JÒJI | 1924-1990
Premye moun ki t ap chèche laverite
DEPI nan kòmansman ane 1920 yo, Etidyan Labib yo te fè anpil efò pou yo jwenn moun sensè k ap chèche laverite nan peyi Jòji. Nan ane 1924, Etidyan Labib yo te ouvè yon biwo nan vil Bewout nan peyi Liban pou yo te kapab dirije travay predikasyon an nan Ameni, Jòji, Siri ak Tiki.
Petèt se nan epòk sa a yo te kòmanse simen verite a nan Jòji men, okòmansman, rezilta yo pa t parèt aklè (Mat. 13:33). Men, avèk letan, mesaj Wayòm nan te vin gaye nan peyi a, e sa te vin pèmèt anpil moun fè gwo chanjman nan lavi yo.
Li te swaf jistis
Vaso Kveniashvili te adolesan lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate. Etandone Jòji te fè pati Inyon sovyetik,
papa l te resevwa lòd pou l antre nan lame sovyetik la, e nan menm epòk sa a, manman l mouri. Kòm se Vaso ki te pi gran, li te santi l oblije vòlè pou l ka okipe tèt li ak frè ak sè l yo.Li te vin fè pati yon gang, e konsa konsa li te vin antre fon nan krim òganize. Li di: “Mwen te santi gen plis jistis pami kriminèl yo pase nan gouvènman an oswa nan sosyete a.” Men, sa pa t pran tan pou Vaso te vin rann li kont lèzòm pa ka bay jistis li t ap chèche a. Li te swaf pou l jwenn jistis.
Rive yon lè, yo te arete Vaso pou aktivite kriminèl li t ap mennen e yo te voye l ann egzil an Siberi nan yon kan travo fòse. Nan kan sa a, li te rankontre yon mesye
yo te met nan prizon paske l Temwen Jewova. Men sa Vaso di: “Mwen te resi jwenn sa m t ap chèche a. Nou pa t gen okenn piblikasyon, men mwen te fè anpil efò pou m aprann mezi sa m kapab nan men frè a.”Yo te vin lage Vaso nan ane 1964. Li te retounen Jòji, e li te chèche Temwen Jewova yo. Pandan tan sa a, li te toujou ekri Temwen li te rankontre nan prizon an. Malerezman, frè fidèl sa a te vin mouri, e konsa Vaso te pèdi tout kontak ak pèp Bondye a. Li te oblije tann ventan anvan l gen kontak ak Temwen yo ankò. N ap pale plis de frè Vaso pi devan.
Difikilte ki te vin tounen yon benediksyon
Gen yon jèn dam nan peyi Jòji ki rele Valentina Miminoshvili yo te mete nan prizon nan yon kan konsantrasyon Nazi, men sa te vin tounen yon benediksyon pou li. Se nan kan an li te premye rankontre Temwen Jewova yo.
Sa ki te plis enpresyone l se lafwa solid yo te genyen. Sa yo t ap anseye l nan Bib te vrèman touche kè l.Lè l te retounen lakay li apre gè a, li te kòmanse pataje sa l t aprann yo ak lòt moun. Men, sa te atire atansyon otorite yo e yo te kondane l pou l pase dizan nan yon kan travo fòse nan peyi Risi. Se la li te rankontre Temwen Jewova yo ankò, e pi devan, li te vin batize.
Apre yo te fin lage Valentina nan ane 1967, li t al rete nan pati lwès Jòji. Li te rekòmanse preche, men li te fè sa san l pa t atire atansyon moun. Li pa t panse se li ki t ap vin repons yon priyè yon moun te fè ak tout kè l.
Jewova reponn priyè l yo
Nan ane 1962, sè Antonina Gudadze te kite Siberi pou l al Jòji nan peyi mari l paske mari a, ki pa Temwen, te deside retounen nan peyi l. Antonina se moun Siberi, e se la li te aprann laverite grasa Temwen ki te ann egzil nan peyi sa a. Men, li te vin pa gen kontak ak okenn Temwen paske li t ap viv Kachouri, yon vil nan lès Jòji.
Antonina sonje jan Jewova te reponn priyè l yo, men sa l di: “Yon jou m te resevwa yon komisyon manman m te voye pou mwen ki sot Siberi. M te jwenn kèk piblikasyon biblik li te byen kache anndan sa l te voye a. Se konsa mwen te kontinye resevwa manje espirityèl pandan sis ane ki te vin apre yo. Chak fwa m jwenn yo, mwen te toujou di Jewova mèsi pou jan l ban m direksyon nan domèn espirityèl, pou jan l ankouraje m epi pran swen m.”
Men, Antonina te poukont li, men sa l di: “M t ap mande Jewova pou l fè m jwenn ak frè ak sè m yo ankò. Yon jou, de medam te antre nan magazen kote m t ap
travay la. Yo te mande m: ‘Se ou ki Antonina a?’ Jantiyès ki te parèt sou figi yo a te fè m konprann se te sè espirityèl mwen yo te ye. Nou te bay akolad e nou te tonbe kriye.”Valentina Miminoshvili se te youn nan sè yo. Se pa ti kontan Antonina te kontan lè l aprann yo te konn fè reyinyon nan lwès Jòji! Yon fwa pa mwa, li te konn fè plis pase 300 kilomèt ap vwayaje pou l al nan reyinyon yo.
Laverite pran rasin nan lwès Jòji
Nan ane 1960 yo, nan kèk pati nan Inyon sovyetik la otorite yo te konn pèsekite Temwen Jewova yo e gen nan Temwen yo ki te oblije deplase al rete nan zòn kote bagay yo te yon ti jan pi bon. Vladimir Gladyuk, yon frè ki te zele, te youn nan moun sa yo. An 1969, li te kite Ikrèn pou l al viv nan vil ki rele Zougdidi a, ki nan lwès peyi Jòji.
Okòmansman, Temwen ki te vin Jòji yo te fè reyinyon yo nan lang ris. Kòm te vin gen plis moun Jòji ki te asiste reyinyon yo, yo te pran dispozisyon pou fè reyinyon
yo an jòjyen. Yo te tèlman jwenn bon rezilta nan travay fè disip la, ann out 1970, te gen 12 moun ki te batize.Nan prentan ane 1972, Vladimir ak fanmi l te deplase al rete plis nan lwès, nan vil ki rele Sokoumi an ki sou kot Lanmè Nwa. Vladimir rakonte: “Nou te santi nou rich nan domèn espirityèl e nou te gen Jewova rekonesans pou tout benediksyon l te ban nou. Kongregasyon an te grandi byen vit.” Nan ane sa a, se te premye fwa nou te fè Memoryal nan Sokoumi e te gen 45 moun ki te asiste l.
“Mwen te byen pran san m pou m koute”
Babutsa Jejelava, ki nan 90 an yo kounye a, te youn nan premye moun ki te aksepte laverite nan Sokoumi
nan kòmansman ane 1973. Li di: “Yon jou, m te wè kat medam ki te nan yon konvèsasyon ki chofe. De ladan yo se te mè òtodòks, e m te vin aprann lòt medam yo se Temwen Jewova.” Youn nan sè yo rele Lyuba, e se madam Vladimir Gladyuk, lòt sè a rele Itta Sudarenko, yon pyonye zele nan peyi Ikrèn.Babutsa sonje jan l te santi l lè l te tande konvèsasyon an, men sa l di: “Mwen te byen pran san m pou m koute.” Lè l te tande Bondye gen yon non, lamenm li antre nan konvèsasyon an e l te mande wè non an nan Bib la. Li te tèlman ap poze kesyon, konvèsasyon an te dire twazèdtan.
Babutsa t ap mande tèt li si l ap janm wè Temwen yo ankò, se sa k fè li mande yo: “Èske nou prale kite m vre?”
Sè yo reponn: “Non, nou pap kite w, n ap retounen lòt samdi.”
Se pa ti kontan Babutsa te kontan lè l te wè sè yo vin vizite l nan jou samdi a! Yo te tou kòmanse yon etid biblik lapoula. Nan fen etid la, Babutsa te bezwen asire l li pa t ap pèdi kontak ak pèp Bondye a. Li te di tèt li: ‘Mwen jwenn moun mwen t ap chèche yo. Donk, m ap fè tout sa m kapab pou m pa pèdi yo.’
Gen yon ide ki te pase nan tèt Babutsa. Men sa l di: “Mwen te konnen Lyuba te marye, donk m te mande Itta si l te marye tou. Li te di m non li pa t marye. M te di l: ‘Ebyen, vin ret lakay mwen! M gen de kabann ak yon lanp. Nou ka mete Bib la bò lanp lan epi n ka pale menm pandan lannuit.’” Itta te aksepte envitasyon an e li te bwote al rete nan kay Babutsa a.
Men sa Babutsa te di lè l t ap sonje moman sa a: “Gendelè m pa t dòmi paske m te pase nuit lan ap medite sou sa m t aprann yo. Sanzatann yon kesyon konn vin nan tèt mwen, e m leve Itta, e m di l: ‘Itta, pran bib ou, mwen gen yon kesyon!’ Lè konsa Itta fwote je l epi l di: ‘Oke, zanmi m.’ Epi li ouvri bib li pou l montre m repons lan.” Twa jou sèlman apre Itta te fin bwote, Babutsa te kòmanse preche bon nouvèl la.
Babutsa te gen yon bon zanmi ki rele Natela Chargeishvili. Babutsa di: “Mwen te panse lefètke l te rich, sa te ka anpeche l aksepte laverite, men m byen kontan m te twonpe m. Depi premye fwa nou pale sou Bib la, laverite te kòmanse bouyi nan kè l”. Anvan lontan, toule de te kòmanse pale sou Bib la ak zanmi yo, kòlèg travay yo ak vwazen yo.