LESON 53
Chwazi detant k ap fè Jewova plezi
Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Li vle nou gen kè kontan e li vle nou pran plezi nan lavi a. Li kontan lè n pran yon poz sou travay nou pou nou pran detant. Leson sa a pral ede nou wè ki jan nou ka byen pwofite moman detant nou chwazi yo, ki jan yo ka fè byen pou nou e ki jan yo kapab fè Jewova plezi.
1. Ki sa nou ta dwe sonje lè n ap chwazi detant pou nou pran?
Ki sa w renmen fè kòm detant? Gen moun ki renmen pase ti tan trankil lakay yo, ki renmen fè lekti, koute mizik, gade fim, oubyen fè rechèch sou Entènèt. Gen lòt ki pito fè lòt kalite aktivite avèk zanmi yo, yo renmen al mache, al naje oubyen jwe. Kèlkeswa detant nou pi renmen an, nou dwe toujou veye pou detant sa yo “fè Seyè a plezi”. (Efezyen 5:10.) Li enpòtan pou n konprann sa, paske gen anpil detant ki ankouraje moun fè sa Jewova rayi. Yo gen vyolans ladan yo, yo gen imoralite seksyèl oswa yo gen pratik ki gen rapò ak movèzespri. (Li Sòm 11:5.) Ki sa k ap ede nou byen chwazi detant nou yo?
Si nou chwazi moun ki renmen Jewova kòm zanmi, yo ka gen bon efè sou nou e yo ka ede nou byen chwazi detant nou yo. Jan nou te wè sa nan youn nan leson anvan yo, “moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès”. Men, si nou toujou ap pase tan ak moun ki pa renmen prensip Bondye yo, “sa ap mal pou” nou.— Pwovèb 13:20.
2. Poukisa li enpòtan pou nou kontwole kantite tan n ap pase nan detant?
Menmsi detant nou chwazi a se yon bon detant, nou bezwen veye pou nou pa pase twòp tan ladan l. Sinon, nou pap gen ase tan pou bagay ki pi enpòtan yo. Bib la ankouraje nou pou nou “byen sèvi ak tan nou”.— Li Efezyen 5:15, 16.
FOUYE PLIS
Aprann ki jan w ka byen chwazi detant ou yo.
3. Evite move detant
Poukisa nou dwe byen chwazi detant n ap pran? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.
-
Nan ki sans kèk nan detant ki gen jodi a sanble ak konba gladyatè ki te konn fèt nan tan lontan yo?
-
Nan videyo a, ki sa Danny te aprann sou detant?
Li Women 12:9, epi reponn kesyon sa a:
-
Ki jan vèsè sa a kapab ede w lè w ap chwazi detant?
Bay kèk bagay Jewova rayi. Li Pwovèb 6:16, 17 ak Galat 5:19-21. Lè w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:
-
Nan tout bagay pasaj sa yo site yo, ki bagay nou jwenn nan detant ki gen jodi a?
Kèk kesyon ki ka ede w byen chwazi detant w ap pran
Mande tèt ou:
-
Ki sa l gen ladan l? Èske l gen bagay Jewova rayi ladan l?
-
Nan ki moman m chwazi detann mwen? Èske l pran nan tan pou m fè aktivite ki pi enpòtan yo?
-
Ak kiyès m ap detann mwen? Èske l fè m vin pwòch ak moun ki pa renmen Jewova oswa èske l fè m toujou ap pran kontak avèk yo?
Li pi bon pou w rete lwen danje otan sa posib. Se sa k fè ou dwe rete lwen kèlkeswa detant ou sispèk ki pap bon pou ou.
4. Byen sèvi ak tan w
Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
-
Byenke frè ki nan videyo a pa t ap gade anyen ki mal, ki sa k te vin yon pwoblèm pou li?
Li Filipyen 1:10, epi reponn kesyon sa a:
-
Ki jan vèsè sa a kapab ede nou deside ki kantite tan n ap pase nan detant?
5. Byen chwazi detant w ap pran
Se vre, gen kèk detant ki pa fè Jewova plezi, men gen anpil lòt bagay ki fè l plezi. Li Eklezyas 8:15 ak Filipyen 4:8, epi reponn kesyon sa a:
-
Ki bon detant ou renmen pran?
GEN MOUN KI DI: “Pa gen anyen mal pou m pran detant ki vyolan, ki imoral oubyen ki gen pratik ki gen rapò ak movèzespri depi m pap fè bagay sa yo.”
-
Ki sa w t ap di?
SA W TE APRANN
Jewova vle pou w chwazi bonjan detant.
Revizyon
-
Ki detant kretyen yo dwe evite?
-
Poukisa nou dwe veye sou kantite tan n ap pase nan detant?
-
Poukisa w vle chwazi detant ki fè Jewova plezi?
APRANN PLIS
Egzamine kiyès ki dwe chwazi detant pou ou.
“Èske gen kèk fim, kèk liv oswa kèk mizik Temwen Jewova yo entèdi?” (Atik sou Entènèt)
Gade ki jan w ka pran bonjan desizyon anrapò avèk detant w ap pran oswa aktivite w ap fè pou w rilaks ou.
“Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?” (Toudegad 15 oktòb 2011)
Gade poukisa yon mesye te chanje kalite detant li te konn ap pran yo nan istwa sa a: “Mwen te menm sispann gen prejije”.
Gade ki jan yon manman te pran bon desizyon anrapò ak detant ki gen rapò ak movèzespri.