn li an ak “dezi je” pou l eseye fè n toujou anvi gen plis bagay (1 Jan 2:15-17; Jenèz 3:6; Pwovèb 27:20). Se toutan n ap wè oswa tande reklam k ap eseye fè n achte pwodui ki fèk parèt. Èske sa pa janm rive w ou achte yon bagay sèlman paske l te parèt bèl nan magazen oubyen paske w te wè l nan yon reklam? Si sa deja rive w, petèt ou te vin rann ou kont ou pa t vrèman bezwen l. Lè n kontinye achte bagay nou pa bezwen, nou konplike lavi nou. Bagay sa yo ka fè n pa konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. Pa egzanp, nou ka vin pa gen ase tan pou n etidye Labib, pou n prepare reyinyon yo, pou n asiste yo e pou n patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Sonje avètisman apot Jan te bay la: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou.”

5. Ki sa k ka rive moun ki itilize prèske tout fòs yo nan chèche gen plis bagay materyèl?

5 Satan vle n itilize fòs nou pou n vin gen plis lajan ak plis bagay materyèl olye n itilize l nan sèvis n ap bay Jewova a (Matye 6:24). Men, si nou enterese sèlman nan chèche gen plis bagay materyèl, lavi nou pap gen okenn sans. Sa ka fè n vin akaryat oubyen nou ka vin gen pwoblèm pou n peye dèt nou. Sa k pi rèd la, nou ka vin pèdi lafwa nan Jewova ak nan Wayòm li an (1 Timote 6:9, 10; Revelasyon 3:17). Jezi te di ‘anvi moun genyen pou yo gen lòt bagay’ sanble ak pikan ki ka anpeche yon semans grandi pou l bay fwi. — Mak 4:14, 18, 19.

6. Ki leson nou aprann nan egzanp Bawouk la?

6 Fè yon ti reflechi sou egzanp Bawouk, sekretè pwofèt Jeremi an. Lè Bawouk te kòmanse ap “chèche gwo bagay” pou tèt li, Jewova te fè l sonje talè konsa li pral detwi Jerizalèm. Men, li te pwomèt Bawouk li t ap sove lavi l (Jeremi 45:1-5). Bawouk pa t ka espere plis pase sa. Jewova pa t ap sove bagay moun yo te posede (Jeremi 20:5). Jodi a, n ap viv nan yon epòk kote fen monn Satan an toupre rive. Donk, kounye a, se pa moman pou n ap chèche gen pi plis bagay materyèl. Epitou, nou pa ta dwe atann nou apre gwo tribilasyon an n ap toujou gen bagay nou posede kounye a, menmsi yo gen anpil valè pou nou. — Pwovèb 11:4; Matye 24:21, 22; Lik 12:15.

Kounye a, se pa moman pou n ap chèche gen pi plis bagay materyèl.

7. Ki sa n pral egzamine kounye a, e poukisa?

7 Bon, ki jan n ka rive pran swen tèt nou ak fanmi nou toutpandan nou ret konsantre sou sa k pi enpòtan nan lavi a? Ki jan n ka evite vin materyalis? Ki sa k ka ede n sispann bay tèt nou twòp pwoblèm pou n jwenn sa n gen bezwen? Jezi te ban nou pi bon konsèy sou sa nan Diskou li te bay sou Mòn nan (Matye 6:19-21). Nou pral li Matye 6:25-34, epi n ap egzamine vèsè sa yo. Sa ap konvenk nou se Wayòm nan nou dwe kontinye chèche, se pa bagay materyèl. — Lik 12:31.

JEWOVA BAN NOU SA N GEN BEZWEN

8, 9. a) Poukisa nou pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm pou bagay nou gen bezwen? b) Ki sa Jezi te konnen sou lèzòm ak sa yo gen bezwen?

8 Li Matye 6:25. Jezi te konnen disip li yo te abitye bay tèt yo pwoblèm pou sa y ap manje, pou sa y ap bwè e pou sa y ap met sou yo. Se sa k fè, nan Diskou li te bay sou Mòn nan, li te di yo: “Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou.” Jezi te vle ede yo konprann rezon ki fè yo pa dwe bay tèt yo pwoblèm pou tout bagay sa yo. Li te konnen si yo bay tèt yo twòp pwoblèm, menmsi se pou bagay yo bezwen toutbon yo, yo ka vin bliye bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Jezi te tèlman gen sousi pou disip li yo, li te avèti yo kont danje sa a kat lòt fwa ankò nan diskou li te bay la. — Matye 6:27, 28, 31, 34.

9 Men, poukisa Jezi te di nou pa dwe bay tèt nou pwoblèm pou sa n ap manje, pou sa n ap bwè oswa pou sa n ap met sou nou? Èske n pa bezwen manje ak rad? Natirèlman, nou bezwen bagay sa yo! Si n pa gen ase lajan pou n achte bagay sa yo, li nòmal pou n bay tèt nou pwoblèm. Jezi te konn sa. Li te konnen ki sa moun gen bezwen. Li te konnen “nan dènye jou yo”, disip li yo t ap viv nan epòk ki difisil anpil (2 Timote 3:1). An reyalite, anpil moun jodi a pa ka jwenn travay, e lavi a ap vin pi chè. Nan anpil peyi, moun yo pòv anpil e yo pa gen anpil bagay pou yo manje oubyen yo pa jwenn anyen pou yo manje. Men, anplis de sa, Jezi te konnen lavi moun gen plis enpòtans pase manje ak rad.

Jezi te di lavi moun gen plis enpòtans pase manje ak rad.

10. Lè Jezi t ap montre disip li yo fason pou yo priye, ki sa l te di yo dwe bay plis enpòtans nan lavi yo?

10 Anvan sa, Jezi te anseye disip li yo lè y ap priye yo dwe mande Papa yo ki nan syèl la pou l ba yo sa yo gen bezwen. Yo te ka priye konsa: “Ban nou pen nou bezwen pou jounen an.” ​(Matye 6:11). Yon lòt lè, men ki jan li te di yo pou yo priye: “Chak jou, ban nou pen nou bezwen pou jounen an.” ​(Lik 11:3). Men, sa pa vle di nou dwe ap panse toutan ak fason pou n jwenn sa n gen bezwen. An reyalite, Jezi te di disip li yo li pi enpòtan pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini, olye yo priye pou bezwen pèsonèl yo (Matye 6:10; Lik 11:2). Pou Jezi te ede disip li yo sispann bay tèt yo pwoblèm, li te ankouraje yo lè l te fè yo sonje fason Jewova pran swen tout kreyasyon l lan.

11, 12. Ki sa n aprann nan fason Jewova pran swen zwazo nan syèl la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 Li Matye 6:26. Nou dwe “gade zwazo nan syèl la byen”. Menmsi zwazo se bèt ki piti, yo manje anpil. An reyalite, si yon zwazo te menm gwosè ak yon moun, li t ap manje plis pase yon moun. Zwazo manje fwi, semans, ensèk, ak tout kalite vè. Men, yo pa bezwen ni simen ni fè jaden pou yo jwenn manje. Jewova ba yo tout sa yo gen bezwen (Sòm 147:9). Nòmalman, li pa met manje a nan bouch yo! Se yo ki pou al chèche l pou yo ka jwenn li, paske l deja la pou yo.

12 Jezi te gen asirans si Papa l pran swen zwazo yo, l ap pran swen moun tou. [1] (Gade nòt la.) (1 Pyè 5:6, 7.) Li klè, menm jan ak zwazo yo, nou pa dwe fè parès. Pou n jwenn manje pou n manje, se swa nou fè jaden oubyen n travay pou n jwenn lajan pou n achte manje. Jewova kapab beni efò nou fè. Epi, menm lè n pa gen ase lajan oswa manje, li toujou kapab ban nou sa n gen bezwen. Pa egzanp, lòt moun ka pataje sa yo genyen avèk nou. Anplis de sa, Jewova bay zwazo yo kote pou yo rete. Li ba yo kapasite pou yo fè nich e se li ki fè materyo zwazo yo itilize pou yo fè nich yo. Menm jan an tou, Jewova kapab ede n jwenn yon bon kote pou fanmi nou rete.

13. Ki sa k montre nou gen plis valè pase zwazo nan syèl la?

13 Apre Jezi te fin fè disip li yo sonje jan Jewova pran swen zwazo yo, li mande yo: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?” ​(Konpare ak Lik 12:6, 7.) Lè Jezi te di pawòl sa a, sanble li t ap panse ak fason li t apral bay lavi l pou tout moun. Li klè, Jezi pa t mouri ni pou zwazo yo ni pou okenn lòt bèt. Li te mouri pou nou, pou n ka viv pou toutan. — Matye 20:28.

14. Ki sa yon moun k ap bay tèt li pwoblèm pap janm ka fè?

14 Li Matye 6:27. Ki sa Jezi te vle di lè l te di nou pa ka ajoute menm yon yota sou longè lavi nou, menm lè n ap bay tèt nou pwoblèm? Li te vle di nou pa ka fè lavi n vin pi long paske n ap bay tèt nou pwoblèm pou sa n gen bezwen. An reyalite, si n twò strese, nou ka vin malad e nou ka menm mouri.

15, 16. a) Ki sa n aprann nan fason Jewova pran swen flè ki nan savann yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Bay kèk kesyon nou ka bezwen poze tèt nou, e poukisa?

15 Li Matye 6:28-30. Nou kontan lè n gen bèl rad sou nou, sitou lè n pral nan predikasyon oubyen nan reyinyon ak nan asanble. Men, èske n bezwen “bay tèt nou pwoblèm pou rad”? Yon lòt fwa ankò, Jezi te fè disip li yo sonje fason Jewova pran swen kreyasyon l lan. Jezi te pran egzanp “flè ki nan savann yo”. “Flè” y ap pale la yo kapab se glayèl, jasent, iris ak tilip. Pa gen youn nan flè sa yo ki koud rad met sou yo. Men, yo tèlman bèl, Jezi te di “menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo”.

16 Fè yon ti reflechi sou sa Jezi te di annapre a: “Si Bondye abiye plant ki nan savann [...], nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a?” Se sèten l ap fè sa! Men, disip Jezi yo te bezwen gen plis lafwa (Matye 8:26; 14:31; 16:8; 17:20). Yo te bezwen gen konfyans Jewova te vle pran swen yo e l t ap fè sa vre. E nou menm? Èske nou kwè Jewova ap pran swen nou?

Èske n kwè Jewova ap pran swen nou?

17. Ki sa k ka kraze relasyon n ak Jewova?

17 Li Matye 6:31, 32. Anpil moun ki pa konn Jewova santre lavi yo sou chèche gen plis lajan ak plis bagay materyèl. Men, si n te aji menm jan avèk yo, nou t ap kraze relasyon nou ak Jewova. Nou konnen Jewova se Papa nou e l renmen nou. Nou gen konfyans si n fè sa l mande e n met Wayòm nan an premye nan lavi nou, l ap ban nou tout sa n gen bezwen e l ap ban nou plis pase sa. Epitou, nou rann nou kont se bon relasyon n gen ak Jewova k ap fè kè n kontan toutbon e sa ede n kontante n sèlman ak “manje ak rad” nou gen bezwen. — 1 Timote 6:6-8.

ÈSKE W MET WAYÒM BONDYE A AN PREMYE NAN LAVI W?

18. Ki sa Jewova konnen sou nou chak, e ki sa l ap fè pou nou?

18 Li Matye 6:33. Si n met Wayòm nan an premye nan lavi nou, Jewova ap ban nou tout sa n gen bezwen. Jezi te esplike rezon ki fè n kapab gen konfyans nan pwomès sa a. Men sa l te di: “Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” Jewova wè sa w bezwen anvan menm ou wè sa (Filipyen 4:19). Li konn ki rad nou pral bezwen. Epitou, li konn ki kalite manje w ap bezwen. Li konnen ou menm ak fanmi w bezwen yon kote pou n rete. Jewova ap asire l ou jwenn sa w vrèman bezwen.

19. Poukisa n pa dwe bay tèt nou pwoblèm pou sa k ka rive demen?

19 Li Matye 6:34. Yon lòt fwa ankò, Jezi te di disip li yo: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm.” Jewova ap ban nou sa n gen bezwen chak jou. Se sa k fè n pa bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm pou sa k ka rive demen. Si n ap bay tèt nou twòp pwoblèm, nou ka kòmanse konte sou pwòp tèt nou, sa ki t ap kraze relasyon n ak Jewova. Okontrè, nou dwe met tout konfyans nou nan li. — Pwovèb 3:5, 6; Filipyen 4:6, 7.

CHÈCHE WAYÒM NAN AN PREMYE E JEWOVA AP PRAN SWEN W

Èske w ka senplifye lavi w pou w ka plis konsantre w sou Wayòm nan? (Gade paragraf 20.)

20. a) Bay yon objektif ou ka fikse nan sèvis Jewova a. b) Ki sa w ka fè pou w senplifye lavi w?

20 Ala tris sa t ap tris si n pa ta gen ase fòs pou n sèvi Jewova ak tout nou menm paske n ap chèche gen pi plis bagay materyèl! Olye de sa, nou dwe bay Jewova sa n genyen ki pi bon an. Pa egzanp, èske w ka deplase al ede yon kongregasyon ki bezwen plis pwoklamatè? Èske w ka pran sèvis pyonye? Oubyen si w deja pyonye, èske w panse ranpli yon fòmilè pou w asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan? Èske w ka pase kèk jou nan semèn nan ap ede nan Betèl oswa nan yon biwo tradiksyon? Oubyen, ou ka al travay kòm volontè nan konstriksyon Sal Wayòm epi w bay yon pati nan tan w nan sèvis sa a. Fè yon ti reflechi pou w wè ki sa w kapab fè pou w senplifye lavi w pou w ka vin gen plis tan ak plis fòs pou w itilize nan sèvis Wayòm nan. Kare ki gen tit “ Fason pou w senplifye lavi w” la bay kèk konsèy sou jan w ka fè sa. Priye Jewova pou w mande l ede w deside ki sa w bezwen fè. Apre sa, kòmanse fè chanjman ki nesesè yo.

21. Ki sa k ap ede w vin pi pwòch ak Jewova?

21 Jezi te anseye nou pou n chèche Wayòm nan an premye. Lè nou fè sa, nou evite bay tèt nou twòp pwoblèm pou bagay nou gen bezwen. Nou vin pi pwòch ak Jewova paske nou gen konfyans l ap pran swen nou. Nou aprann kontwole tèt nou pou nou pa achte tout sa nou anvi oswa tout sa monn nan ofri, menmsi nou kapab achte yo. Si nou senplifye lavi nou depi kounye a, sa ap ede nou ret fidèl ak Jewova e sa ap ede nou “kenbe lavi toutbon an fèm”, anpalan de lavi li pwomèt nou an. — 1 Timote 6:19.

^ [1] (paragraf 12) Pafwa, gen sèvitè Jewova ki konn pa gen ase manje pou yo manje. Pou n konprann rezon ki fè petèt Jewova kite sa rive, gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad 15 septanm 2014, paj 22.