CHAPIT NÈF
Fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li ka reyisi
1-3. Ki sa k fè kantite fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li vin ogmante, e ki efè sa genyen sou moun ki nan sitiyasyon sa a ?
YO DI fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li, se “ stil fanmi ki ogmante pi rapid ” Ozetazini. Sitiyasyon an menm jan nan anpil lòt peyi. Kantite rekò ki genyen nan divòs, nan separasyon, nan moun ki abandone fanmi yo, ak nan timoun ilejitim ki fèt, gen konsekans grav sou plizyè milyon paran ak timoun.
2 “ Mwen gen 28 an, mwen vèv e mwen gen de pitit. Mwen trè deprime paske mwen pa vle leve pitit mwen yo san yon papa. Mwen gen enpresyon pa gen pèsòn ki sousye de mwen. Timoun mwen yo wè m ap kriye souvan e sa gen efè sou yo. ” Se sa yon manman k ap leve pitit poukont li te ekri. Nonsèlman pifò paran k ap leve pitit poukont yo dwe lite ak jan de santiman sa yo tankou, kòlè, santiman kilpabilite, ansanm ak solitid, men tou yo dwe fè fas alafwa ak pwoblèm al travay deyò epi fè travay nan kay. Gen yon moun ki di : “ Yon paran k ap leve pitit poukont li tankou yon moun k ap jongle. Apre simwa antrènman, finalman ou rive jongle kat boul ansanm. Men apèn ou rive fè l, yon moun voye yon lòt boul ba ou ankò ! ”
3 Timoun ki grandi nan fanmi kote se yon sèl paran ki leve yo byen souvan gen pwòp lit pa yo. Petèt, yo dwe konbat kont yon bann santiman ki fò anpil ki anvayi yo akoz lanmò sibit yon paran oubyen akoz youn nan
paran yo ki kite kay la sanzatann. Absans yon paran sanble gen yon efè negatif ki pwofon sou anpil jèn.4. Ki jan nou fè konnen Jewova gen sousi pou fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li ?
4 Nan tan biblik yo te gen fanmi kote se te yon sèl paran ki t ap leve pitit li. Ekriti yo mansyone souvan “ tigason ki pa gen papa ” a ak “ vèv ” la (Egzòd 22:22 ; Detewonòm 24:19-21 ; Jòb 31:16-22). Jewova Dye pa t endiferan devan difikilte yo genyen. Gen yon salmis ki rele Bondye “ yon papa pou tigason ki pa gen papa yo e yon jij pou vèv yo ”. (Sòm 68:5.) Se sèten, jodi a, Jewova gen menm sousi a pou fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li ! Vrèman, Pawòl li bay prensip ki ka ede yo reyisi.
KONTWOLE TRAVAY NAN KAY LA
5. Ki pwoblèm paran k ap leve pitit poukont yo gen pou yo fè fas depi okòmansman ?
5 Ann konsidere travay dirije yon kay. Men sa yon dam divòse admèt : “ Gen anpil okazyon kote w ta swete gen yon gason bò kote w. Tankou lè machin ou kòmanse fè bri e ou pa konnen ki kote bri yo ap soti. ” Menm jan an tou, gason ki fèk divòse oubyen ki fèk pèdi madanm yo ka santi yo depase devan bann travay yo gen pou yo fè nan kay la kounye a. Dezòd ki gen nan kay la vin ajoute sou santiman enstabilite ak santiman ensekirite timoun yo genyen.
6, 7. a) Ki bèl egzanp “ madanm kapab ” yo pale nan liv Pwovèb la bay ? b) Lefètke yon paran k ap leve pitit poukont li akonpli responsablite li gen nan kay la avèk dilijans, ki jan sa itil pou kay la ?
6 Ki sa ki ka ede yo ? Sonje egzanp “ madanm kapab ” yo dekri nan Pwovèb 31:10-31 an. Divès kalite travay li fè ak kantite travay li fè remakab. Li achte, li vann, li koud, li fè manje, li envesti nan byen imobilye, li fè agrikilti epi li dirije yon biznis. Ki sekrè l te genyen ? Li te dilijan, li travay ta e li leve bonè pou l kòmanse aktivite l. Anplis de sa, li te byen òganize, li delege kèk travay e li fè kèk lòt travay ak pwòp men l pou l pran swen lòt moun. Se pa etonan dèske li te resevwa elòj !
7 Si w se yon paran k ap leve pitit poukont ou, byen akonpli responsablite ou genyen nan kay la. Chèche jwenn satisfaksyon nan travay sa a, piske sa ap kontribye pou ajoute sou jwa timoun yo. Sepandan, bonjan planifikasyon ak bonjan òganizasyon esansyèl. Bib la di : “ Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank. ” (Pwovèb 21:5). Yon papa k ap leve pitit poukont li di : “ Mwen gen tandans pa panse ak manje jiskaske m grangou. ” Men, an jeneral yon manje yo planifye alavans pou yo fè pi nourisan e li pi apetisan pase manje yo fè nan prese san okenn planifikasyon. Petèt, ou dwe aprann sèvi ak men w lòt fason ankò. Lè kèk manman k ap leve pitit poukont yo kontakte lòt zanmi ki gen konesans nan domèn nan, lè yo li liv ki bay konsèy pratik, e yo mande pwofesyonèl konsèy, yo vin anmezi pou yo fè penti, plonbri ak reparasyon senp nan machin.
8. Kòman timoun ki gen paran k ap leve yo poukont yo ka pote èd pa yo nan kay la ?
8 Èske li nòmal pou w mande timoun yo pou yo pote èd pa yo ? Gen yon manman k ap leve pitit poukont li ki fè remak sa a : “ Ou ta renmen fè bagay yo pi fasil pou timoun yo pou w ka konpanse absans lòt paran an. ” Moun ka konprann sa, men sa ka pa toujou nan enterè timoun yo. Nan tan biblik yo, yo te bay jèn ki te gen krentif pou Bondye yo travay apwopriye pou yo fè (Jenèz 37:2 ; Chan Salomon 1:6). Kidonk, malgre ou dwe veye pou w pa chaje timoun yo ak twòp travay, w ap montre w saj si w ba yo fè kèk travay tankou lave veso ak netwaye chanm yo. Poukisa nou pa fè kèk travay ansanm ? Sa kapab agreyab anpil.
DIFIKILTE POU W JWENN SA KI NESESÈ POU W VIV
9. Poukisa manman k ap leve pitit poukont yo fè fas ak pwoblèm ekonomik souvan ?
9 Pifò paran k ap leve pitit poukont yo gen difikilte pou yo rezoud pwoblèm ekonomik yo genyen, e jèn manman ki pa marye yo jeneralman twouve yo nan sitiyasyon ki patikilyèman difisil *. Nan peyi kote gen èd sosyal ki disponib, li ka saj pou yo itilize èd sa a, omwen pou jis lè yo jwenn yon travay. Bib la pèmèt kretyen yo itilize jan de dispozisyon sa yo lè sa nesesè (Women 13:1, 6). Vèv yo ak medam ki divòse yo rankontre menm pwoblèm yo. Anpil nan yo ki oblije rantre sou mache travay la apre yo fin pase yon pakèt ane ap travay lakay, souvan se sèlman travay ki pa byen peye yo ka jwenn. Gen lòt ki al suiv pwogram fòmasyon pou moun k ap chèche travay oubyen y al suiv kou ki pa dire twò lontan pou yo amelyore sitiyasyon yo.
10. Kòman yon manman k ap leve pitit poukont li ka esplike yo poukisa li dwe chèche yon travay pwofàn ?
10 Pa etone si pitit ou yo pa kontan dèske w ap chèche travay, e pinga ou santi w koupab. Okontrè, esplike yo poukisa ou dwe travay, epi ede yo konprann Jewova mande w pou w travay pou w pran swen yo (1 Timote 5:8). Avèk letan, pifò timoun vin abitye ak sa. Sepandan, fè efò pou w pase plis tan ak yo selon jan pwogram ou ki chaje a pèmèt ou. Yon atansyon chaje lanmou konsa ka kontribye tou pou redui efè kontrent ekonomik fanmi an kapab ap fè fas. — Pwovèb 15:16, 17.
KIYÈS K AP PRAN SWEN LÒT ?
11, 12. Ki limit paran k ap leve pitit poukont yo dwe prezève, e kòman yo ka fè sa ?
11 Li natirèl pou paran k ap leve pitit poukont yo sitou pwòch ak timoun yo, men, y ap veye pou yo pa depase limit Bondye mete nan relasyon ant paran ak pitit. Pa egzanp, ka gen gwo pwoblèm ki rive si manman an atann pou pitit gason l genyen andose responsablite chèf fanmi an, oubyen si l konsidere pitit fi l kòm konfidan li pou l vin chaje tèt li ak pwoblèm entim li genyen. Fason d aji sa a pa apwopriye, l ap bay timoun nan strès e petèt li ka lage l nan konfizyon.
12 Bay timoun yo asirans se ou menm antanke paran k ap pran swen yo, se pa yo menm ki pou pran swen w (gade 2 Korentyen 12:14). Pafwa, w ap bezwen kèk konsèy oubyen sipò. Chèche sa nan men ansyen yo oubyen nan men kretyèn ki gen matirite, se pa nan men timoun yo pou w al chèche sa. — Tit 2:3.
KONTINYE BAY DISIPLIN
13. Anrapò ak disiplin, ki pwoblèm yon manman k ap leve pitit poukont li ka rankontre ?
13 Yon gason ka pa gen gwo difikilte pou yo pran l oserye lè l ap bay disiplin, men yon fi ka gen pwoblèm nan domèn nan. Gen yon manman k ap leve pitit poukont li ki di : “ Pitit gason m yo gen kò ak vwa gason ki majè. Pafwa li difisil pou mwen pou m pa parèt endesi oubyen fèb an konparezon ak yo. ” Mete sou sa, ou ka toujou nan lapèn akoz lanmò konjwen w ou te renmen, oubyen petèt ou ka santi w koupab oswa ou an kòlè akoz maryaj ou ki kraze. Si ou menm ak ansyen konjwen w, legalman nou chak gen tou pa nou pou nou gade timoun yo, petèt, ou ka pè pou timoun yo pa plis prefere konpayi pa l pase pa w. Sitiyasyon konsa ka fè li difisil pou w bay yon disiplin ki ekilibre.
14. Kòman paran k ap leve pitit poukont yo ka toujou gen yon pwennvi ekilibre sou disiplin ?
14 Bib la di “ yon tigason ki lage lib gen pou l fè manman l wont ”. (Pwovèb 29:15.) Sonje, ou gen sipò Jewova Dye pou w etabli règ e pou w fè respekte yo nan fanmi an, poutèt sa, pinga w sede devan santiman kilpabilite, remò oubyen laperèz (Pwovèb 1:8). Pa janm fè konpwomi ak prensip biblik yo (Pwovèb 13:24). Fè efò pou w rezonab, pou w konsekan e pou w fèm. Avèk letan, pifò timoun yo ap reyaji byen. Toutfwa, li bon pou w pran santiman pitit ou yo an konsiderasyon. Gen yon papa k ap leve pitit poukont li ki di : “ Mwen tanpere disiplin mwen bay ak konpreyansyon akoz chòk lanmò manman yo. Mwen pale ak yo nan tout okazyon. Nou gen ‘ ti moman entim ’ nou lè n ap prepare soupe ansanm. Se nan moman sa a, yo vrèman rakonte m ti afè yo. ”
15. Ki sa yon paran divòse dwe evite lè l ap pale de ansyen konjwen l ?
*.
15 Si w se yon moun divòse, ou pap akonpli anyen ki bon lè w fè timoun yo vin manke respè pou ansyen konjwen w. Diskisyon ant paran fè timoun soufri e finalman sa ap fè yo manke respè pou nou toule de. Konsa, evite fè yo remak ki blesan tankou : “ Ou egzakteman menm jan ak papa w ! ” Kèlkeswa mal ansyen konjwen w te fè w, li toujou papa pitit ou oubyen manman pitit ou, e timoun nan bezwen lanmou, atansyon ak disiplin nan men nou toule de paran yo16. Nan kay kote se yon paran k ap leve pitit poukont li, ki dispozisyon espirityèl ki dwe fè pati disiplin nan ?
16 Jan nou te wè sa nan chapit anvan yo, ki di disiplin, di fòmasyon ak enstriksyon, pa sèlman pinisyon. Moun ka evite anpil pwoblèm grasa yon bon pwogram fòmasyon espirityèl (Filipyen 3:16). Asiste reyinyon yo regilyèman se yon bagay ki trèzenpòtan (Ebre 10:24, 25). Se menm bagay la tou pou yon etid biblik an fanmi chak semèn. Se vre, li pa fasil pou w toujou fè yon etid konsa regilyèman. Men sa yon manman ki sousye de pitit li di : “ Apre yon jounen travay, ou vrèman ta renmen pran repo. Men mwen prepare m mantalman pou m etidye ak pitit fi m nan, piske m konnen se yon bagay ki nesesè. Li vrèman renmen etid familyal nou an ! ”
17. Ki sa nou aprann nan bonjan edikasyon Timote, konpayon Pòl la, te resevwa ?
17 Li klè, Timote, ki te konpayon apot Pòl, te resevwa enstriksyon sou prensip ki nan Bib la nan men manman l ak grann li, sandout se pa t papa l ki te ba l enstriksyon sa a. Poutan, ala yon kretyen remakab li te vin ye (Travay 16:1, 2 ; 2 Timote 1:5 ; 3:14, 15) ! Menm jan an tou, ou ka espere jwenn bon rezilta, depi w fè efò pou w leve pitit ou yo “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”. — Efezyen 6:4.
RANPÒTE LAVIKTWA NAN BATAY KONT SOLITID LA
18, 19. a) Ki sa k ka fè yon paran k ap leve pitit poukont li santi solitid ? b) Ki konsèy yo bay pou ede yo metrize dezi seksyèl yo ?
18 Yon paran k ap leve pitit poukont li deklare avèk 1 Timote 5:11, 12.) Sa ta tris pou yon moun ta kite dezi chanèl li pran pye sou aktivite espirityèl yo. — 1 Timote 5:6.
tristès : “ Lè m antre lakay e mwen wè kat mi sa yo, sitou apre timoun yo fin al nan kabann yo, solitid vrèman anvayi m. ” Annefè, souvan, solitid se pi gwo pwoblèm yon paran ki poukont li ap fè fas. Li natirèl pou w anvi gen konpayi kòdyal ansanm ak bonjan entimite maryaj ofri a. Men, èske yon moun dwe chèche rezoud pwoblèm sa a koutkekout ? Nan epòk apot Pòl la, gen kèk jèn vèv ki te kite “ dezi seksyèl yo vin twouve yo ant yo menm ak Kris ”. (19 Gen yon kretyen ki di : “ Dezi seksyèl yo trè fò, men ou ka kontwole yo. Lè yon lide pase nan lespri w ou pa dwe rete sou li. Ou dwe chase l. Panse ak timoun yo ap ede w tou. ” Pawòl Bondye a bay konsèy sa a : ‘ Fè manm kò w mouri anrapò ak apeti seksyèl. ’ (Kolosyen 3:5). Si w t ap eseye diminye apeti w nan manje, èske w t ap li jounal ki gen foto manje apetisan ladan l, oubyen èske w t ap frekante moun ki toujou ap pale de manje ? Pa ditou ! Menm bagay la vre tou anrapò ak dezi chanèl yo.
20. a) Ki danje ki menase moun ki renmen ak enkwayan ? b) Ni nan premye syèk la ni jodi a, ki sa moun ki poukont yo fè pou yo konbat solitid ?
20 Gen kèk kretyen ki tonbe nan renmen ak enkwayan (1 Korentyen 7:39). Èske sa rezoud pwoblèm yo ? Non. Gen yon kretyèn divòse ki di : “ Gen yon bagay ki pi rèd pase lè w poukont ou. Se lè w mal marye ! ” Sandout, kretyèn ki te vèv nan premye syèk la te gen moman solitid, men, sa ki te saj yo te rete okipe, yo te konn ‘ resevwa etranje, lave pye moun ki sen yo, ede moun ki nan tribilasyon ’. (1 Timote 5:10.) Jodi a, kretyen fidèl ki tann anpil ane pou yo jwenn yon konjwen ki gen krentif pou Bondye rete okipe menm jan an tou. Gen yon kretyèn vèv ki gen 68 an ki pran inisyativ vizite lòt vèv lè l santi l sèl. Li di : “ Mwen rann mwen kont lè m fè vizit sa yo, lè m netwaye kay mwen, e lè m veye sou espirityalite m, mwen pa gen tan pou m santi m sèl. ” Anseye lòt moun sou Wayòm Bondye a se yon bon aktivite ki patikilyèman pwofitab. — Matye 28:19, 20.
21. Kòman lapriyè ak bon konpayi ka ede yon moun venk solitid ?
21 Se vre, pa gen remèd mirak pou geri solitid. Men 1 Timote 5:5.) Siplikasyon se priye sensèman, se mande èd avèk ensistans, petèt ak gwo rèl, ak dlo nan je (gade Ebre 5:7). Lè w vide kè w bay Jewova “ lannuit kou lajounen ” sa ka vrèman ede w. Mete sou sa, bonjan konpayi ka fè anpil pou konble vid solitid la. Grasa bon konpayi, yon moun ka jwenn “ bon pawòl ” ankourajman Pwovèb 12:25 pale a.
moun ka andire l grasa fòs Jewova bay. Yon kretyen ap jwenn fòs sa a lè li “ pèsevere nan siplikasyon ak lapriyè lannuit kou lajounen ”. (22. Ki panse k ap ede yon moun lè santiman solitid la reparèt lakay li tanzantan ?
22 Si santiman solitid la reparèt tanzantan, jan li pwobab pou sa fèt, sonje pa gen moun k ap mennen yon vi ideyal. Anfèt, “ tout kominote frè nou yo ” ap soufri yon fason oubyen yon lòt (1 Pyè 5:9). Evite plede panse sou jan sa te ye anvan (Eklezyas 7:10). Konsantre w sou avantaj sitiyasyon w lan gen ladan l. Avantou, detèmine pou w kenbe entegrite w e pou w fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.
FASON LÒT MOUN KA POTE ÈD PA YO
23. Ki responsablite lòt kretyen yo genyen anvè paran nan kongregasyon an k ap leve pitit poukont yo ?
23 Sipò ak èd lòt kretyen yo trèzenpòtan. Jak 1:27 di : “ Adorasyon ki pwòp e ki san tach selon Bondye, Papa nou an, men li : pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo. ” Wi, kretyen yo gen obligasyon pou yo ede fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li. Ki fason pratik yo ka fè sa ?
24. Site divès fason yo ka ede fanmi kote se yon paran ki nan nesesite k ap leve pitit poukont li.
24 Yo ka ba yo èd materyèl. Bib la di : “ Yon moun ki gen mwayen nan monn sa a e ki wè frè l nan nesesite e malgre sa li fèmen pòt konpasyon l ak tandrès li sou li, ki jan pou lanmou Bondye a rete nan li ? ” 1 Jan 3:17). Mo grèk orijinal lè l tradui ki bay “ wè ” a pa vle di yon senp koudèy, men se yon gade pwolonje ki fèt volontèman. Sa siyifi yon kretyen ki gen bonte ta dwe chèche byen konnen sitiyasyon yon fanmi ansanm ak bezwen l dabò. Petèt yo bezwen kòb. Gen kèk ki ka bezwen yo fè reparasyon nan kay yo pou yo. Oubyen tou senpleman yo ka apresye pou lòt moun envite yo nan yon repa oubyen nan yon detant y ap fè an gwoup.
(25. Kòman lòt kretyen ka montre konpasyon pou paran k ap leve pitit poukont yo ?
25 Anplis de sa, 1 Pyè 3:8 di : “ Se pou nou tout gen menm panse, pou nou montre nou gen senpati, pou nou gen afeksyon fratènèl, pou nou gen konpasyon ak tandrès. ” Yon manman k ap leve sis pitit poukont li di : “ Sa di, e pafwa moral mwen ba. Sepandan, tanzantan, gen yon frè oubyen yon sè ki di m : ‘ Johanna, w ap fè yon bon travay. Sa gen pou pote bon rezilta. ’ Konnen sèlman ou konnen gen lòt moun k ap panse avè w e yo gen sousi pou ou sa ankouraje w. ” Kretyèn ki pi aje yo ka pote yon èd ki patikilyèman efikas pou jèn medam k ap leve pitit poukont yo, si yo koute avèk atansyon lè yo gen pwoblèm ki ka difisil pou yo pale ak yon gason.
26. Kòman kretyen ki gen matirite yo ka ede timoun ki pa gen papa yo ?
26 Gason ki kretyen yo ka pote èd pa yo lòt fason. Jòb, yon òm jis, te di : “ Mwen te delivre [...] tigason ki pa gen papa a ansanm ak nenpòt moun ki pa t gen pèsòn pou ede l. ” (Jòb 29:12). Menm jan an tou jodi a, gen kèk kretyen ki enterese nan timoun ki pa gen papa yo avèk bon entansyon e yo demontre bonjan “ lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp ”, san yo pa gen lòt panse dèyè tèt yo (1 Timote 1:5). San yo pa neglije pwòp fanmi yo, tanzantan, yo ka pran dispozisyon pou yo patisipe nan ministè a ak jèn sa yo e yo ka envite yo tou pou yo asiste etid familyal oubyen detant yo òganize. Yon bonte konsa ka byen sove yon timoun ki pa gen papa ki ta soti pou l pran yon move pant.
27. Ki jan de sipò paran k ap leve pitit poukont yo ka benefisye ?
27 Natirèlman, se paran k ap leve timoun poukont yo a, finalman, ki gen responsablite pou yo ‘ pote pwòp chay pa yo ’. (Galat 6:5.) Toutfwa, yo ka benefisye lanmou frè ak sè ki kretyen parèy yo ansanm ak lanmou Jewova Dye li menm. Anpalan de Jewova, Bib la di : “ Li ede tigason ki pa gen papa a ak vèv la. ” (Sòm 146:9). Grasa sipò l ki chaje lanmou, fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li ka reyisi !
^ § 9 Si yon jèn kretyèn tonbe ansent akoz li gen yon konduit imoral, sètènman, kongregasyon an pap aksepte sa l fè a. Men, si l repanti, ansyen yo oubyen lòt moun ki nan kongregasyon an gendwa ofri l èd yo.
^ § 15 Nou pap pale de sitiyasyon kote yon timoun ka bezwen yo pwoteje l kont yon paran k ap maltrete l. Anplis de sa, si lòt paran an ap eseye diminye otorite w, petèt, nan objektif pou l konvenk timoun yo pou yo kite w, l ap bon pou w pale sa ak zanmi ki gen eksperyans, tankou ansyen nan kongregasyon an, pou yo ba w konsèy sou sa w ka fè pou w fè fas ak sitiyasyon an.