Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kantik 145

N ap prepare nou pou n al preche

N ap prepare nou pou n al preche

Telechaje:

(Jeremi 1:17)

  1. Li pral jou.

    Talè konsa,

    N’ap soti pou n’al preche.

    Men’l toujou fènwa,

    Lapli ap farinen.

    Sa t’ap fasil pou nou ta chwazi

    ret dòmi.

    (REFREN)

    Si’n pozitif, si nou prepare,

    E si nou lapriyè,

    Sa ap motive nou pou’n preche

    San’n pa distrè.

    Nou pa poukont nou, zanj yo la tou,

    Yo suiv lòd Jezi bay.

    Frè’n ak sè’n yo la bò kote nou,

    N’ap pran kouray.

  2. N’ap toujou

    Kenbe jwa nou,

    Si’n sonje bagay sa yo.

    E Jewova wè

    Tout ti efò nou fè.

    Li pap bliye lanmou nou genyen,

    se sèten.

    (REFREN)

    Si’n pozitif, si nou prepare,

    E si nou lapriyè,

    Sa ap motive nou pou’n preche

    San’n pa distrè.

    Nou pa poukont nou, zanj yo la tou,

    Yo suiv lòd Jezi bay.

    Frè’n ak sè’n yo la bò kote nou,

    N’ap pran kouray.